Vini, Suiv Mwen
25–31 Me. Mozya 29–Alma 4: “Yo te fèm ak inebranlab”


“25–31 Me. Mozya 29–Alma 4: ‘Yo te fèm ak inebranlab,’” VIni, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“25–31 Me. Mozya 29–Alma 4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Alma, pitit la, ap preche

Jèn Alma ka p prechepa Gary L. Kapp

25–31 Me

Mozya 29–Alma 4

“Yo te fèm ak inebranlab”

Timoun w ap anseye yo ka aprann anpil bagay nan klas ou a, men y ap aprann pi plis toujou si yo devlope yon abitid pou etidye ekriti yo lakay yo. Reflechi sou kijan w ka ankouraje ak sipòte etid levanjil la nan fwaye a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo chita an sèk atè a, epi woule yon boul bay youn ladan yo. Mande timoun sa a pou l di yon bagay li te aprann resamman sou levanjil la lakay li oubyen nan Primè a. Apresa envite l pou l woule boul la voye bay yon lòt timoun. Repete aktivite a jiskaske chak timoun jwenn yon chans pou pataje yon bagay.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 1:2–9, 26–30

Antanke manm Legliz la, m ta renmen renmen ak sèvi lòt moun.

Menmsi w ta chwazi pou w pa rakonte timoun yo anpil bagay sou ansèyman Neyò yo, li ta vrèman benefisye yo si yo ta konnen ke, nan Legliz la, nou sèvi paske nou renmen lòt moun, non pa paske nou vle vin rich oubyen popilè.

Aktivite posib

  • Nan tèm senp, rakonte yo istwa Alma ak Neyò a (gade Alma 1; “Chapit 20: Alma ak Neyò,” Istwa Liv Mòmon yo, 54–55, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Di yo ke menmsi patizan Neyò yo te mechan avèk manm Legliz yo, anpil nan manm Legliz yo te rete janti ak eman.

  • Li Alma 1:30 pou timoun yo, epi ede yo konprann ke manm Legliz yo te pataje sa yo te genyen avèk moun ki te bezwen èd. Ede yo panse a kèk bagay yo ta ka pataje ak kèk moun yo ta ka pale de bagay sa yo. Envite yo pou yo desine sa yo planifye pou yo fè yo.

  • Chante yon kantik sou lanmou ak sèvis ansanm, tankou “Soyons gentils” (Chants pour les enfants, 83), epi ede yo panse ak jès ki ka mache avèk chan sa a.

Alma 2:28-30

Bondye ap reponn priyè m.

Lè Alma ak Nefit yo te santi “anpil lakrent” (Alma 1:23yo te priye pou yo te ka jwenn èd epi yo te jwenn fòs. Ede timoun yo aprann de egzanp yo.

Aktivite posib

  • Itilize foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo oubyen nan “Chapit 21: Amalekit yo” (Istwa Liv Mòmon yo, 56–57, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org), pou w ka eksplike yo kijan Nefit yo te jwenn fòs pou yo te venk Amalekit yo. Poze yo kesyon sou bagay ki fè yo pè oubyen ki difisil pou yo, epi temwaye yo ke yo ka priye Pè Selès la pou yo ka jwenn èd nan bagay sa yo.

  • Pataje yon eksperyans kote Bondye te ede w lè w te fin priye li. Envite yo pou yo pataje nenpòt eksperyans yo te fè avèk lapriyè.

Alma 4:19

Temwayaj mwen ka fòtifye lòt moun.

Souvan, “temwayaj senp” (Alma 4:19) yon timoun ka gen yon enfliyans pwofon sou lòt yo. Kijan w ka ede timoun yo chèche okazyon pou yo rann temwayaj yo?

Aktivite posib

  • Ouvri ekriti yo nan Alma 4:19, epi eksplike yo ke lè Alma te wè kijan moun yo te machen, li te deside ke pi bon fason pou l te ede yo sete rann yo “temwayaj dirèk” li. Itilize paj aktivite semèn sa a pou anseye timoun yo kisa yon temwayaj ye ak kisa k gen nan yon temwayaj. Ankouraje yo pou yo pataje temwayaj yo.

  • Vide enpe dlo pwòp nan yon vè pwòp, epi eksplike yo ke dlo a se tankou temwayaj nou paske nou ka pataje l avèk lòt moun. Vide enpe dlo nan vè a nan yon ti kèp pou chak timoun, epi di yo lè nou pataje temwayaj nou, nou ede lòt moun gen temwayaj ki pi solid tou.

