“24 Fevriye–2 Mas, ‘Nanm yo Gen Gwo Valè’: Doktrin ak Alyans 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
24 Fevriye–2 Mas: “Nanm yo Gen Gwo Valè”
Doktrin ak Alyans 18
Genyen anpil fason diferan pou eseye mezire valè yon moun. Talan, edikasyon, reichès, ak aparans fizik yo tout ka afekte fason nou evalye youn lòt—ak tèt nou. Men nan je Bondye, valè nou se yon bagay pi pi senp toujou, epi li klèman deklare nan Doktrin ak Alyans 18: “Sonje nanm yo gen gwo valè nan je Bondye” (vèsè 10). Verite senp sa a eksplike anpil nan sa Bondye fè ak poukisa Li fè yo. Poukisa Li te enstwi Joseph Smith ak Oliver Cowdery pou etabli Legliz Jezikri nan epòk nou an? (gade vèsè 1–5). Paske nanm yo gen gwo valè. Poukisa Li “kòmande tout moun tout kote pou yo repanti” epi voye Apot yo pou preche repantans? (vèsè 9). Paske nanm yo gen gwo valè. Epi poukisa Jezikri te soufri “lanmò nan lachè” ak “doulè pou tout moun”? (vèsè 11). Paske nanm yo gen gwo valè. SI menm youn nan nanm sa yo chwazi pou aksepte kado Sovè a, Li rejwi, paske “li pran anpil anpil plezi nan nanm ki repanti a!” (vèsè 13).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
“Konstwi legliz mwen an.”
Nan seksyon 18, Senyè a te ba Oliver Cowdery enstriksyon pou l ede jete fondasyon Legliz Jezikri a. Kisa ou remake konsènan konsèy Li te bay—espesyalman nan vèsè 1–5? Ou gendwa konsidere kijan menm konsèy sa a aplike ak nou pou nou “bati” lafwa nou nan Kris. Pa egzanp:
-
Kisaou te “gen dezi pou konnen” de Senyè a? (vèsè 1).
-
Kisa li vledi pou ou pou “konte sou bagay yo ki ekri yo”? (vèsè 3). Kijan Lespri a “te manifeste pou ou” ke bagay sa yo se verite? (vèsè 2; gade tou Doktrin ak Alyans 6:22–24).
-
KIjan ou te bati lavi ou sou “fondasyon levanjil [Sovè a] ak wòch [Li] a”? (vèsè 5).
Poze kesyon. Doktrin ak Alyans se prèv ke kesyon mennen nan revelasyon. Pandan w ap etidye ekriti yo, ekri kesyon ke ou genyen yo. Apresa, medite epi priye pou w chèche repons.
“Nanm yo gen gwo valè nan je Bondye.”
Kijan nou ka detèmien valè yon bagay? Pa egzanp, poukisa youn nan atik nan yon mache pi chè pase yon ? Lè w ap li seksyon 18 semèn sa a, espesyalman vèsè 10–13, you gendwa fè kontras kijan moun souvan detèmine valè avèk sa ki valè yon nanm nan je Bondye. Konsidere sibstitye non ou nan plas mo “nanm,” “nanm yo,” ak “tout moun.” Kijan vèsè sa yo ka ede yon moun ki kesyone valè li?
Sa yo se kèk lòt pasaj ki anseye konsènan valè yon nanm: Lik 15:1–10; Jan 3:16–17; 2 Nefi 26:24–28; Moyiz 1:39. Baze sou pasaj sa yo, kijan ou ta rezime fason Bondye santi l konsènan ou? Ou gendwa fouye tou nan mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf “Ou gen Valè devan Li” (Lyawona, Nov. 2011, 19–22) pou jwenn mo ak fraz yo ki ede ou konnen konsènan valè w devan Bondye.
Kijan Bondye montre nou ke nou gen gwo valè nan je l? Kijan konesans sa a afekte fason w santi w apwopo oumenm ak lòt moun?
Gade tou Joy D. Jones, “Yon Valè Inestimab,” Lyawona, Nov. 2017, 13–15; Sijè ak Kesyon yo, “Pitit Bondye yo,” Libreri Levanjil la.
Senyè a rejwi lè nou repanti.
