Vini, Suiv Mwen
6–12 Jiyè. Alma 30–31: “Pouvwa pawòl Bondye a”


“6–12 Jiyè. Alma 30–31: ‘Pouvwa pawòl Bondye a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“6–12 Jiyè. Alma 30–31,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Alma ap anseye Koriyò

Tout bagay demontre ke gen yon Bondye (Alma ak Koriyò), pa Walter Rane

6-12 Jiyè

Alma 30–31

“Pouvwa pawòl Bondye a”

Etidye Alma 30–31 avèk timoun w ap anseye yo nan lespri w. Pandan w ap medite sou fòs yo ak bezwen yo, Sentespri a ap ede w konn kijan pou w anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo pataje repons yo genyen pou kesyon tankou sa yo: Kilè nou dwe priye? Kisa pou nou di lè n ap priye? Èske yon moun ka di kijan Zoramit yo te konn priye oubyen kijan Alma te priye?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 30:44

Tout bagay temwaye de Bondye.

Alma te pale de bagay nan syèl la ak sou tè a ki temwaye ke Bondye vivan epi l ap dirije inivè a. Ki bagay ou ka ede timoun yo wè bò kote yo ki temwaye de Bondye?

Aktivite posib

  • Li Alma 30:44 pou yo, epi mande yo pou yo koute pou yo ka tande kisa Alma te di k ap ede nou konnen Bondye reyèl. Montre foto kèk nan bagay sa yo, epi mande yo pou yo deziyen foto yo lè w li kèk bagay sou yo nan vèsè a. Envite yo pou yo desine kèk bagay ki ka ede yo kwè nan Bondye.

  • Si posib, al fè yon ti mache deyò a avèk yo oubyen mande yo kanpe bò yon fenèt pandan w ap li Alma 30:44 la. Di yo montre w sa yo wè ki ede yo konnen Bondye reyèl. Paj aktivite semèn sa a ka ede tou.

  • Mande timoun yo pou yo chita an sèk epi chante ansanm yon kantik sou kreyasyon Bondye yo, tankou “Mon Père céleste m´aime” (Chants pour les enfants, 16–17) Pandan y ap chante a, mande yo pou yo fè yon objè, tankou yon boul, pase youn bay lòt. Lè mizik la rete, mande timoun ki kenbe objè a pou l di yon bagay Pè Selès la te kreye ke l rekonesan pou sa.

Alma 31:5

Pawòl Bondye a puisan.

Lè timoun yo ap panse sou puisans, yo gen dwa panse avèk bagay tankou ewo, rèn, oubyen wa. Ou ka ede yo konprann ke pawòl Bondye a pi puisan pase “tout lòt bagay” (Alma 31:5).

Aktivite posib

  • Desine yon epe sou tablo a. Li Alma 31:5 pou timoun yo, epi envite yo pou yo koute kisa Alma di ki pi puisan pase yon epe. Pataje yon eksperyans kote pawòl Bondye a te gen yon enfliyans puisan sou ou.

  • Chante yon chan sou ekriti yo ansanm, tankou “Ses paroles” (music.ChurchofJesusChrist.org), epi mande yo pou yo koute ki fason ekriti yo ede nou. Repete fraz “Pawòl Bondye a pi puisan pase …” a plizyè fwa, epi mande timoun yo pou yo ede w konplete fraz la.

Alma 31: 8–35

Pè Selès la tande priyè mwen.

Alma te santi l tris lè l te wè Zoramit yo ki t ap priye (gade Alma 31:24)—yo pa t kwè nan Jezikri epi yo te toujou ap repete menm priyè a nan yon andwa kote tout moun te ka wè yo (Alma 31:13–14). Men, priyè Alma a te enb epi l te montre lafwa nan Kris la.

Aktivite posib

  • Brèfman fè rezime istwa Alma a ak Zoramit yo pou timoun yo pandan w ap itilize vèsè ki nan Alma 31:8–35 yo. Ou gen dwa itilize “Chapit 28: Zoramit yo ak Rameyampton” ( Istwa Liv Mòmon yo, 78-80, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Montre yo diferans ki egziste ant priyè Zoramit yo ak priyè Alma a. Envite yo pou yo imajine ke yo te rankontre youn nan timoun Zoramit yo. Kisa yo t ap di pou yo te anseye l kijan pou l priye?

