Nouvo Testaman 2023
16–22 Oktòb. 1 a 2 Tesalonisyen: “Pèfeksyone Sa k Manke nan Lafwa Ou”


16–22 Oktòb. 1 a 2 Tesalonisyen: “Pèfeksyone Sa k Manke nan Lafwa Ou ,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“21–27 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
sè misyonè k ap pale avèk yon jenòm

16–22 Oktòb

1 and 2 Tesalonisyen

“Pèfeksyone Sa k Manke nan Lafwa Ou”

Si nou pa ekri enpresyon nou resevwa nan men Lespri a, nou gen dwa bliye yo. Kisa Lespri a pouse w pou w ekri pandan w ap li 1ak 2 Tesalonisyenan?

Ekri enpresyon ou

Nan Tesalonik, yo te akize Pòl ak Silas paske yo te “mache fè dezòd toupatou” (Travay 17:6). Prèch yo te pwovoke kòlè kèk dirijan nan pami Juif yo, epi dirijan sa yo te pouse pèp la fè l soulve (gade Travay 17:1–10. Kòm rezilta, yo te mande Pòl ak Silas pou yo te kite lavil la. Pòl te enkyè pou nouvo konvèti Tesalonisyen yo ak pèsekisyon yo t ap rankontre, men li pa t ka retounen al vizite yo. Li te ekri: “Lè m pa t ka kenbe ankò, m te voye pran nouvèl lafwa nou.” Kòm repons, asistan Pòl la, Timote, ki t ap sèvi nan Tesalonik, “te pote bòn nouvèl sou lafwa nou ak charite nou” (1 Tesalonisyen 3:5–6). Anfèt, Sen Tesalonisyen yo te rekoni kòm egzanp “pou kwayan yo” (1 Tesalonisyen 1:7epi nouvèl apwopo lafwa yo te simaye nan tout lòt vil yo. Imajine lajwa ak soulajman Pòl lè l te tande travay li pami moun sa yo “pa t anven” (1 Tesalonisyen 2:1 Men, Pòl te konnen ke fidelite lepase yo pa t sifizan pou yo te siviv spirityèlman nan lefiti, epi li te pè enfliyans fo enstriktè yo k te nan pami Sen yo (gade 2 Tesalonisyen 2:2–3). Mesaj li pou yo, ak pou noumenm tou, se kontinye “pèfeksyone sa nou manke nan lafwa [nou] toujou” epi pou “nou chèche viv pi byen toujou” nan lanmou (gade 1 Tesalonisyen 3:10; 4:10).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

1 Tesalonisyen 1–2

Disip Kris yo sèvi lòt moun avèk senserite ak amou.

Nan 1 Tesalonisyen, pawòl Pòl yo revele alafwa enkyetid ak lajwa yon moun ki bay tout limenm pou sèvi pitit Bondye yo. Espesyalman nan premye de chapit 1 Tesalonisyen yo, nou jwenn pawòl ak fraz ki dekri kijan yon vrè sèvitè anseye levanjil la. Paregzanp, kisa w aprann nan 1 Tesalonisyen 1:5–8; 2:1–13 konsènan sèvi Senyè a?

Panse sou opòtinite pa w pou w sèvi Bondye ak pitit Li yo Kisa w twouve nan seksyon sa yo ki enspire w pou w obeyi avèk plis konsistans? konsidere pou w poze tèt ou kesyon ki baze sou sa w jwenn, tankou “Èske m se yon egzanp pou bagay m konnen?” (gade nan 1 Tesalonisyen 1:7).

1 Tesalonisyen 3:9–13; 4:1–12

“ogmante epi fè abondans nan amou.”

Pòl te rejwi nan fidelite Sen Tesalolisyen yo (gade nan 1 Tesalonisyen 3:7–9). Men tou, li te vle yo “fè abondans plis ankò” nan fidelite sa a (1 Tesalonisyen 4:1). Pandan w ap li 1 Tesalonisyen 3:7–13; 4:1–12, medite sou fason ou ka “ogmante plis ankò” nan spirityalite (1 Tesalonisyen 4:10). Paregzanp, remake ke Pòl te itilize mo tankou “sentete” ak “sanntifikasyon.” Kisa w aprann nan ekriti Pòl yo konsènan siyifikasyon pawòl sa yo? Kouman Sovè a ka ede w vin plis sen ak sanntifye?

Gade tou nan: Gid Ekriti yo, “AlyansSèmannan scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

1 Tesalonisyen 4:16–18; 5:1–10; 2 Tesalonisyen 1:4–10

Si m fidèl epi m vijilan, m ap prepare pou Dezyèm Vini Sovè a.

