Nouvo Testaman 2023
16–22 Janvye. Jan 1: Nou Te Jwenn Mesi a


“16–22 Janvye. Jan 1: Nou Te Jwenn Mesi a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“16–22 Janvye. “Jan 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Yon fi k ap pataje levanjil la nan yon estasyon tren

16–22 Janvye

Jan 1

Nou jwenn Mesi a

Lè w ap li ak medite Jan 1an, ekri enpresyon ou resevwa yo. Ki mesaj ou jwenn ki ap gen plis valè pou oumenm ak fanmi ou? Kisa w ka pataje nan klas ou yo nan Legliz la?

Ekri Enpresyon Ou yo

Èske w janm mande tèt ou si w t ap rekonèt Jezi Nazarèt kòm Pitit Gason Bondye a si w te vivan pandan ministè li nan mòtalite a? Pandan dèzane, Izrayelit fidèl, tankou Andre, Pyè, Filip, ak Natanyèl t ap tann epi priye pou Mesi yo te pwomèt la te vini. Lè yo te rankontre li, kijan yo te fè konnen ke l sete Moun yo t ap chèche a? Menm fason nou tout vin aprann konnen Sovè a—nan aksepte envitasyon l lan pou “vini epi gade” pou tèt pa nou an (Jan 1:39). Nou li konsènan li nan ekriti yo. Nou tande doktrin ni an. Nou obsève fason l te viv. Nou santi Lespri li. Toutolon wout la, nou dekouvri, jan Natanyèl te dekouvri a, ke Sovè a konnen nou e li renmen nou epi li vle prepare nou pou n resevwa “pi gwo bagay” (Jan 1:50).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Kiyès Jan te ye?

Jan sete yon disip Jan Batis epi nan apre li te vin youn nan premye disip Jezikri yo ak youn nan Douz Apot li yo. Li te ekri Levanjil Jan an, plizyè epit, ak liv Revelasyon an. Nan Levanjil li a, li fè referans ak tèt li kòm disip ke “Jezi te renmen an” ak “lòt disip la” (Jan 13:23; 20:3). Zèl Jan te genyen pou preche levanjil la te sitèlman gran ke l te mande pou l te rete sou tè a jiska Dezyèm Vini Sovè a pou l te ka pote nanm al jwenn Kris la (gade Doktrin ak Alyans 7:1–6).

Gade Diksyonè Bib la tou, “Jan,” “Levanjil, Jan an.”

Jan 1:1–5

Jezikri te “nan kòmansman an avèk Bondye.”

Jan te kòmanse Levanjil li a ak deskripsyon travay Kris la te fè anvan l te fèt: “Nan kòmansman an … Pawòl la [Jezikri] te avèk Bondye.” Kisa w aprann nan vèsè 1–5 yo sou Sovè a ak travay li? Ou ka jwenn klarifikasyon itil nan Tradiksyon Joseph Smith, Jan 1:1–5 la (nan apendiks Bib la). Lè w ap kòmanse etidye lavi Sovè a, poukisa li enpòtan pou w konnen konsènan travay premòtèl li?

Gade tou SIjè yo nan Levanjil la, “Jezikri te chwazi kòm Sovè,” topics.lds.org.

Jan 1:1–18

Jezikri se “vrè limyè ,” a Pitit Gason Bondye a.

Jan te santi l enspire pou l te chèche Sovè a gras ak temwayaj Jan Batis, ki te deklare ke yo “te voye l pou l rann temwayaj konsènan … vrè Limyè a” (Jan 1:8–9, 15–18). Jan limenm te rann yon temwayaj puisan sou lavi ak misyon Sovè a.

Sa ta ka enteresan pou w ta fè yon lis sou verite yo Jan te enkli nan temwayaj li te fè pou prezante Kris la (vèsè 1–18; gade tou Joseph Smith Tradiksyon, Jan 1:1–19 [nan apendiks Bib la]). Poukisa w panse Jan kòmanse Levanjil li a avèk verite sa yo? Anvizaje pou w ekri temwayaj ou konsènan Jezikri—kisa w ta renmen pataje? Ki eksperyans ki te ede w vin konnen Sovè a ak suiv li? Kiyès ki ta kapab beni nan koute temwayaj ou?

