Vini, Suiv Mwen
22–28 Jen. Alma 17–22: “M ap fè w vin yon enstriman”


“22–28 Jen. Alma 17–22: ‘M ap fè w vin yon enstriman,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“22–28 Jen. Alma 17–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Amon ap pale avèk Wa Lamoni

Amon ak Wa Lamoni, tablo Scott M. Snow

22–28 Jen

Alma 17–22

“M ap fè w vin yon enstriman”

Menmjan Lamoni ak lòt moun nan istwa sa yo te fè eksperyans spirityèl ki te chanje lavi yo a, se menmjan tou timoun w ap anseye yo ka fè eksperyans spirityèl avèk ekriti yo ki ap gen yon enfliyans sou lavi yo pandan dèzane. Kenbe sa nan lespri w pandan w ap reflechi sou fason w pral anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre yo yon foto ki dekri yon evenman nan Alma 17–22 a (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Mande yo pou yo di w kisa yo wè nan foto a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 17–19.

M ka pataje levanjil la avèk lòt moun.

Kijan egzanp pitit gason Mozya yo ka enspire klas ou a pou yo pataje temwayaj yo avèk lòt moun?

Aktivite posib

  • Ede timoun yo mime istwa Amon an ki nan Alma 17–19 la. Ou gen dwa itilize “Chapit 23: Amon: Yon gwo sèvitè” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 64–68, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Si w panse timoun yo ap renmen sa, pote degizman ak bijou ki senp. Di yo kisa ou aprann nan istwa a, epi envite yo pou yo fè menm bagay la tou.

  • Montre timoun yo yon enstriman oubyen yon zouti epi eksplike yo a kisa l sèvi. Ki lòt zouti yo konnen? Mande yo pou yo pretann y ap itilize yon zouti. Eksplike yo ke menmjan nou itilize enstriman oswa zouti pou fè kèk bagay la, se menmjan tou Pè Selès la ka itilize nou pou fè travay li. Li Alma 17:11, epi eksplike yo ke Amon ak frè l yo sete enstriman nan men Pè Selès la pou l te ede Lamanit yo aprann levanjil la.

  • Envite yo pou yo kouri anplas epi pretann ke y ap frape nan kèk pòt pandan w ap rakonte yo istwa Abich ki t al de kay an kay pou l te pale moun yo de puisans Bondye (gade Alma 19:16–34). Ede timoun yo panse a kèk fason yo ka tankou Abich pou yo pataje levanjil la avèk lòt moun.

  • Envite timoun yo pou yo desine yomenm k ap pataje levanjil la avèk yon moun. Ede yo panse a kèk bagay byen presi yo ka pataje. Chante ansanm yon kantik sou pataje levanjil la, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants, 90). Ba yo opòtinite pou yo di kisa yo santi apwopo sa Amon te anseye yo.

Alma 17:21–25; 20:9–27

M ka ede lòt moun vin jwenn Kris la nan montre amou m pou yo.

Amou Amon ak sèvis li te adousi kè Wa Lamoni ak papa li. Ki leson timoun yo ka aprann nan istwa sa yo?

Aktivite posib

  • Fè rezime Alma 17:21–25 pou timoun yo, pandan w ap souliyon pou yo ke Amon te vle sèvi Lamoni. Mande yo pou yo pale de eksperyans kote yo te sèvi yon moun. Raple yo ke bon sèvis Amon yo te fè Wa Lamoni anvi aprann sou levanjil la (gade Alma 18:15–23). Envite yo pou yo panse a yon moun yo ka sèvi jodia, epi diskite sou fason yo ka sèvi moun sa a.

  • Rakonte yo istwa ki nan Alma 20:8–27 la. Ou gen dwa itilize “Chapit 24: Ammon rakontre papa Wa Lamoni” an nan (Istwa Liv Mòmon yo, 69–70, obyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Mande yo pou yo panse a kèk fason jès diferan yo ka fè chak fwa ou mansyone Amon, Lamoni, oubyen papa Lamoni. Fè yo remake ke youn nan rezon k te fè kè papa Lamoni te chanje a sete paske Amon te renmen Lamoni anpil. Envite yo pou yo desine foto yon bagay yo ka fè pou montre amou yo pou yon moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 17: 1–4

Temwayaj mwen grandi lè m li ekriti yo, lè m priye, ak jene.

Pitit gason Mozya yo te vin solid nan levanjil la epi yo te vin misyonè puisan paske yo te etidye ekriti yo, yo te priye, epi jene avèk dilijans. Menm bagay sa yo ka ede timoun w ap anseye yo tou.

