Nouvo Testaman 2023
18–24 Septanm. 2 Korentyen 8–13: “Bondye Renmen Moun ki Bay ak Lajwa”


“18–24 Septanm. 2 Korentyen 8–13: ‘Bondye Renmen Moun ki Bay ak Lajwa’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“18–24 Septanm. 2 Korentyen 8–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezi k ap pale ak yon timoun piti

18–24 Septanm.

2 Korentyen 8–13

“Bondye Renmen Moun ki Bay ak Lajwa”

Ekri enpresyon espirityèl ou yo ap ede w sonje sa w ap aprann pandan etid ekriti w la. Ou gendwa ekri nan yon jounal, ekri nòt nan maj ekriti yo, ajoute nòt nan app Bibliyotèk Levanjil la, oubyen fè yon anrejistreman odyo sou sa w panse.

Ekri Enpresyon w yo

Kisa w t ap fè si w ta tande yon kongregasyon Sen nan yon lòt zòn t ap lite anba pòvrete? Sa sete sitiyasyon Pòl te dekri Sen Korentyen yo nan 2 Korentyen 8–9. Li te espere pèsyade Sen nan Korent yo pou yo te bay nan abondans yo te genyen pou Sen k te nan bezwen yo. Men, odela demann pou bay don an, pawòl Pòl yo genyen tou kèk verite pwofon konsènan bay: “Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan” (2 Korentyen 9:7). Nan epòk pa nou an, toujou gen Sen atravè tout mond lan ki bezwen èd. Pafwa, pi gwo bagay nou ka fè pou yo se jene epi bay don jèn. Nan kèk lòt ka, don nou an ka pi dirèk epi pi pèsonèl. Kèlkeswa fòm sakrifis nou an ka pran, sa vo lapèn pou nou egzamine kisa k motive nou pou nou bay la. Èske sakrifis nou an se yon ekspresyon lanmou? Apretou, se lanmou ki fè moun k ap bay la kontan.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

2 Korentyen 8:1–15; 9:5–15

Mwen ka pataje sa m genyen avèk kè kontan pou beni pòv yo ak moun ki nan bezwen.

Gen anpil moun ki nan bezwen nan tout mond lan. Kijan nou ka gen posiblite fè yon diferans? Èldè Jeffrey R. Holland te ofri konsèy sa a: “Rich oubyen pòv, nou dwe ‘fè tout sa n kapab’ lè lòt moun nan bezwen [gade Mak 14:6,8]. … [Bondye] ap ede w epi gide w nan zak disip konpatisan w yo si w vrèman anvi respekte yon kòmandman li ba nou san rete, epi si w priye epi w sensèman chèche fason pou w fè sa” (“Èske Nou Tout Se Pa Mandyan nou ye?”,” Lyawona, Nov. 2014, 41).

Li 2 Korentyen 8:1–15; 9:6–15, pandan w ap pran nòt sou prensip Pòl te anseye sou pran swen pòv yo ak nan bezwen yo. Kisa ki enspire w nan konsèy Pòl la? Ou gendwa priye pou w jwenn direksyon pou w ka konnen kisa w ka fè pou ede yon moun ki nan bezwen. Asire w ke w ekri tout enpresyon ou resevwa epi suiv yo.

Gade tou Mozya 4:16–27; Alma 34:27–29; Russell M. Nelson, “Dezyèm Gran Kòmandman an,” Lyawona, Nov. 2019, 96–100; Henry B. Eyring, “Eske Se Pa Jèn Sa Mwen te Chwazi?,” Lyawona, Me 2015, 22–25.

2 Korentyen 11: 1– 6, 13–15; 13:5–9

“Egzamine tèt nou, si ou ankre nan lafwa.”

Jodia, tankou nan epòk Pòl la, gen moun ki ap chèche pote nou ale lwen “soti nan senplisite ki nan Kris la” (2 Korentyen 11:3). Pou rezon sa a, li krisyal pou nou fè sa Pòl te sigjere a “Egzaminen tèt nou, nou menm, pou nou wè si nou ankre nan lafwa a” (2 Korentyen 13:5). Ou ta ka kòmanse pwosesis sa a nan panse konsènan kisa sa vledi pou “ankre nan lafwa.” Kijan w ka fè konnen si w ankre nan lafwa? Chèche jwenn opòtinite ou genyen pou egzaminen tèt ou.

