Vini, Suiv Mwen
1–7 Jen. Alma 5–7: “Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”


“1–7 Jen. Alma 5-7: ‘Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“1–7 Jen. “Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Jezi kenbe yon mouton

Yo pa bliye nou, pa Jon McNaughton

1–7 Jen.

Alma 5–7

“Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”

Nan lapriyè, reflechi a prensip ki nan Alma 5–7 yo ke w santi ki espesyalman apwopriye pou timoun w ap anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo di sa yo sonje sa yo te aprann apwopo Alma, pitit la, kèk semèn pase. Eksplike ke, lè Alma te fin konvèti, li te anseye moun yo dè bagay enpòtan osijè levanjil la. Fè yo di kisa yo konnen osijè sa l te anseye yo.

Imaj
senbòl ansèyman

anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 5:44-48

M ka akeri pwòp temwayaj pa m atravè Sentespri a.

Timoun w ap anseye yo ka devlope pwòp temwayaj pa yo, menm pandan yo jèn nan.

Aktivite posib

  • Itilize foto Alma, pitit la (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 77) pou w ka repase istwa sou zanj lan k te vizite l la (gade Mozya 27). Apresa, mande timoun yo pou yo dekri kisa yon temwayaj ye, epi ede yo si nesesè. Eksplike yo ke Alma te travay pou l te akeri yon temwayaj apre zanj lan te vizite li. Li Alma 5:46 lantman, plizyè fwa, epi mande timoun yo pou yo koute pou yo ka wè kisa Alma te fè ak kijan l te vin konn verite a. (Ou gen dwa eksplike yo ke jene vledi rete san manje ak san bwè dlo.)

  • Montre yo foto kèk bagay ki grandi tikal pa tikal epi ki bezwen swen konstan, tankou yon plant oubyen yon bebe animal. Mande yo pou yo di kijan nou pran swen bagay sa yo epi n ede yo grandi. Raple yo ke nou dwe toujou pran swen temwayaj nou tou.

  • Itilize yon blad vid pou reprezante yon temwayaj epi soufle ladan l pou gonfle l chak fwa w di yon bagay ki ede temwayaj grandi. Mare blad la epi pase l bay timoun yo, pandan w ap mande yo pou yo pataje yon bagay yo ka fè pou ede temwayaj yo grandi. Envite yo pou yo desine yomenm k ap fè kèk bagay k ap fòtifye temwayaj yo.

Imaj
de gason ak ti bebe animal

Lè nou aksepte levanjil la, se tankou nou kòmanse yon nouvo lavi.

Alma 7:10-13

Sovè a te pran peche mwen, soufrans mwen, ak afliksyon m yo sou tèt li.

Verite nan Alma 7:10–13 yo ka ede timoun yo konnen ke Jezikri sousye pou yo epi l ka ede yo.

Aktivite posib

  • Montre yo yon foto Jezi. Eksplike yo ke l konn sa k rele soufrans, tristès, oubyen laperèz. Li kèk nan pawòl nan Alma 7:11–13 yo ki dekri sa Sovè a te soufri, epi eksplike timoun yo mo yo pa konprann yo. Fè yo remake ke Jezi ka ede nou ak rekonfòte nou lè nou tris. Di yo kijan Sovè a konn ede w ak rekonfòte ou.

  • Mande yo pou yo pataje eksperyans kote yo te malad oubyen yo t ap soufri oubyen yo te gen yon lòt pwoblèm ki te fè yo tris. Rann temwayaj ou ke Sovè a te soufri bagay sa yo tou epi li konn kijan pou l ede nou.

Alma 7:19 -20

Chemen pou n retounen al jwenn Pè Selès la ak Jezikri se yon chemen ki dwat.

Kijan w ka itilize deskrpisyon Alma a sou chemen ki mennen retounen al jwenn Pè Selès la pou ede timoun yo aprann fè bon chwa?

Aktivite posib

  • Li Alma 7:19 pou yo, epi eksplike yo ke lè nou fè bon chwa, nou sou chemen pou n retounen al jwenn Pè Selès la. Ba yo yon seri chwa oubyen jès (tankou mechan avèk manm fanmi yo oubyen sèvi yo). Mande yo pou yo di w si chak chwa yo bon epi l ap mennen retounen al jwenn Bondye oubyen si chwa a mal epi l ap rale nou ale lwen Bondye.

