Nouvo Testaman 2023
11–17 Septanm. 2 Korentyen 1–7: “Rekonsilye Nou Avèk Bondye”


“11–17 Septanm. 2 Korentyen 1–7: ‘“Rekonsilye Nou Avèk Bondye”’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“9–15 Septanm. 2 Korentyen 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezikri

11–17 Septanm

2 Korentyen 1–7

“Rekonsilye Nou Avèk Bondye”

Pandan w ap etidye lèt Pòl te voye bay Korentyen yo, ekri kèk nan prensip levanjil ou dekouvri yo epi medite sou fason ou ka aplike yo nan lavi w.

Ekri enpresyon w yo

Pafwa, antanke yon dirijan nan Legliz la, wa p oblije di kèk bagay difisil. Sa te vre nan epòk Pòl la menmjan sa vre jodia. Aparaman, yon premye lèt Pòl te voye bay Korentyen yo te gen kèk reprimand ladan epi li te lakoz moun yo te santi yo blese. Nan lèt nou rele 2 Korentyen an jodia, li te eseye eksplike kisa k te pouse l di pawòl rèd sa yo: “Se nan gwo afliksyon ak angwas nan kè m mwen ekri nou avèk dlo nan je m; non pa pou m fè nou tris, men pou nou ta ka konn lanmou m gen an abondans pou nou” (2 Korentyen 2:4). Lè nou resevwa yon koreksyon nan men yon dirijan, sa definitivman ede pou n konnen ke l enspire pa amou kretyen. Epi, menm nan ka kote se pa sa, si nou dispoze pou nou wè lòt moun avèk kalite amou Pòl te santi a, li fasil pou n reyaji byen devan ofans yo. Jan Èldè Jeffrey R. Holland te konseye a: “Se pou nou konpreyansif devan feblès imèn yo—feblès pa nou osibyen ke feblès moun k ap sèvi avèk nou nan yon Legliz ki dirije pa gason ak fi mòtèl ki volontè. Sof nan ka sèl Pitit Literal pafè l la, se moun ki enpafè Bondye te toujou genyen pou travay avèk li” (“Senyè, mwen kwè,” Liahona, Me 2013, 94).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

2 Korentyen 1:3–7; 4:6–10, 17–18; 7:4–7

Eprèv yo ka yon benediksyon.

Etandone tribilasyon Pòl t ap travèse nan ministè l la, sa pa etonan ke l te ekri anpil sou bi ak benediksyon tribilasyon. Pandan w ap li 2 Korentyen 1:3–7; 4:6–10, 17–18; 7:4–7, panse sou fason tribilasyon w yo ka yon benediksyon. Paregzanp, ou gen dwa medite sou fason Bondye “konsole [w] nan tout tribilasyon [w] yo” ak fason oumenm, an retou, ou ka “konsole moun ki nan afliksyon” (2 Korentyen 1:4). Oubyen, ou gen dwa konsantre sou limyè Jezikri a “k ap briye nan kè nou an,” menm lè w santi w “twouble” ak “nan detrès” (2 Korentyen 4:6–10).

Gade tou nan Mozya 24:13–17; Henry B. Eyring, “Teste, Epwouve, epi poli,” Lyawona, Nov. 2020, 96–99; Sijè Levanjil yo, “Advèsite,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

2 Korentyen 2:5–11

Padon se yon benediksyon m ka bay ak resevwa.

Nou pa konn anpil bagay sou mesye Pòl fè referans nan 2 Korentyen 2:5–11la—nou sèlman konnen ke l te transgrese (gade vèsè 5–6epi Pòl te vle pou Sen yo padone li (gade vèsè 7–8). Poukisa nou pafwa pa “montre amou” anvè yon moun ki ofanse nou? (vèsè 8). Kouman lè nou retire padon sa ka andomaje lòt moun ak noumenm? (Gade nan vèsè 7, 10–11). Kouman lè nou retire padon sa ka bay “Satan … yon avantaj sou nou”? (vèsè 11).

Gade tou nan Doktrin ak Alyans 64:9–11.

2 Korentyen 5:14–21

Gras a Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, m ka rekonsilye avèk Bondye.

