Vini, Suiv Mwen
16–22 Novanm. Etè 6–11: “Pou mal la ka aboli”


“16–22 Novanm. Etè 6–11: ‘Pou mal la ka aboli,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“18-24 Novanm. Etè 6–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
bato Jaredit yo sou lanmè a

M ap fè w remonte soti nan pwofondè yo, pa Jonathan Arthur Clarke

16–22 Novanm.

Etè 6–11

“Pou mal la ka aboli”

Ide nan plan leson sa yo se pa enstriksyon yo ba ou pou w suiv. Yo la pou reveye kreyativite ou epi pou envite enspirasyon.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Itilize imaj ki nan plan leson semèn sa a ak plan leson semèn pase yo nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pou ede timoun yo repase sa yo te aprann sou Jaredit yo k ap travèse lanmè a. Kite chak gwoup pran tou pa yo pou pataje sa yo konnen.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Etè 6:2-12

Pè Selès la ka rekonfòte m lè m pè.

Siman sa te efreye Jaredit yo lè yo “t ap monte desann sou lanm lanmè yo devan van an” (Etè 6:5). Men Senyè a te kenbe yo an sekirite epi l te ede yo. Kijan w ka ede timoun yo vire jwenn Senyè a lè yo pè?

Aktivite posib

  • Pandan w ap itilize mo ak fraz nan Etè 6:2–12 yo, dekri vwayaj Jaredit yo sou lanmè a pou timoun yo. Envite yo pou yo pretann ke y ap monte nan bato yo epi pretann ke bato yo a ap bouje epi yo kouvri anba vag lanmè yo. Kijan nou t ap santi nou si nou te nan yon vrè bato nan yon lanmè ajite? Kisa nou ka fè lè nou pè? Li vèsè 7 ak 9 yo ansanm pou n wè kisa Jaredit yo te fè lè yo te pè.

  • Rakonte yo yon moman kote w te pè epi Pè Selès la te rekonfòte ou. Pale yo de yon kantik oubyen yon chan ki ede w “remèsye Senyè a epi louwe li” (Etè 6:9) pou èd li. Fè timoun yo pataje chan Primè favori yo, epi chante kèk ladan yo ansanm.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo fè bato an papye. Eksplike yo ke bato yo te ede Jaredit yo rete an sekirite menmm lè dlo te antoure yo (gade Etè 6:7, 10). Kisa Pè Selès la ba nou pou kenbe nou an sekirite nan vwayaj pou nou retounen al jwenn ni an?

Etè 6:9, 12, 30; 7:27; 10:2

Mwen ka rekonesan.

Lè yo te rive nan tè pwomiz la, Jaredit yo te sitèlman rekonesan ke yo te “vèse dlo lajwa” (Etè 6:12). Kijan w ka ankouraje yon espri rekonesans nan timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Li kèk fraz nan Etè 6:9 ak 12 la pou timoun yo pou anseye yo kijan Jaredit yo te montre rekonesans yo anvè Senyè a paske l te ede yo rive nan tè pwomiz la. Mande yo pou yo site kèk bagay ki fè yo rekonesan. Jan Jaredit yo te fè a, chante yon chak ki eksprime rekonesans ou, tankou “Merci, ô mon Père divin” (Chants pour les enfants, 7).

  • Li pou timoun yo Etè 10:2 pou montre yo ke menm plizyè ane apre, Jaredit yo te sonje kijan Senyè a te ede zansèt yo travèse lanmè a. Ede yo panse a fason Senyè a te beni yo. Apresa fè yo desine foto pou raple yo benediksyon sa yo (oubyen ede yo chwazi nan kèk foto w pote, petèt nan yon revi Legliz la).

Etè 7:24-27

Mwen beni lè m suiv pwofèt la.

Liv Etè a klèman montre ke lè Jaredit yo te suiv pwofèt yo, yo te beni, epi lè yo te rejte pwofèt yo, lavi yo te vin difisil. Panse a kèk fason w ka ede timoun yo wè ke menm bagay la vrè pou nou tou.

Aktivite posib

  • Montre foto yon pwofèt vivan, epi mande timoun yo kisa yo konnen de li. Kisa yon pwofèt fè? Eksplike yo ke Jaredit yo te gen pwofèt tou, epi, chak fwa yo te suiv pwofèt la, yo te beni epi yo te gen kè kontan (gade Etè 7:24–27). Kijan nou ka suiv pwofèt la?

