Nouvo Testaman 2023
2–8 Janvye. Matye 1; Lik 1: “Se Pou sa fèt selon Pawòl Ou”


“2–8 Janvye. Matye 1; Lik 1: ‘Se pou sa fèt selon Pawòl Ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“2–8 Janvye. Matye 1; Lik 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Mari ak Elizabèt

2–8 Janvye

Matye 1; Lik 1

“Se Pou sa fèt selon Pawòl Ou”

Pandan w ap li ak medite Matye 1 ak Lik 1, ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Ki verite doktrinal ou jwenn? Ki mesaj ki pral gen plis valè pou oumenm avèk fanmi ou? Ide pou etid yo bay nan plan leson sa a ka ede ou dekouvri lòt ide adisyonèl.

Ekri Enpresyon w yo

Nan yon pwendvi mòtèl, sa te enposib. Yon fi vyèj pa ka fè pititt—ni yon fi steril ki te deja depase laj pou l te fè pitit. Men Bondye te gen yon plan pou nesans Pitit Gason l lan ak nesans Jan Batis, konsa, Mari ansanm ak Elizatèt te vin manman, kont tout konsiderasyon terès. Li ta ka bon pou w sonje eksperyans mirakile yo te fè yo, lè yo te anfas yon bagay ki te sanble l enposib la. Èske nou ka simonte feblès nou yo? Èske nou ka touche kè yon manm fanmi ki ensansib? Gabriyèl te gen dwa ap pale avèk nou tou lè l te raple Mari, “Pa gen anyen ki enposib pou Bondye” (Lik 1:37). Epi repons Mari a ta ka repons pa nou tou lè Bondye revele volonte li: “Se pou sa fèt dapre pawòl ou” (Lik 1:38).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Kiyès Matye ak Lik ye?

Matye sete yon pibliken Juif, oswa kolektè kontribisyon, ke Jezi te aple kòm youn nan Apot li yo (gade Matye 10:3; gade tou Bible Dictionary, “Pibliken” Matye te ekri Levanjil li a prensipalman pou konsitwayen Juif li yo; se poutèt sa, li te chwazi pou l te mete aksan sou pwofesi Ansyen Testaman yo sou Mesi a ki te akonpli atravè lavi ak ministè Jezi a.

Lik sete yon Janti, yon doktè (ki pa t Juif) ki te vwayaje avèk Apot Pòl. Li te ekri Levanjil li a apre lanmò Sovè a, prensipalman pou oditwa ki pa t Juif yo. Li te temwaye de Jezikri kòm Sovè Juif yo ansanm ak Janti yo. Li te ekri sou resi temwen vizyèl yo sou evènman yo nan lavi Sovè a, epi li te enkli plis istwa ki enplike fi yo an konparezon ak lòt Levanjil yo.

Gade Diksyonè Bib la tou, “Levanjil yo,” “Matye,” “Lik.”

Matye 1:18–25; Lik,1:26–38

Jezikri te pran nesans apati yon manman mòtèl ak yon Papa imòtèl.

Nan Matye 1:18–25 ak Lik 1:26–35, remake kijan Matye ak Lik te dekri mirak nesans Jezi a. Nan ki fason deskripasyon sa yo ranfòse lafwa ou nan Sovè a? Poukisa li enpòtan pou nou konnen ke Jezi sete alafwa Pitit gason Bondye ak pitit gason Mari?

Prezidan Russell M. Nelson te eksplike ke Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a “te mande yon sakrifis pèsonèl pa yon èt imòtèl ki pa t sijè anba lanmò. Men, li te dwe mouri epi reprann pwòp kò li ankò. Sovè a sete sèl moun ki te ka akonpli bagay sa a. Apati manman l, li te eritye pouvwa pou l mouri. Apati Papa l, li te jwenn pouvwa sou lanmò” (Constancy amid Change,” Ensign, Nov. 1993,34).

Lik 1:5–25, 57–80

Bondye akòde nou benediksyon nan moman ke l deside.

Si w twouve w oblije ap rete tann yon benediksyon, oubyen, si Bondye sanble l pa tande priyè ou yo, istwa Elizabèt ak Zakari a ka yon rapèl pou fè w sonje ke li pa bliye ou. Jan Elder Jeffrey R. Holland te pwomèt: “Pandan nou ap travay ak rete tann repons kèk nan priyè nou yo ansanm, m ap ofri nou pwomès apostolik ke Bondye tande priyè nou yo e Li reponn yo, menm si se petèt pa nan lè ak fason nou te vle a. Men yo toujou jwenn repons nan moman ak nan fason yon paran ki omnisyan e ki konpatisan etènèlman ta dwe reponn yo” (“Rete ap tann Senyè a,” Lyawona, Nov. 2020, 115–16). Kijan Zakari ak Elizabèt te rete fidèl? (gade Lik 1:5–25, 57–80). Èske w touve w ap tann yon benediksyon? Kisa w santi Senyè a ap atann de ou pandan w ap tann nan?