  • Si yo vle, fè yo fè pratik rann temwayaj yo. Sigjere plizyè fason yo ka montre ke yo konnen levanjil la vrè, enkli atravè aksyon yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 1: 2–9

M ka aprann rekonèt fo ansèyman yo.

Nan yon moman kèlkonk nan lavi nou, nou tout ap gen pou n konfwonte avèk moun tankou Neyò—moun k ap eseye twonpe nou avèk mesaj ki ka parèt atiran men ki fo ak danjere. Rakonte istwa nan Alma 1:2–9 la ka ede timoun yo prepare yo pou rankont sa yo nan lavi yo.

Aktivite posib

  • Ede yo li Alma 1:2–4 pou yo ka repase kèk nan sa Neyò, yon fo pwofèt, te anseye. Ede yo kreye yon kesyonè vrè ou fo pandan y ap itilize deklarasyon yo ki nan vèsè sa yo. Poukisa Satan pafwa konbine kèk verite avèk mansonj? Ede yo panse a kèk egzanp.

  • Lè yo fin repase Alma 1:2–9 la ansanm, mande chak timoun pou li youn nan ekriti sa yo: Matye 7:21–23; 2 Nefi 26:29–31; Mozya 18:24–26; ak Elaman 12:23–26. Kijan ekriti sa yo demanti ansèyman Neyò yo? Kijan nou ka itilize ekriti yo pou fòtifye pwòp temwayaj pa nou sou levanjil la?

Alma 1:26–30; 4:6–13

Antanke manm Legliz la, mwen ta dwe renmen ak sèvi lòt moun.

Pafwa manm Legliz yo nan epòk Alma a te plen jenewozite epi pafwa yo te mechan ak ògeye. Ede timoun w ap anseye yo aprann nan eksperyans moun sa yo.

Aktivite posib

  • Ede yo li Alma 4:6–13, epi yo defini mo tankou “gonfle kè yo,” “pèsekite,” ak “meprize” yo (itilize yon diksyonè si nesesè). Kijan n santi nou lè moun trete nou nan fason sa yo? Envite timoun yo pou yo chèche mo nan Alma 1:26–30 ki dekri kijan Pè Selès la vle pou nou youn trete lòt yo.

  • Mande yo pou yo li Alma 1:27, 30 epi fè yon lis sou ki kalite moun manm Legliz yo ede. Envite yo pou yo panse a moun nan vwazinaj yo oubyen nan lekòl yo ki ta ka “bezwen” (Alma 1:30) lanmou yo ak èd yo. Pou ranfòse prensip sa a, chante ansanm yon chan sou jantiyès, tankou “Je viens vers toi” (Chants pour les enfants, 78–79).

Alma 4: 8–20

Temwayaj mwen ka fòtifye lòt moun.

Alma te abandone pozisyon l kòm gran jij pou l te ka pase plis tan ap pataje temwayaj li ak ede moun yo repanti. Egzanp li ta ka enspire timoun yo pou yo pataje temwayaj yo pi souvan.

Aktivite posib

  • Li Alma 4:8–12, 15 avèk yo, epi mande yo pou yo idantifye ki pwoblèm ki te gen nan Legliz la, jan yo dekri yo nan vèsè sa yo. Envite yo sigjere kèk bagay Alma te ka fè pou l te rezoud pwoblèm sa yo. Ede yo jwenn nan Alma 4:16–20 sa Alma te deside pou l te fè. Poukisa temwayaj se yon bagay ki puisan konsa?

  • Pou ede yo konprann kisa yon temwayaj ye ak sa k ladan l, pase videyo “Montaj temwayaj Apot yo” nan (ChurchofJesusChrist.org) la; chante yon chan sou sijè a ansanm, tankou “Le Saint-Esprit a témoigné” (Cantiques, no. 74); oubyen itilize paj aktivite semèn sa a. Mande yo pou yo rakonte kisa yo te aprann sou temwayaj nan bagay sa yo.

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Ede yo panse ak yon moun yo ka pataje temwayaj yo avèk li semèn k ap vini an. Ankouraje yo pou yo prepare yon plan pou ede yo atenn bi sa a.

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki envite temwayaj. Poze kesyon k ap ankouraje manm timoun nan klas ou yo rann temwayaj yo sou prensip y ap anseye yo a se ka yon mwayen efikas pou envite Lespri a” (Anseye nan fason Sovè a, 32). Pou envite timoun yo rann temwayaj yo, poze yo kesyon ki ap fè yo reflechi epi pataje sa yo santi apwopo Sovè a oubyen levanjil li a. Ou gen dwa poze yo kesyon sou eksperyans yo konn fè avèk lapriyè, sèvis, òdonans tankou batè, oubyen santi enfliyans Sentespri a.