  • Chante ansanm yon chan sou pwofèt, tankou “Suis les prophètes” (Chants pour les enfants, 58–59; gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, tou nos. 4–27, 67–87). Pale timoun yo de kèk bagay pwofèt yo anseye nou pou nou fè (pa egzanp, li ekriti yo chak jou, sanktifye jou Saba a, oubyen sèvi lòt moun), epi envite yo pou yo mime ke y ap obeyi konsèy sa a pandan w ap di “Suiv pwofèt la!”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Etè 6:2-12

Mwen ka gen konfyans ke Pè Selès la ap gide m al nan lavi etènèl.

Istwa vwayaj Jaredit yo sou lanmè a ka konpare avèk vwayaj nou nan mòtalite a. Toulède vwayaj yo pafwa danjere epi yo mande lafwa ke Senyè a ap gide nou ak pwoteje nou.

Aktivite posib

  • Li ansanm Etè 6:2–12, pandan w ap fè yon ti poze tanzantan pou timoun yo ka fè desen sou sa y ap li yo. Kijan vwayaj Jaredit yo sanble ak lavi nou? Ede timoun yo idantifye epi note chak pati nan desen yo a ki ka reprezante lavi nou. Paregzanp, Jaredit yo ta ka reprezante nou. Bato yo ka reprezante fwaye nou, Legliz la, oswa levanjil la. Kisa van an, dlo a, wòch briyan yo, ak tè pwomiz la ta reprezante?

  • Ede yo chèche mo ak fraz nan Etè 6:2–12 la ki montre kijan Jaredit yo te kwè nan Bondye. Pataje egzanp sou fason konte sou Bondye te ede w pandan moman difisil nan lavi ou. Ankouraje timoun yo pou yo pataje menm kalite eksperyans la si yo genyen.

    Imaj
    Jaredit yo k ap vwayaje avèk bèt yo

    Vwayaj Jaredit yo ap travèse Azi, pa Minerva Teichert

Etè 6:30; 7:27; 10:2

Sonje sa Senyè a fè pou mwen ba n m lapè.

Yon bagay ki te distenge wa Jaredit jis yo avèk sa k te mechan yo sèke wa jis yo “te sonje gwo bagay Senyè a te fè” pou yo yo (Etè 7:27). Kijan w ka enspire timoun yo pou yo sonje sa Senyè a fè pou yo?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo li Etè 6:30; 7:27; ak 10:2 endividyèlman oubyen an ti gwoup pou yo ka jwenn kisa vèsè sa yo gen an komen. Di yo sa a santi pou sa Senyè a fè pou ou, epi envite yo pou yo fè menm bagay la tou.

  • Di yo kijan w eseye sonje fason Senyè a beni oumenm ak fanmi ou. Ede yo panse ak fason yo ka raple tèt yo sa Senyè a te fè pou yo. Ba yo chak yon moso papye, epi mande yo pou yo reflechi epi ekri yon bagay li te fè pou yo resamman. Sigjere ke yo pran abitid pou ekri benediksyon yo remake Senyè a ba yo (gade “O Sonje, sonje” [video, ChurchofJesusChrist.org]).

Etè 9:28–35; 11:5–8

Senyè a mizèrikòdye lè m repanti.

Malgre Jaredit yo te souvan rejte pwofèt yo epi yo te vin mechan, Senyè a te toujou padone yo lè yo te imilye tèt yo epi repanti.

Aktivite posib

  • Li Etè 9:28–35 ansanm, epi ede timoun yo panse ak twa oubyen kat ti fraz kout ki rezime sa k pase nan vèsè sa yo. Apresa li Etè 11:5–8, epi ede yo idantifye resanblans ant de istwa sa yo. Kisa nou aprann nan istwa sa yo?

  • Mande timoun yo pou yo panse ak lòt pèp nan Liv Mòmon an ki te imilye tèt yo epi yo te jwenn padon. Itilize foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pou ede yo sonje. Rann temwayaj ou ke Senyè a padone nou lè nou repanti sensèman.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo di fanmi yo yon bagay Pè Selès la te fè pou yo ki fè yo rekonesan.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje timoun yo pou yo kreyatif. “Lè w ap anseye timoun, kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, ak kreye. Bagay sa yo se plis pase aktivite ki amizan—yo esansyèl pou aprantisaj la” (Anseye nan Fason Sovè a, 25).