Nan 1 Tesalonisyen 5:1–10, Pòl te itilize plizyè metafò pou l te anseye dè verite enpòtan sou epòk lè Jezi pral retounen sou tè a. Pandan w ap etidye metafò sa yo, panse pou w ekri enpresyon ou resevwa sou Dezyèm Vini Jezikri a:

  • “Yon vòlè nan lannuit”:

  • “Doulè yon fi k ap akouche“:

  • Lòt metafò w jwenn:

Ki verite adisyonèl ou aprann osijè Dezyèm Vini Jezikri a nan 1 Tesalonisyen 4:16–18; 5:1–10; 2 Tesalonisyen 1:4–10? Kisa w santi w pouse pou w fè pou w ka veye ak prepare w pou lè l vini?

Gade tou nan D. Todd Christofferson, “Prepare pou Retou Senyè a,” Lyawona, Me 2019, 81–84.

2 Tesalonisyen 2

Yo te pwofetize ke te gen yon apostazi, oubyen yon pèt laverite, ki t ap presede Dezyèm Vini an.

Nan mitan tout pèsekisyon k t ap ogmante yo, anpil nan Sen yo te panse Dezyèm Vini Sovè a te siman pwòch. Men, Pòl te konnen ke, anvan Jezi te retounen sou tè a, t ap gen yon apostazi—yon rebelyon oswa “ale lwen” kont laverite (gade nan 2 Tesalonisyen 2:1–4. Ou gen dwa apwofondi konpreyansyon ou sou Gran Apostazi a—ak apresyasyon ou pou Retablisman an—nan eksplore kèk nan resous sa yo:

  • Ekriti ki te predi Apostazi a: Ezayi 24:5; Amòs 8:11–12; Matye 24:4–14; 2 Timote 4:3–4

  • Ekriti ki montre ke Apostazi a te deja kòmanse nan epòk Pòl la: Travay 20:28–30; Galat 1:6–7; 1 Timote 1:5–7

  • Obsèvasyon sou Gran Apostazi a pa refòmatè Kretyen yo:

    Martin Luther: “M pa t chèche lòt bagay pase refòme Legliz la pou l te vin konfòm avèk Ekriti Sent yo. … M di senpleman ke Krisyanis la te sispann egziste pami moun ki ta dwe prezève l yo” (nan E. G. Schweibert, Luther and His Times: The Reformation from a New Perspective [1950], 590).

    Roger Williams: “Apostazi a … kowonpi tout bagay nan pwen ke pa p ka gen okenn sòti nan apostazi sa a jiskaske Kris la voye nouvo apot pou replante legliz la ankò” (nan Philip Schaff, The Creeds of Christendom [1877], 851).

Gade tou nan 2 Nefi 28; Sijè Levanjil yo, “Apostazi,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

1 Tesalonisyenans 3:9–13.Kisa k enpresyone w apwopo santiman Pòl te genyen pou zanmi l yo. Kouman nou ka “ogmante ak fè abondans nan amou pou lòt moun”? (vèsè 12).

1 Tesalonisyen 4:13–18.Ki fraz nan vèsè sa yo konsènan Rezirèksyon an ki ba w rekonfò?

1 Tesalonisyen 5:14–25.Pandan w ap revize konsèy Pòl la ki nan 1 Tesalonisyen 5:14–25, envite chak manm fanmi pou yo jwenn yon fraz fanmi an ta ka konsantre yo. Chèche fason kreyatif pou prezante fraz sa yo lakay ou kòm yon rapèl. Paregzanp, chak moun ta ka jwenn oubyen desine foto ki ilistre oubyen ranfòse fraz li chwazi a.

2 Tessalonisyen 3:13.Èske nou janm santi nou “fatige ap fè byen”—depase, petèt, paregzap jans lavi disip yo? Kisa k ede nou lè nou santi n fason sa a? Gade nan Mowoni 6:9; Doktrin ak Alyans 46:2.) Kijan nou youn ka sipòte lòt lè sa rive?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan ki sigjere: “Jésus-Christ est mon modèle Trying to Be like Jesus,” Chants pour les enfants, 40.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche revelasyon pèsonèl chak jou. “Revelasyon souvan vini ‘liy apre liy’ (2 Nefi 28:30), non pa tout alafwa. Pa panse a [etid levanjil] la kòm yon bagay ou libere tan pou w fè men kòm yon bagay ou fè tout tan” (Anseye nan fason Sovè a,12.)

Imaj
Kris la nan nyaj yo

Kris resisite a, Robert T. Barrett