  • Li Alma 7:20 epi eksplike yo mo nan vèsè sa yo ki dekri chemen pou n retounen al jwenn Bondye a. Desine yon chemen dwa ki mennen nou al jwenn Pè Selès la sou tablo a. Apresa, desine yon chemen kwochi ki gen enpas ki mennen nou lwen Bondye. Envite timoun yo pou yo suiv de chemen yo avèk dwèt yo. Ki chemen k pi bon? Ede yo panse ak bon chwa k ap ede yo rete sou chemen dwat la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 5:12–14, 27–28, 57; 7:14–24

Mwen dwe nedenouvo epi apresa suiv chemen ki mennen retounen al jwenn Bondye a.

Kijan w ka ede timoun yo konprann kisa nedenouvo vledi?

Aktivite posib

  • Montre yo foto yon tibebe, epi envite yo pou yo di ak kisa yon tibebe sanble lè l fèk fèt. Envite yon timoun pou l li Alma 5:14. Pou ede yo konprann kisa “fèt … espirityèlman nan Bondye” vle di, mande yo pou yo panse a Alma, pitit la, anvan l te konvèti. Kijan l te vin ye apre l te fin konvèti? (Gade Mozya 27:23–32 ak Alma 36:12–24.) Eksplike yo ke, lè nou gen lafwa nan Jezikri epi nou viv levanjil li a, se kòmsi nou kòmanse yon nouvo lavi, menmjan ak yon tibebe.

  • Li Alma 7:19 ansanm, epi eksplike yo ke lè nou fin nedenouvo, nou dwe suiv “chemen ki mennen nan wayòm Bondye a.” Nan tout sal la, kache papye ki gen referans ekriti sa yo ekri sou yo: Alma 5:12–13, 27–28, 57; 7:14–16, 23–24. Envite timoun yo pou yo chèche papye yo, chèche ekriti yo, epi di kisa chak ekriti anseye nou pou nou fè pou n ka retounen nan prezans Bondye.

Alma 5:14, 44–48

M ka akeri pwòp temwayaj mwen atravè Sentespri a.

Alma te resevwa vizit yon zanj, men “li te akeri temwayaj [li] atravè Sentespri a” (Alma 5:46).

Aktivite posib

  • Li Alma 5:44–46 avèk timoun yo. Kisa Alma te fè pou l te ka jwenn pwòp temwayaj pa l konsènan levanjil la? Bay chak timoun yon moso papye epi envite yo pou yo fè plan pou yo fè yon bagay semèn sa a pou fòtifye temwayaj yo.

  • Pase yon glas bay yo chak epi fè yo gade yo nan glas la pandan w ap li Alma 5:14. Kisa savle di pou n gen imaj Sovè a nan figi nou? Pale yo de kèk moman kote yon moun te di oubyen fè yon bagay ki te raple w Sovè a, epi mande yo pou yo fè menm bagay la tou.

Alma 7:10 -13

Sovè a te pran peche m, soufrans mwen, ak afliksyon m yo sou tèt li.

Pandan w ap etidye Alma 7, mande tèt ou ki fason w ka bati lafwa timoun yo nan Jezikri pou yo ka tounen vè limenm nan eprèv yo.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li Alma 7:11–13, pandan y ap chèche kisa Jezikri te soufri. Yo gen dwa anvi pataje eksperyans kote yo te santi doulè, maladi, oubyen afliksyon. Selon vèsè sa yo, poukisa Sovè a te dispoze pou l te soufri tout bagay sa yo? (Eksplike yo ke “sekouri” vledi “ede.”)

  • Pale yo de yon maladi, yon blesi, oubyen yon lòt afliksyon w te genyen, epi mande yo si yo konn santi yon bagay menmjan an. Li Alma 7:11–13 ansanm, epi montre yo kisa Jezi te soufri pou nou. Ede yo panse a moman kote Sovè a te travèse menm bagay sa yo, tankou lè l te anfas tantasyon an (gade Matye 4:1–11) oubyen lè l t ap soufri nan Jetsemani an. Kijan sa ka ede nou lè nou konnen Jezi konprann pwoblèm nou yo? Pataje temwayaj ou konsènan pouvwa Jezi pou konsole, ede, ak geri nou an.

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo mete yon foto Jezi yon kote yo ka wè l souvan pou l ka raple yo sa yo te aprann de li yo jodia.

Amelyore ansèyman nou

Vin yon enstriktè nan fason Kris la. Antanke enstriktè, li enpòtan pou w reflechi sou fason w ka ogmante kapasite w pou ede timoun yo bati lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri. Panse pou w itilize kesyon evalyasyon pèsonèl yo ki nan paj 37 nan Anseye nan fason Sovè a.