  • Ede yo idantifye sa Zoramit yo te di nan priyè yo (gade Alma 31:15–18) pandan y ap ede w bati yon tou Remeyampton avèk blòk ak wòch. Di yo ke se pa konsa nou dwe priye. Mande yo kijan nou dwe priye, epi fè yo retire yon blòk oswa yon wòch pou chak bagay yo mansyone.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 30

Liv Mòmon an avèti m kont fo ansèyman.

Fo ansèyman yo dekri nan Liv Mòmon yo ede nou rekonèt ak rejte kalite ansèyman sa yo nan epòk nou an.

Aktivite posib

  • Montre kèk bagay (tankou lajan oubyen manje) ak imitasyon jwèt sou bagay sa yo. Kiyès ladan yo timoun yo ta prefere genyen? Ede yo gade nan Alma 30:12–18 pou chèche mansonj ak fo ansèyman Koriyò te anseye osijè Bondye.

  • Ede yo idantifye masonj Koriyò te anseye yo epi ekri yo sou kèk moso papye pou w mete sou tablo a (gade Alma 30:12–18, 24). Mande yo pou yo gade nan Alma 30:32–35, pou yo ka wè kijan Alma te reponn pou mansonje Koriyò yo. Mande yo kijan yo ka konnen sa Alma te anseye yo se verite.

    Imaj
    Koriyò k ap pale avèk Alma

    Koriyò konfwonte Alma, pa Robert T. Barrett

Alma 31:5

Pawòl Bondye a pi puisan pase tout lòt bagay.

Kilè w konn santi puisans pawòl Bondye a? Reflechi sou ki fason eksperyans ou yo ta ka enspire timoun w ap anseye yo.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo panse ak yon bagay oubyen yon moun ki puisan, oubyen montre foto kèk bagay puisan. Kisa k fè bagay sa yo puisan? Li Alma 31:5 ansanm, epi mande yo pou yo panse a kisa vèsè sa a vledi. Nan ki fason pawòl Bondye a pi puisan pase yon epe? Kisa l gen pouvwa pou l fè?

  • Kontakte plizyè timoun alavans, epi mande yo pou yo panse ak yon eksperyans pou yo ta pataje nan klas la, kote ekriti yo oubyen yon diskou yon dirijan Legliz la te ede yo fè yon bon bagay. Poukisa pawòl Bondye a te fè yo anvi fè bon bagay?

  • Chante yon kantik sou pawòl Bondye a avèk yo, tankou “Quand je lis l’Ecriture sainte” oswa “Suis les prophètes” (Chants pour les enfants, 66, ou 58–59). Yo gen dwa chante “Ses paroles” tou, (music.ChurchofJesusChrist.org).

Alma 31: 8–35

Mwen ka enb.

Pami tout erè Zoramit yo te komèt yo, sanble sete ògèy yo ki te rann Alma espesyalman tris. Sa ka yon bon opòtinite pou w anseye timoun yo enpòtans imilite.

Aktivite posib

  • Ede yo konprann diferans ant ògèy ak imilite (gade “Ògèy” ak “Enb, Imilite” nan Gid Ekriti yo). Mande timoun yo pou yo pran tou pou yo chak li Alma 31:24–28. Oubyen li “Chapit 28: Zoramit yo ak Rameyampton” an ansanm (Istwa Liv Mòmon yo, 78–90). Pandan y ap li a, mande yo pou yo gade kisa k montre yo ke Zoramit yo te ògeye. Kijan Alma te montre ke l te enb? (gade Alma 31:30–33).

  • Divize timoun yo an gwoup, epi mande chak gwoup pou deside de yon repons pou kesyon tankou sa yo: Nan kisa Zoramit yo te mete kè yo? (gade Alma 31:24, 28). Nan ki kèk bagay nan mond lan moun yo mete kè yo jodia? Poukisa kèk moun panse ke yo pi bon pase lòt? Lè chak gwoup fin pataje yon repons, fè yo desine yon pati nan tou Rameyampton an. Apresa mande yo pou yo efase kèk pati nan tou a chak fwa yo panse a yon fason yo ka montre imilite.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo anseye fanmi yo yon bagay yo te aprann sou pouvwa pawòl Bondye a jodia.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo aprann nan ekriti yo. Menmsi timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou fè yo pran angajman pou yo aprann nan ekriti yo. Paregzanp, ou gen dwa li yon pasaj epi envite yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande yon mo oubyen yon fraz byen spesifik. Apresa ede yo konprann pawòl la oubyen fraz la. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 20–21.)