Nouvo Testaman 2023
9–15 Janvye. Matye 2; Lik 2: Nou Vini pou Adore Li


9–15 Janvye. Matye 2; Lik 2: Nou Vini pou Adore Li,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

9–15 Janvye. Matye 2; Lik 2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Wa Maj yo kap vwayaje sou chamo

Annou Adore Li, pa Dana Mario Wood

9–15 Janvye

Matye 2; Lik 2

Nou Vini pou adore Li

Pandan w ap li Matye 2 ak Lik 2, pote atansyon sou enpresyon espirityèl w ap resevwa yo. Ide pou etid yo nan plan leson sa a ka ede w idantifye prensip enpòtan yo nan chapit sa yo.

Ekri Enpresyon Ou yo

Depi jou nesans li a, sa te klè ke Jezi pa t yon timoun òdinè. Se pa t sèlman nouvo etwal nan syèl yo oubyen pwoklamasyon zanj yo ki te fè anfans Jezi remakab. Sete lefèt ke te gen yon varyte moun fidèl—ki te soti nan diferant nasyon, pwofesyon, ak orijin—te santi yo imedyatman atire vè li. Menm anvan l te lanse envitasyon “vini, suiv mwen” an, yo te vini (Lik 18:22). Se pa tout moun ki te vin jwenn li, evidaman. Te genyen anpil moun ki pa t menm pote atansyon sou li, epi yon wa jalou te menm chèche retire lavi li. Men, moun enb, pur, ak devwe yo ki te idantifye li pou moun li te ye a.—Mesi yo te pwomèt yo a. Devouman yo enspire devouman pa nou, paske “bòn nouvèl gwo lajwa a” yo te pote bay bèje yo sete pou “tout moun,” epi “Sovè a, ki se Kris, Senyè a” te fèt jou sa a pou nou tout (gade Lik 2:10–11).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Lik 2:1–7

Jezikri te fèt nan kondisyon ki te enb anpil.

Byenke Jezikri te gen laglwa bò kot Papa a “anvan mond lan te kreye” (Jan 17:5), Li te dispoze pou l te vin fèt nan sikonstans ki te trè enb epi pou l te vin viv pami nou sou tè a. Pandan w ap li Lik 2:1–7,la, medite sou sa resi sa a sou nesans li a anseye w konsènan Li. Eseye idantifye detay oswa ide nan istwa sa a ke w pa t remake anvan. Kijan note bagay sa yo afekte santiman w genyen pou li?

Gade tou “Kris la Timoun, (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Matye 2:1–12; Lik 2:1–14

Gen anpil temwen pou nesans Kris la.

Nesans ak anfans Kris la te make pa temwen ak adoratè ki soti nan diferan nivo nan lavi a. Pandan w ap eksplore istwa yo, kisa w aprann sou fason pou adore ak temwaye sou Kris la?

Temwen Kris yo

Kisa m aprann konsènan adore ak temwaye sou Kris?

Temwen Kris yo

Bèje yo (Lik 2:8–20)

Kisa m aprann konsènan adore ak temwaye sou Kris?

Temwen Kris yo

Simeon (Lik 2:25–35)

Kisa m aprann konsènan adore ak temwaye sou Kris?

Temwen Kris yo

Ann (Lik 2:36–38)

Kisa m aprann konsènan adore ak temwaye sou Kris?

Temwen Kris yo

Wa Maj yo (Matye 2:1–12)

Kisa m aprann konsènan adore ak temwaye sou Kris?

Gade 1 Nefi 11:13–23; 3 Nefi 1:5–21; “Bèje yo aprann nesans Kris la” epi “Yo prezante Kris la Timoun nan Tanp lan” (videyo, ChurchofJesusChrist.org.

Matye 2:13–23

Paran yo ka resevwa revelasyon pou pwoteje fanmi yo.

Joseph pa t ap janm ka fè sa yo te mande l pou l fè a—pwoteje Jezi pandan anfans li—san èd syèl la. Menmjan ak Wa Maj yo, li te resevwa yon revelasyon ki te avèti l de danje. Pandan w ap li sou eksperyans Joseph lain Matye 2:13–23, panse sou danje fizik ak espirityèl n ap fè fas jodia. Medite sou eksperyans kote w te santi gidans Bondye nan pwoteje oumenm ak moun ki chè pou ou. Panse pou w pataje eksperyans sa yo avèk lòt moun. Kisa w ka fè pou w resevwa kalite gidans sa a nan lavni?