Remake ak ki frekans mo yo tankou repanti ak repantans sèvi nan tout Doktrin ak Alyans 18. Medite kisa w aprann nan mo sa yo chak fa yo itilize yo? Konsidere espesyalman vèsè 11–16. Kijan vèsè sa yo afekte fason w santi w osijè repantans—pwòp repantans pa w ak responsablite pou w envite lòt moun pou yo repanti ak amelyore? Me yon fason pou anrejistre sa ou aprann: fè lis diferan fason ou ta ka konplete fraz “Repantans se .”
Gade tou Alma 36:18–21; Gid pou Ekriti yo, “Repantans,” Libreri Levanjil la; Dale G. Renlund, “Repantans: Yon CHwa Agreyab,” Liahona, Nov. 2016, 121–24.
Detay apati Piti Gason Banbochè a, pa Clark Kelley Price
Lajwa vini nan ede lòt moun vin jwenn Kris.
Pandan w ap li vèsè 14–, medite sou kisa sa vledi pou “kriye repantans”—epi poukisa li pote anpil lajwa konsa. Ki lòt fason ou te jwenn pou ede lòt moun vin jwenn Sovè a epi resevwa padon? Kijan lòt moun te fè sa pou ou?
Gade tou Craig C. Christensen, ““Pa Ka Gen Anyen Pi Delisye ak Pi Dous Pase Lajwa Mwen te Genyen an”,” Liahona, Me 2023, 45–47.
M ka tande vwa Senyè a nan ekriti yo.
Si yon moun ta mande w ak kisa vwa Senyè a sanble, kisa w t ap di? Panse ak kesyon sa a pandan w ap li Doktrin ak Alyans 18:34–36. Kisa w aprann konsènan vwa Senyè a nan li Doktrin ak Alyans yo? Kisa w ka fè pou w tande vwa l pi klèman?
Gade tou: “Pour Sonder Tes Ecritures,” Cantiques, no.163
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Nou chak gen gwo valè devan Bondye.
-
Pandan ou ak timoun ou yo li Doktrin ak Alyans 18:10–13, konsidere sibstitye non youn lòt nan pals mo “nanm,” “nanm yo,” ak “tout moun” yo. Ou ta ka apresa pale konsènan kijan vèsè sa sa yo ede nou konprann kijan Pè Selès la santi l konsènan nou chak.
-
Ou ta ka mande timoun ou yo tou konsènan bagay ke moun konsidere ki gen valè. Osw aou gendwa kontre yo yon bagay ki gen valè pou ou. Kijan nou trete bagay ki gen anpil valè pou nou? Apresa kite yo chak pran tan pou gade nan yon miwa. Pandan yo fè sa, di chak timoun ke yo se yon pitit Bondye epi yo gen anpil valè. Kijan nou ka montre lòt moun ke “nanm [yo] gen gwo valè” nan je nou?
-
Pou ensiste ke tout moun gen anpil valè devan Pè Selès la, timoun ou yo ta ka gade foto a nan fen prezantasyon sa a pandan w ap li Doktrin ak Alyans 18:10–13. Chante ansanm tankou “Soyons Gentils” (Chants pour les Enfants,83) ta ka ede ranfòse prensip sa a.
Detay apati Valè yon Nanm, pa Liz Lemon Swindle
Pataje levanjil la pote gwo lajwa.
-
Pou enspire timoun ou yo pou pataje levanjil Jezikri a, nou ta ka pale youn ak lòt konsènan eksperyans lè ou te jwenn yon bagay ke ou te vle pataje avèk fanmi oswa fanmi ou. Poukisa ou te vle pataje l, ak kijan te pataje l te fè ou santi w? Apresa ou ta ka li Doktrin ak Alyans 18:13, 16. Kisa ki te bay Senyè a lajwa? Kisa Li di k ap ba nou lajwa? Ou ak timoun ou yo ta ka pale konsènan nenpòt eksperyans yo te fè nan pataje lajwa nan levanjil Sovè a.
-
Yon chante konsènan pataje levanjil la, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants, 90) ta kapab bay pitit ou yo ide sou fason pou pataje levanjil la.
M ka tande vwa Senyè a nan ekriti yo.
-
Timoun ou yo gendwa renmen yon jwèt kote yo eseye idantifye vwa diferan moun, tankou manm fanmi yo, sanmi yo, oswa dirijan Legliz yo. Kijan nou rekonèt vwa yon lòt? Kijan nou rekonèt vwa Senyè a? Nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 18:34–36 pou diskite kesyon sa a. Nou ta kapab pataje tou youn ak lòt kijan ou te tande vwa Senyè a nan ekriti yo.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.