Aktivite posib

  • Pote kèk bagay ki reprezante ekriti yo, priyè, ak jene, nan klas la, tankou yon liv ekriti, foto yon moun k ap priye, ak yon foto manje, epi eksplike yo kisa chak bagay yo reprezante. Li Alma 17:1–4, epi mande yo kijan bagay sa yo te ede pitit gason Mozya yo. Kijan li ekriti yo, priye, ak jene ede nou vin pi pre Pè Selès la?

  • Itilize endèks nan Chants pour les enfants an pou ede yo jwenn chan sou etid ekriti yo ak lapriyè. Chante kèk nan chan sa yo ansanm, epi ede timoun yo idantifye kisa chante yo anseye sou fason nou resevwa benediksyon lè nou fè bagay sa yo.

Alma 17–18; 22:1–3

M ka ede lòt moun vin jwenn Kris la nan montre amou m pou yo.

Dezi Amon pou l te vin sèvitè Lamoni an te finalman abouti nan posiblite pou l te anseye Lamoni lè kè l te louvri epi l te pare pou l te resevwa levanjil la.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo li vèsè nan Alma 17:21–39 yo ki rakonte istwa Amon k t ap sèvi Wa Lamoni an. Envite yo pou yo desine foto moun oubyen evenman nan istwa a epi apresa rakonte istwa a nan pwòp mo pa yo. Ede yo wè kijan sèvis Amon te gen enfliyans sou wa a (gade Alma 18:9–23). Kisa nou ka aprann nan istwa sa a sou fason pou n ede lòt moun vin anvi aprann plis sou levanjil la?

    Imaj
    Amon k ap sove twoupo wa a

    Minerva K. Teichert (1888–1976), Amon sove twoupo Wa a, 1935–1945, penti aluil sou masonite, 35 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young

  • Li Alma 22:1–3, epi mande timoun yo pou yo koute kijan bon egzanp Amon te fè efè sou papa Wa Lamoni. Mande yo pou yo panse ak yon moun yo konnen ki bezwen konnen levanjil la. Sigjere yo ke amou yo ak bon egzanp yo ka ede moun sa a wè kijan levanjil la gran. Ede yo panse a fason yo ka bon egzanp epi montre lanmou yo pou moun yo panse yo.

  • Envite yon misyonè aplentan oubyen yon misyonè k fèk sot fè misyon pou l vin pataje istwa Amon an ki nan Alma 17–18 la. Mande timoun yo pou yo di kisa yo aprann sou travay misyonè gras avèk Amon ak wòl sèvis te jwe nan efò yo. Diskite avèk yo sou fason yo ka suiv egzanp Amon an.

  • Ansanm nan klas la, fè yon lis sou tablo a sou bagay timoun yo ka fè pou yo sèvi manm fanmi yo. Ki fason sèvis sa yo ka beni tout fanmi an?

Alma 18:24–43; 19:16–34

M ka pataje levanjil la avèk lòt moun.

Kijan w ka itilize istwa ki nan vèsè sa yo pou enspire timoun yo pou yo vin misyonè tankou Amon ak Abich te ye a?

Aktivite posib

  • Montre yo foto ki reprezante kèk nan verite Amon te pataje avèk Wa Lamoni yo ke w ap jwenn nan Alma 18:24–40 (gade paj aktivite semèn sa a). Envite yo pou yo pretann yo se misyonè epi pataje sa yo konnen sou verite sa yo youn avèk lòt.

  • Li istwa Abich la avèk yo (gade Alma 19:16–20, 28–29). Envite yo pou yo chak fè tankou yo se Abich pandan y ap frape nan pòt klas la epi temwaye sou sa k te rive nan Alma 19:1–17 la. Kijan nou ka menmjan ak Abich epi temwaye de verite nou konnen yo.

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo fikse yon bi avèk fanmi yo pou yo pataje levanjil la avèk yon moun.

Amelyore ansèyman nou

Fè suivi sou envitasyon pou aji yo. Lè w envite timoun yo pou yo aji an fonksyon sa yo aprann yo, fè suivi sou envitasyon w lan nan pwochen klas la. Sa ap montre yo ke w sousye de fason levanjil la ap beni lavi yo. Pandan y ap pataje eksperyans yo, y ap fòtifye epi youn ap ede lòt viv levanjil la (gade Anseye nan fason Sovè a, 35).