“17–23 Mas: ‘Chèche Bagay ki pou yon Mond ki Pi Bon: Doktrin ak Alyans 23–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 23–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
17–23 Mas: “Chèche bagay ki pou yon Mond ki Pi Bon.
Doktrin ak Alyans 23–26
Pou pifò moun, batize se yon eksperyans plen reverans ak lapè. Sepandan, yon foul moun ki t ap moke yo, menase yo, epi fòse yo kouri, te koze pwobèm nan batèm Emma Smith ak yon kantite lòt moun. Nan apre, pandan Joseph ta pral konfime nouvo manm yo, yo te arete l paske l te fè kominote a fache poutèt li t ap preche. Nan tout opozisyon sa a, kijan Emma ta ka jwenn reyasirans ke li t ap fè bon bagay la? Menm kote nou tout jwenn li an—atravè revelasyon nan men Senyè a. Li te pale Emma de “bagay yon [mond] ki pi bon”—wayòm Li an—ak plas li ladan l. Li te di l pou l pa t pè, pou l te “leve kè [l] epi rejwi,” epi pou l te “respekte alyans [li te] fè yo” Epi mo ankourajman ak konsèy sa yo se “vwa Li pou tout moun” (Doktrin ak Alyans 25:9–10, 13, 16).
Gade Les Saints, 1:89–90, 94–97.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Sovè a ka soulaje m “anba afliksyon [m] yo.”
Revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 24 la te bay pou “pou fòtifye, ankouraje, ak enstwi” Joseph Smith ak Oliver Cowdery pandan yon moman eprèv (antèt seksyon an; gade tou nan Les saints, 1:94–96). Chèche mo nan Doktrin ak Alyans 24 ke w santi ki ap fòtifye ak ankouraje yo.
Kisa ekriti sa yo sigjere w sou fason Sovè a ka ede w anba difikilte w yo?
Ezayi 40:28–31
Detay ki soti nan Li te Geri Anpil Kalite Maladi, pa J.Kirk Richards
Mwen gen yon wòl enpòtan pou m jwe nan wayòm Bondye a.
Pandan Emma Smith t ap gade devlopman Retablisman an atravè mari li, Joseph Smith, li te kapab ap mande tèt li ki wòl li ta ka genyen ladan l. Chèche repons Senyè a te ba l nan Doktrin ak Alyans 25 la. Èske w jwenn yon bagay nan seksyon sa a ke w santi ki se “vwa Li pou ou”? (vèsè 16).
Gade tou (videyo) “Yon Dam Chwazi,” ChurchofJesusChrist.orgTu es une dame élue,” Révélations dans leur contexte, 33–39; Joy D. Jones, “Yon Apèl Espesyalman Nòb,” Lyawona, Me 2020, 15–18.
"An Elect Lady"
“Kontinye nan espri dousè a”
Kisa ekspresyon “espri dousè a” vle di pou ou? Anvizaje chèche nan seksyon 25 mo ak ekspresyon ki ede w konprann kisa sa vle di pou w dou. Mesaj Èldè Bednar la “Dou ak Enb nan Kè” a ta ka ede tou (Lyawona, Me 2018, 30–33). Kijan Jezikri se yon egzanp dousè pou ou? (gade Matye 11:28–30). Panse a bagay nan lavi w ou ka fè “nan espri imilite.”
Li ansenye nou pou nou “mete akote bagay mond sa a, epi chèche bagay yon mond ki pi bon.”
Pandan w ap medite sou konsèy Senyè a nan Doktrin ak Alyans 25:10, li ta bon si w ta fè yon lis “bagay mond sa a” ke L vle pou ou “mete akote.” Apre sa ou ta kapab fè yon lis “bagay yon [mond] ki pi bon” Li vle pou w chèche. Ou ta gen dwa chwazi omwen yon bagay nan premye lis la ke w pral mete akote ak yon bagay nan dezyèm lis la ke w pral chèche.
Prezidan Russell M. Nelson ba nou konsèy ak pwomès konsènan “[mete] bagay mond sa a akote.” Chèche sa nan paj 77 nan mesaj li a “Trezò Espirityèl” (Lyawona, Nov. 2019). Kijan w ap suiv konsèy li a?
Pandan w ap li vèsè 13 la, reflechi sou alyans ou fè avèk Pè Selès la ak Jezikri. Kisa “respekte alyans sa yo” vle di? Kijan alyans ou yo ede w “mete akote bagay mond sa a, epi chèche bagay yon mond ki pi bon.”?
Men kèk lòt ekriti ki ta kapab ede w fè diferans ant “bagay mond sa a” ak “bagay yon mond ki pi bon”: Matye 6:19, 21, 25–34; Lik 10:39–42; 2 Nefi 9:51.