Menmjan ak tout lòt moun, Pòl te konn kisa sa te vledi pou yon moun te vin “yon nouvo kreyati.”(2 Korentyen 5:17). Soti nan pèsekitè kretyen l te ye a, li te vin tounen yon brav defansè Kris la. Pandan w ap li 2 Korentyen 5:14–21, panse a kesyon tankou sa yo: Kisa sa vledi pou nou rekonsilye? Kisa sa vle di pou yon moun rekonsilye avèk Bondye? Reflechi sou sa k ka separe w avèk Bondye. Kisa w bezwen fè pou w ka pi totalman rekonsilye avèk li? Kouman Sovè a te fè sa posib?

YOu ta ka medite tou sou kisa sa vle di pou nou “anbasadè pou Kris” nan “nan travay rekonsilyasyon an” (vèsè 18, 20). Ki pwende vi ou jwenn nan mesaj Elder Jeffrey R. Holland nan “Travay Rekonsilyasyon an”? (Liahona, Nov. 2018, 77–79).

Gade tou nan 2 Nefi 10:23–25.

2 Korentyen 7:8–11

Tristès selon Bondye mennen nan repantans.

Nou pa jeneralman konsidere tristès kòm yon bon bagay, men, Pòl pale de “tristès selon Bondye” (2 Korentyen 7:10) kòm yon pati ki nesesè nan repantans. Konsidere sa w aprann konsènan tristès divin nan bagay suivan yo: 2 Korentyen 7:8–11; Alma 36:16–21; Mòmon 2:11–15; ak mesaj Sè Michelle D. Craig la “Mekontantman Divin” (Lyawona, Nov. 2018, 52–55). Kilè w konn santi tristès selon Bondye, e ki efè sa te genyen sou lavi ou?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

2 Korentyen 3:1–3.Èske gen manm nan fanmi w ki konn mande yon moun pou l ekri yon lèt rekòmandasyon pou yo, tankou yon lèt pou yon travay oubyen pou aplikasyon nan yon lekòl? Mande yo pou yo pale sou eksperyans sa a. Pòl te anseye ke lavi Sen yo sete tankou lèt rekòmandasyon pou levanjil la yo resevwa nan men Kris la limenm, “ki ekri non pa avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an.” Pandan w ap li 2 Korentyen 3:1–3 ansanm, diskite sou fason egzanp nou se tankou lè ke “tout moun ka konnen ak li,” pou demontre verite ak valè levanjil la. Petèt chak manm nan fanmi an ta ka ekri yon lèt oubyen yon “epit” ki eksplike kijan yon lòt manm nan fanmi an te yon bon egzanp kòm disip Jezikri. Yo ta ka li lèt yo bay fanmi an epi remèt li bay manm fanmi yo te ekri sou li a. Poukisa li enpòtan pou n konprann ke lavi nou se “epit Kris la”?

2 Korentyen 5:6–7.Kisa sa vle di pou n “mache avèk lafwa, non pa pa sa n wè”? Kisa n ap fè pou nou montre ke nou kwè nan sa nou pa ka wè?

2 Korentyen 5:17.Èske fanmi w yo ka panse sou oubyen jwenn egzanp nan nati bagay ki pase anba transfòmasyon remakab pou vin tounen vouvo kreyati? (gade nan nan foto ki nan fen tit sa a). Kouman levanjil Jezikri a ka chanje nou?

2 Korentyen 6:1–10.Dapre 2 Korentyen 6:1–10, kisa sa vle di pou nou “ap travay pou Bondye”? (vèsè 4). Ki kalite yon moun k ap travay pou Bondye dwe genyen?

2 Korentyen 6:14–18.Kijan nou ka suiv konsèy Pòl la pou n “soti nan mitan [enfidèl yo], epi separe nou de yo,” pandan ke n ap rete bon egzanp pou moun ki bò kote nou tou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Aide-moi, Père,” Chants pour les enfants, 52

Amelyore ansèyman nou

Pataje leson objè. Gen kèk konsèp nan levanjil la, tankou Sakrifis Ekspyatwa a, ki ka difisil pou konprann. Panse pou w itilize foto oubyen objè ki ka ede fanmi w konprann prensip ou dekouvri nan ekriti yo.

Imaj
cheni, kokon, ak papiyon

Lè nou konvèti nan levanjil Kris la, transfòmasyon nou si pwofon ke Pòl di nou vin “nouvo kreyati” (2 Korentyen 5:17).