Imaj
Elizabèt ak Zakari ak Jan, tibebe

Apre yo te fin tann fidèlman, Elizabèt ak Zakari te jwenn benediksyon pou yo te fè yon tigason.

Matye 1:18–25; Lik,1:26–38

Moun ki fidèl yo soumèt yo volontèman anba volonte Bondye.

Tankou Mari, nou pafwa twouve ke plan Bondye genyen pou lavi nou yo trè diferan avèk sa nou te planifye. Kisa w aprann apati Mari konsènan aksepte volonte Bondye? Nan tablo apre yo, ekri deklarasyon zanj lan ak pa Mari yo (gade Lik 1:26–38), ansanm avèk mesaj yo ou jwenn nan deklarasyon yo te fè yo:

Pawòl zanj la te di Mari

Mesaj pou mwen

Pawòl zanj la te di Mari

“Senyè a avèk ou” (vèsè 28).

Mesaj pou mwen

Senyè a konn sitiyasyon m ak pwoblèm mwen yo.

Pawòl zanj la te di Mari

Mesaj pou mwen

Pawòl zanj la te di Mari

Mesaj pou mwen

Reyaksyon Mari yo.

Mesaj pou mwen

Reyaksyon Mari yo.

“Kijan sa pral fè fèt?” (vèsè 34).

Mesaj pou mwen

Sa OKE pou m poze kesyon lpou m pi byen konprann volonte Bondye.

Reyaksyon Mari yo.

Mesaj pou mwen

Reyaksyon Mari yo.

Mesaj pou mwen

Pandan w ap li sou egzanp ladwati Joseph nan Matye 1:18–25la, kisa w aprann sou aksepte volonte Bondye? Ki ide adisyonèl ou aprann apati eksperyans Zakari ak Elizabèt yo? (gade Lik 1).

Gade tou Lik 22:42; Diksyonè Bib la, “Gabriel.”

Lik ,1: 46–55

Mari te temwaye de misyon Jezikri a.

Pawòl Mari yo nan Lik 1:46–55 la te predi kèk aspè nan misyon Sovè a. Kisa w aprann osijè Jezikri nan deklarasyon Mari yo? Kijan w ta ka konpare vèsè sa yo avèk pawòl Anne yo ki nan 1 Samyèl 2:1–10 yo epi avèk Beyatitid Jezi yo nan Matye 5:3–12. Kisa Lespri a anseye w lè w ap medite sou vèsè sa yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 1:1–17.Pandan fanmi ou ap li jeneyaloji Jezi a ou ta ka diskite pwòp istwa familyal pa w epi pataje kèk istwa konsènan zansèt ou yo. Kijan konnen istwa familyal ou kapab yon benediksyon pou fanmi ou? Pou plis aktivite istwa familyal, gade FamilySearch.org/discovery.

Matye 1:20; Lik 1:11–13, 30.Poukisa moun yo nan vèsè sa yo ka te gen krentif? Kisa ki lakòz nou santi nou pè? Kijan Bondye envite nou pou nou “pa pè”?

Lik 1:37Pou ede fanmi w akeri lafwa ke “anyen pa enposib pou Bondye,” nou gen dwa chèche nan Lik 1 ansanm pou n ka jwenn kèk bagay Bondye te fè ke nou ta ka konsidere kòm bagay enposib. Ki lòt istwa nou ta ka pataje—apati ekriti yo oubyen pwòp lavi nou—kote Bondye te fè kèk bagay ki te aparaman enposib? Rechèch atravè Liv Ilistrasyon Levanjil la ta ka founi kèk ide.

Lik 1:46–55.Ki kèk nan “gwo bagay” Sovè a te fè pou nou? Kisa sa ta ka vledi nana nanm nou pou “mayifye Senyè a”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan ki sigjere: “Il envoya son Fils aimé,” Chants pour les enfants, 20–21

Amelyore Ansèyman Nou

Aplike ekriti yo nan lavi ou. Lè w fin li yon pasaj ekriti, envite manm fanmi yo pou aplike l nan lavi yo (gade Anseye nan Fason Sovè a21). Paegzanp, kijan manm fanmi yo ka aplike sa yo aprann nan Matye 1 and Lik 1 konsènan reponn apèl Senyè a?

Imaj
Gabriyel parèt devan Mari

Ou beni pami tout fi, pa Walter Rane