“24–30 Mas: ‘Tout bagay Dwe Fèt nan Lòd’: Doktrin ak Alyans 27-28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 27-28 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 27–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
24–30 Mas: “Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd”
Doktrin ak Alyans 27–28
Revelasyon te toujou yon konsèp relativman nouvo pou Sen yo pandan Retablisman an t ap kontinye dewoule. Pemye manm Legliz yo te konnen ke Pwofèt Joseph Smith te ka resevwa revelasyon pou Legliz la. Men èske lòt moun te kapab? Kesyon tankou sa yo te vin kritik lè Hiram Page, youn nan Yuit Temwen sou plak lò yo, te kwè ke l te resevwa revelasyon pou Legliz la. Anpil Sen fidèl te kwè ke revelasyon sa yo te soti kote Bondye. Senyè a tereponn nan anseye ke nan Legliz Li a “tout bagay dwe fèt nan lòd” (Doktrin ak Alyans 28:13.). Sa te veldi genyen yon sèl moun ki “otorize pou resevwa kòmandman ak revelasyon” pou tout Legliz la (Doktrin ak Alyans 28:2). Lòt moun, toutfwa, te ka resevwa revelasyon pèsonèl pou pati pa yo a nan travay Senyè a. Anfèt. pawòl Senyè a pou Oliver Cowdery yo se yon rapèl pou nou tout: “M ap fè w konnen … kisa pou w fè” (Doktrin ak Alyans 28:15).
Gade tou “Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd”,” nan Révélations dans leur contexte,, 50–53.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Mwen pran sentsèn pou sonje Jezikri.
Sally Knight ak Emma Smith te batize an Jen 1830, men yon foul moun te pètibe konfimasyon yo. De mwa apre, Sally ak mari l, Newel, te vizite Emma ak Joseph, epi yo te deside ke yo t ap fjwenn konfimasyon an kounyeya epi gwoup la t ap pran sentsèn ansanm. Pandan l te sou wout pou l achte diven pou sentsèn nan, yon zanj te stope Joseph.
Li Doktrin ak Alyans 27:1–4 pou chèche jwenn kisa zanj la te asneye li konsènan sentsèn nan. Kisa vèsè sa yo sigjere konsènan fason Sovè a vle nou apwoche sentsèn nan? Kisa ou panse sa vledi pou pran l “avèk yon je fikse sou glwa [Li]”? Medite sou sa—epi chèche jwenn ide konsènan senstsèn nan—pandan w ap li Lik 22:19–20 ak 3 Nefi 18:1–11. (Gade tou videyo “Dènye Soupe a,” “Jezikri Beni Pen an pou Sonje Li,” ak “Jezikri Beni Diven an pou Sonje Li,” Libreri Levanjil la).
The Last Supper
Jesus Christ Blesses Bread in Remembrance of Him | 3 Nephi 18:1-7
Jesus Christ Blesses Wine in Remembrance of Him | 3 Nephi 18:8-11
Pou aprann konsènan fè senstsèn nan tounen yoan eksperyans adorasyon, konsidere etidye mesaj Eldè D. Todd Christofferson nan “Pen Vivan an Ki Desann soti nan Syèl la” (Lyawona, Nov. 2017, 36–39). Kisa Eldè Christofferson anseye ki ka ede ou santi yon pi gwo koneksyon ak Sovè a atravè sentsèn nan? Medite sou sa ou ka fè pou pi byen prepare pou pran anblèm Ekspyasyon Sovè a epi trete yo avèk pi gran reverans ak rezolisyon.
Konsidere chante, koute, oswa li yon kantik senstsèn, tankou “Maintenant, nous prenons la Sainte-Cène” (Cantiqes, no. 169), epi antrejsitre sa ou santi yo konsènan patisipasyon nan òdonans sakre sa a.
Itilize mizik. Mizik sakre envite Lespri a pou temwaye sou verite levanjil yo. Li ka ede ou konprann ak santi verite sa yo nan yon fason memorab. Mizik ede pou rann aprantisaj la pi enteresan.
Gade tou Doktrin ak Alyans 20:77, 79; 59:9–13; Sijè ak Kesyon yo, “Sentsèn,” Libreri Levanjil la; “Obteni ak Konsève yon Remisyon pou Peche yo atravè Ȯdonans yo,” nan David A. Bednar, “Toujou Konsève yon Remisyon pou Peche Ou yo,” Lyawona, Me 2016, 60–62.
Always Retain a Remission of Your Sins
Senyè a bay sevitè Li yo kle prètriz yo pou dirije travay Li.
Kisa nou aprann osijè pwofèt yo ki mansyone nan vèsè sa yo? Ou ta ka chèche jwenn enfòmasyon konsènan yo nan Gid Ekriti yo. Ki benediksyon ki debloke pou nou atravè kle yo ke pwofèt sa yo detni?
Zam Bondye yo ap ede m kanpe kont mal.
Prezidan M. Russell Ballard te di: “Pa gen okenn gwo bagay gran nou kapab fè pou ame tèt nou spirityèlman. Vrè pouvwa espirityèl chita nan anpil pi piti aksyon ki mare ansanm nan yon enfrastrikti fòtifikasyon spirityèl ki pwoteje nou ak kouvri nou kont tout mal” (“Soyez forts dans le Seigneur,” Ensign,, Jiyè 2004, 8).