Adisyonèlman, ou gen dwa konsidere gade videyo “Lespri Premye Nwèl la” (ChurchofJesusChrist.org) pou yon deskripsyon sou sa Joseph te petèt santi lè l te anfas responsablite pou l pran swen Pitit gason Bondye a.

Lik 2:40–52

Menm lè l te jèn, Jezi te deja ap konsantre l sou fè volonte Papa li.

Antanke jèn gason, Sovè a te anseye levanjil la avèk sitèlman puisans ke menm enstriktè ki te nan tanp yo te etone lè yo te wè “entelijans li ak repons li” (Lik 2:47). Kisa w aprann nan vèsè sa yo sou devwa ou pou administre Sentsèn nan? Kijan kèk jèn moun ou konnen ap eseye okipe “biznis Papa [yo]”? Lik 2:49). Ki fason jèn yo ak timoun yo ede w akeri yon konpreyansyon ki pi pwofon sou levanjil la? Ki lòt bagay ou aprann nan egzanp anfans Jezi a nan Lik 2:40–52 ak nan Tradiksyon Joseph Smith, Matye 3:24–26 (nan apendiks Bib la)?

Imaj
Jezi nan tanp lan pandan l te tigason

“Èske w pa konnen ke m dwe okipe biznis Papa m?” (Lik 2:49).

Kisa Tradiksyon Joseph Smith la ye?

Akòz “anpil verite klè ak presye” te pèdi nan Bib la atravè syèk yo (1 Nefi 13:28; gade tou Moyiz 1:41), Senyè a te kòmande Joseph Smith pou l te fè yon revizyon enspire sou Bib la, ke nou konnen kòm Tradiksyon Joseph Smith. Pwofèt la te fè anpil revizyon ki enkli nan apendiks edisyon ekriti Sen Dènye Jou yo. Tradiksyon Joseph Smith sou Matye 24la, ke nou konnen kòm Joseph Smith—Matye, nou ka jwenn ni nan Pèl Gran Pri a. Pou plis enfòrmasyon, gade “Joseph Smith Tradiksyon (JST)” nan the Diksyonè Bib la ak Sijè yo nan Levanjil la “Bible, Inerrancy of” (topics.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Lik 2.Envite manm fanmi yo pou yo seleksyone yon moun kidekri nan Lik 2a, li kèk vèsè konsènan entèaksyon moun sa a avèk Sovè a, epi pataje yon bagay yo te aprann ki ogmante lafwa yo nan Jezikri. Chante ansanm “Berceuse de Marie à l’enfant Jésus”” oswa “C’est l’heureux temps,”” (Chants pour les enfants, 28, 32). Kisa nou aprann nan kantik sa yo konsènan nesans Sovè a?

Konsidere kijan ilistrasyon atistik ta ka amelyore diskisyon w lan sou nesans Kris la. (Kòm egzanp, gade Liv Tablo Levanjil la oubyen history.lds.org/exhibit/birth-of-christ

Matye 2:1–12.Kisa nou aprann konsènan chèche ak jwenn Sovè a apati egzanp Wa Maj yo?

Lik 2:41–49.Kisa ki se “biznis Papa a”? (Lik 2:49; gade Moyiz 1:39; Manyèl Enstriksyon: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo1.2, ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou aprann konsènan biznis sa a apati istwa a nan Lik 2:41–49? Panse pou w ekri kèk fason fanmi ou ka patisipe nan biznis Papa a sou ti moso papye epi mete yo nan yon veso. Pandan semèn k ap vini an, lè fanmi w ap chèche mwayen pou yo fè travay Papa a, yo ka chwazi ide nan veso sa a. Planifye yon tan kote w ap pataje eksperyans ou yo.

Lik 2:52.Kisa nou ka aprann nan Lik 2:52 a sou fason Jezi te devlope nan lavi li? Ki objektif pèsonèl oswa familyal nou ka tabli pou grandi “nan sajès ak wotè, ak an favè devan Bondye ak lòm”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan ki sigjere: “Stars Were Gleaming,” Chants pour les Enfants, 37.

Amelyore Etid Pèsonèl

Itilize èd pou etid ekriti yo. Pou jwenn ide adisyonèl pandan w ap etidye ekriti yo, itilize resous tankou nòt anba paj yo, Gid pa Sijè yo, Diksyonè Bib la, Gid pou Ekriti yo, ak lòt èd pou ekriti yo ki disponib nan ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
Mari, Joseph, avèk tibebe Jezi

Sovè Mond lan te vini sou tè a nan sikonstans enb.