Gade tou nan Sijè ak Kesyon, “Sakrifis,” Libreri Levanjil.
Envite pataj. Si w ap anseye lòt moun sou fason pou “mete bagay mond sa a akote,” anvizaje fason pou w envite yo pataje sa y ap fè pou yo suiv konsèy sa a. Nou ka tire gwo fòs ak kouraj lè nou youn ap koute ide ak eksperyans lòt.
Senyè a rejwi nan “chan ki soti nan kè” m.
Eske w ka site kèk “chan ki soti nan kè” w—chan ki eksprime santiman w konsènan Pè Selès la ak Jezikri? Anvizaje chante oubyen koute kèk nan yo. Ki bagay nan chan sa yo ki fè yo espesyal pou ou?
Ou ta gen dwa medite tou sou jan chan sa yo se tankou yon priyè. Kisa mizik ak priyè sakre genyen an komen? Kijan chan sakre w yo te “jwenn reponn avèk yon benediksyon”?
Gade tou “Oh, quels cantiques du coeur,” Cantiques, no. 186.
“Tout bagay dwe fèt pa konsantman komen nan legliz la.”
Fraz “konsantman komen” an nan vèsè sa a refere a aksyon leve men nou pou montre ke nou soutni ak sipòte yon moun ki ap resevwa yon apèl oswa yon òdinasyon prètriz. Kijan w t ap eksplike yon vizitè ki vini nan yon reyinyon Legliz la kisa sa vle di lè nou soutni yon moun? Ki repons ou jwenn nan mesaj Henry B. Eyring “Pouvwa Soutyen Lafwa a”? Lyawona, Me 2019, 58–60).
Pou plis ide, gade nan nimewo magazin Lyawona ak Pou fòs jèn yo pou mwa sa a.
Ide pou Anseye Timoun yo
Sovè a ka leve m “anlè epi retire m nan afliksyon [m] yo. “
-
Pou w aprann konnen kèk nan afliksyon oswa difililte Joseph Smith ak premye Sen yo te afwonte, ou ta ka revize “Chapit 11: Plis Moun Antre nan Legliz la,”nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 46–47, oubyen nan videyo ki koresponn avèk li a nan Bibliyotèk Levanjil la. Apre sa oumenm ak timoun yo ta ka dekouvri kisa Senyè a te di Joseph konsènan afliksyon l yo nan Doktrin ak Alyans 24:1, 8 Nou youn ta kapab pataje avèk lòt kijan Senyè a ede ou pandan moman difisil yo.
1:52Chapter 11: More People Join the Church: April–June 1830
-
Pou aprann kisa sa vle di pou nou “gen pasyans nan afliksyon [nou] yo”, oumenm ak timoun yo ta ka rekreye eksperyans ki nan videyo “Kontinye ak Pasyans” lan (Libreri levanjil). Kisa Doktrin ak Alyans 24:8 anseye nou sou pasyans? Kijan Sovè a fè nou konnen ke Li ”avèk [nou]“ diran afliksyon nou yo?
2:42Continue in Patience
Jezi renmen “chan ki soti nan kè a.”
-
Apre w fin li Doktrin ak Alyans 25:12, youn ta ka pale lòt de kantik oswa chan Legliz nou pi renmen—“chan ki soti nan kè” w la—epi chante yo ansanm. Youn pataje ak lòt poukisa nou renmen chan sa yo. Poukisa Senyè a kontan lè nou chante chan sa yo? Kijan chan nou yo se tankou “yon priyè pou [Li]”?
Alyans mwen avèk Pè Selès la pote lajwa pou mwen.
-
Pou konprann kisa “respekte alyans yo” vle di (Doktrin ak Alyans 25:13), timoun ou yo ta ka pran tou pou yo kenbe yon bagay osi solid ke yo kapab. Apre sa, oumenm ak timoun yo ta ka pale sou fason ou “akwoche” oubyen kenbe alyans ou yo. Si sa nesesè, revize avèk timoun yo alyans nou fè yo (gade nan Mozya 18:8–10; Doktrin ak Alyans 20:37; ak paj aktivite semèn sa a).
-
Pou bay timoun yo kontèks pou Doktrin ak Alyans 25:13 la, ou ta gen dwa di yo ke sa a se yon bagay Senyè a te di Emma Smith tousuit apre batèm li. Poukisa se tap yon bon konsèy pou yon moun ki te fèk batize?
Pou plis ide, gade nan nimewo magazin Zanmi pou mwa sa a.
Liv Chan Emma a, pa Liz Lemon Swindle