Pandan w ap aprann konsènan zam Bondye a nan Doktrin ak Alyans 27:15–18, ou ka kreye yon tablo tankou sa a. Kisa w ap fè pou w mete chak pyès nan zam Bondye yo sou ou?
|
Pyès kouvèti pwoteksyon |
Pati nan kò ki pwoteje |
Kisa pati kò sa yo ka reprezante |
|---|---|---|
Pyès kouvèti pwoteksyon Boukliye lajistis | Pati nan kò ki pwoteje Kè | Kisa pati kò sa yo ka reprezante Dezi ak afeksyon mwen yo |
Pyès kouvèti pwoteksyon Kas sali a | Pati nan kò ki pwoteje Tèt oubyen lespri | Kisa pati kò sa yo ka reprezante |
Pyès kouvèti pwoteksyon | Pati nan kò ki pwoteje | Kisa pati kò sa yo ka reprezante |
Pyès kouvèti pwoteksyon | Pati nan kò ki pwoteje | Kisa pati kò sa yo ka reprezante |
Gade tou Efezyen 6:11–18; Jorge F. Zeballos, “Bati yon Lavi ki Kapab Reziste anba Advèsè a,” Lyawona, Nov. 2022, 50–52.
Jezikri dirije Legliz Li a atravè pwofèt vivan Li a.
Imajine kisa sa t ap sanble si tout moun te ka resevwa kòmandman ak revelasyon pou tout Legliz la. Lè Hiram Page te deklare ke l te resevwa kalite revelasyon sa a, anpil manm Legliz la te nan konfizyon. Nan Doktrin ak Alyans 28, Senyè a te revele lòd pou revelasyon nan Lelgliz Li a. Kisa w aprann nan seksyon sa a konsènan wòl espesifik Prezidan Legliz la? Kisa w aprann nan seksyon sa a sou fason Bondye ka dirije nou?
Gade tou Èldè Dale G. Renlund, “Yon Kad pou Revelasyon Pèsonèl,” Lyawona, Nov. 2022, 16–19).
Poukisa yon misyon kote Lamanit yo te gen anpil enpòtans?
Youn nan objektif Liv Mòmon an se “pou Lamanit yo kapab vin gen konesans sou papa yo, pou yo kapab konnen pwomès Senyè a” (Doktrin ak Alyans 3:20). Sa te konsistan avèk pwomès Senyè a te fè anpil nan pwofèt Liv Mòmon yo (gade, paregzanp, 1 Nefi 13:34–41; Enò 1:11–18; Elaman 15:12–13). Premye manm Legliz yo te konsidere Endyen Ameriken yo kòm desandan pèp Liv Mòmon an. (Pozisyon ofisyèl Legliz la jodia sèke Lamanit yo “nan pami zansèt Endyen Ameriken yo” [entwodiksyon Liv Mòmon an].)
Pou n li plis konsènan misyon Oliver la nan pami Endyen Ameriken vwazen yo, gade “Yon misyon kay Lamanit yo,” Révélations dans leur Contexte,, 45–49). Kisa misyon sa a anseye nou konsènan Senyè a ak travay Li a?
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Sentsèn nan ede m sonje Jezikri.
-
Timoun yo gendwa ap mande poukisa nou itilize dlo pou senstsèn nan pandan Jezi te itilize diven (gade Lik 9:10; 3 Nefi 18:1–11). Nou ka li Doktrin ak Alyans 27:1–2 ansanm epi diskite kisa l vledi pou pran senstsèn “avèk yon je fikse sou glwa [Bondye]” (vèsè 2). Kisa nou ka fè pou nou fokis sou Sovè a pandan n ap pran Sentsèn nan?
-
Petèt montre foto, vèsè nan ekriti yo, oswa lirik nan chan yo konsènan Sovè a ka ede timoun ou yo sonje Li lè y ap pran sentsèn nan. Yo gendwa byen kontan kreye yon livrè avèk kèk nan foto, vèsè, ak lirik sa yo. Yo ka desinen pwòp foto pa yo oswa jwenn kèk nan revi Zanmi an.
Detay apati Dènye Soupe a, pa Simon Dewey.
Kouvèti pwoteksyon Bondye a pwoteje m.
-
Ou ka montre timoun ou yo yon foto kouvèti pwoteksyon tankou sa ki nan plan sa a oswa nan paj aktivite a nan plan an pou Efezyen nan Vini, Suiv mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 27:15-18, ede yo jwenn pyès kouvèti pwoteksyon yo nan foto a. Kiijan kouvèti pwoteksyon Bondye yo ede w “reziste jou mechanste a ”? (vèsè 15).
Pwofèt la resvwa revelasyon pou Legliz la; mwen ka resevwa revelasyon pou lavi m.
-
Si ou genyen plizyè timoun, ou gendwa envite yo pou jwe “suiv dirijan an,” men mande de oswa twa timoun pou yo se lidè a an menm tan. Kisa ki rive lè genyen plis pase yon dirijan? Nou ka apresa aprann konsènan Hiram Page (gade “Chapit 14: Pwofèt la ak Revelasyon yo pou Legliz la,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 56–57, oswa videyo korespondan an nan Libreri Levajil la; oswa seksyon antèt la pou Doktrin ak Alyans yo 28). Kijan Pè Selès la te korije konfizyon an pou premye manm yo nan Legliz la? Kijan Li dirije Legliz la jodia? (gade Doktrin ak Alyans 28:2). Pataje temwayaj ou ke Senyè a aple pwofèt aktyèl la pou dirije Legliz li a nan epòk pa nou an.
1:21Chapter 14: The Prophet and Revelations for the Church: September 1830
-
Pandan revelasyon pou Legliz la ap toujou vini atravè pwofèt la, nou tout ka resevwa gidans Sentespri a. Ou ka ede timoun yo chèche jwenn kèk nan ekriti sa yo epi fè yon lis sou fason Sentespri a kapab gide nou: Doktrin ak Alyans 28:1, 4, 15; Jan 14:26; Mowoni 8:26; 10:4–5. Pataje youn avèk lòt kijan nou te resevwa gidans Sentespri a.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.