Jan 1:11–13

Jezikri ba nou “pouvwa pou vin tounen” pitit gason ak fi Bondye.

Byenke nou tout se pitit gason ak pitit fi lespri Bondye Papa a, lè nou peche, nou vin etranje pou li epi nou separe nou de li. Jezikri ofri nou yon mwayen pou n retounen atravè sakrifis ekspyatwa li a. Medite sou sa Jan 1:11–13 anseye konsènan vin tounen pitit fi ak pitit gason Bondye. Anvizaje tou kisa ekriti sa yo anseye konsènan fason nou resevwa kado sa a: Women 8:14–18; Mozya 5:7–9; Doktrin ak Alyans 25:1. Kisa sa vledi pou yon moun gen “pouvwa pou vin tounen ” yon pitit fi oswa pitit gason Bondye?

Jan 1:18

Papa a rann temwayaj sou pitit gason li a.

Jan 1:18 deklare ke pèsonn pa te wè Bondye. Sepandan, Tradiksyon Joseph Smith sou vèsè sa yo klarifye ke “pèsonn pa wè Bondye nan okenn epòk, eksepte moun ki rann temwayaj konsènan Pitit Gason an” (gade Jan 1:18, nòt anba paj c). Anvizaje repase egzanp ki pi ba yo kote moun te tande Bondye Papa a kap rann temwayaj sou Pitit Gason an: Matye 3:17; 17:5; 3 Nefi 11:6–7; Joseph Smith—Istwa 1:17.

Poukisa se yon benediksyon pou n genresi sa yo? Kisa yo anseye nou konsènan relasyon jezikri avèk Papa li?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Imaj
yon tifi k ap li ekriti yo

Si nou etidye ekiriti yo, nou pral resevwa enspirasyon pou lavi nou.

Jan 1:4–10.Kijan w ka ede manm fanmi w vizyalize sa y ap li nan vèsè sa yo konsènan limyè a? Ou gen dwa fè yo chak pran tan pou yo limen yon limyè nan yon sal fènwa oubyen pou yo di kijan Sovè a se Limyè lavi yo. Apresa, pandan w ap li Jan 1:4–10, manm fanmi w yo gen dwa jwenn ide adisyonèl nan temwayaj Jan sou Jezikri, Limyè mond lan.

Jan 1:35–36.Poukisa Jan Batis te rele Jezi “ti mouton Bondye a”? Kisa nou aprann konsènan tit sa a apati mesaj Èldè Jeffrey R. Holland lan “Men Timounton Bondye a” oswa mesaj Èldè Gerrit W. Gong’s message “Bon Samariten, Timounton Bondye a”? (Lyawona, Me 2019, 44–46, 97–101)

Jan 1:35–46.Ki rezilta temwayaj Jan an te bay? Kisa fanmi w aprann nan men moun yo ki dekri nan vèsè sa yo sou pataje levanjil la? Gade video “Envite Lòt moun pu Vini epi gade” tou nan (ChurchofJesusChrist.org).

Jan 1:45–51.Kisa Natanyèl te fè ki te ede l akeri yon temwayaj konsènan Sovè a? Envite manm fanmi yo pou yo pale konsènan fason yo te akeri tenwayaj pa yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a..

Chan ki sigjere: “Christ est ma Lumière,” Cantiques, no. 89.

Amelyore ansèyman nou

Pataje leson objè. Envite manm fanmi an pou yo chèche jwenn objè yo ka itilize pou ede yo konprann prensip yo ki nan ekriti n ap li ansanm an fanmi yo. Paregzanp, yo gen dwa itlize yon balèn pou reprezante Limyè Kris la (gade Jan 1:4).

Imaj
Jezikri k ap kreye tè a

Jewova kreye tè a, pa Walter Rane