Kòm yon pati nan egzamen ou lan, ou gendwa medite tou sou fraz “senplisite ki nan Kris la” (2 Korentyen 11:3). Kijan ou te jwenn senplisite nan Kris la ak nan levanjil li a? Kijan espri w gendwa “vin kòntamine kite senplisite [sa a]”? Ki konsèy itil ou jwenn nan 2 Korentyen 11:1–6, 13–15?

Anvizaje konsèy sa a Prezidan Dieter F. Uchtdorf bay la tou: “Si w janm panse ke levanjil la pa p fonksyone twò byen pou ou, mwen envite w pou w fè yon pa annaryè, egzaminen lavi w apati yon nivo pi elve, epi senplifye apwòch pou vin disip la. Konsantre sou pwen doktrin, prensip, ak aplikasyon debaz levanjil yo. Mwen pwomèt ou ke Bondye ap gide ak beni w sou chemen ou pou yon lavi akonpli, epi levanjil l ap definitivman travay pi byen pou ou” (Li Mache Mèveyezman,” Lyawona, Nov. 2015,22).

2 Korentyen 12:5–10

Gras Sovè a ase pou ede m jwenn fòs nan feblès mwen.

Nou pa konnen kisa “pikan nan chè” Pòl la te ye, men nou tout genyen pwòp pikan pa nou ke nou swete Bondye ta retire nan lavi nou. Reflechi konsènan pikan ou yo pandan w ap li 2 Korentyen 12:5–10, epi medite sou sa ou aprann konsènan Jezikri nan vèsè sa yo. Kisa Pòl te anseye nan vèsè sa yo konsènan eprèv ak feblès yo? Kisa sa w panse “gras Bondye” sifi pou ou vledi?

Gade Mozya 23:21–24; 24:10–15; Etè 12:27; Mowoni 10:32–33.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

2 Korentyen 8–9.Kisa w jwenn nan chapit sa yo ki enspire fanmi w pou yo lonje lamen bay pòv ak moun ki nan bezwen? Se ka yon bon okazyon pou w planifye yon pwojè sèvis an fanmi pou yon moun ki nan bezwen.

2 Korentyen 9:6–7.Èske fanmi w konnen yon moun yo ta ka dekri kòm yon “moun ki bay ak kè kontan”? Kijan nou ka rann lòt moun sèvis avèk plis lajwa? Manm fanmi pi jèn yo ta ka fè badj ki di “Mwen ap bay avèk kè kontan.” Ou ta ka rekonpanse manm fanmi yo ak badj yo nenpòt lè ou wè yo ap sèvi youn lòt avèk kè kontan.

2 Korentyen 10:3–7.Kijan w ta ka anseye fanmi w konsènan“batay” nou kont mechanste a? Èske fanmi w t ap kontan bati yon mi oubyen yon fò avèk chèz ak dra? Sa ta ka mennen nan yon diskisyon sou fason pou nou rejte bagay ki detounen nou de Bondye yo ak fason pou nou “[mare] tout vye lide pou fè yo vin obeyi Kris la.” Ki “zàm” espirityèl nou itilize pou n kontwole panse nou? (gade Efezyen 6:11–18).

2 Korentyen 11:3.Kisa fanmi w ka fè pou yo konsantre yo plis sou “senplisite ki nan Kris la”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Kantik yo sigjere: “‘Donne,’ dit le ruisseau,” Chants pour les enfants, 116.

Amelyore Etid Pèsonèl

Ekri enpresyon Ou yo. Èldè Richard G. Scott te di: “Yon konesans ki byen konsève se yon konesans ki disponib nan moman bezwen. … [Ekri direksyon espirityèl] yo ap ogmante chans pou w resevwa pi plis limyè” (“Akeri Konesans Espirityèl,” Lyawona, Nov. 1993,88; gade tou Anseye nan Fason Sovè a,, 1230).

Imaj
jèn moun k ap ede nan yon pwojè sèvis

“Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan” (2 Korentyen 9:7).