Ansyen Testaman 2022
27 Novanm. Kijan M ka Pataje Levanjil la? Jonas; Miche


“27 Novanm. Kijan M ka Pataje Levanjil la? Mowoni 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“27 Novanm. Kijan M ka Pataje Levanjil la? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
jènfi ka p pale

27 Novanm

Kijan M ka Pataje Levanjil la?

Jonas; Miche

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon konsènan travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou vin pi pre Sovè a? Nan ki fason n ap eseye vin plis tankou Li?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki te nan lide nou sèjousi? Kijan nou ka ede moun sa yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Nan ki fason nou ka reponn kesyon zanmi nou genyen konsènan Legliz la?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Nan ki fason nou ka pi byen konekte avèk fanmi lwen nou yo, tankou granparan ak kouzen?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Gendwa gen manm nan klas ou oubyen kowòm ou an ki jwen fason pou pataje levanjil la vire tounen. Ou gendwa konsa tou! Men, pou anpil moun, pataje levanjil la difisil e li menm efreyan. Erezman, nou tout kapab vin pi bon nan pataje lafwa nou nan Jezikri. Nou gen dwa pa tande vwa Senyè a k ap kòmande nou pou nou fè yon bagay tankou “ale Niniv, gran vil la, epi kriye kont li,” jan Jonas te tande L la (Jonas 1:2). Men chichotman Sentespri a ka pouse nou pou nou “ale jwenn” manm fanmi spesifik ak zanmi ki prepare pou tande temwayaj ou. Rete ouvè avèk sa w ka aprann de eksperyans Jonas la pandan w ap etidye semèn sa a, epi prepare w pou w pataje sa w te aprann yo avèk moun w ap ansenye yo. Ou ta ka li mesaj Èldè D. Todd Christofferson nan tou “Pataje Mesaj Retablisman ak Rezirèksyon an” pandan w ap prepare w pou ou ansenye (Liahona, Me 2020, 110–13).

Imaj
Jènjan k ap li ekriti yo

Sentespri a ka enspire nou pou nou pataje levanjil la avèk moun ki pare pou tande temwayaj nou.

Aprann Ansanm

Pou ede moun w ap ansenye yo pataje enpresyon yo te genyen nan etid Jonas yo an semèn sa a, ou ta ka montre yon foto Jonas (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi). Envite yo diskite sa yo te aprann konsènan pataj levanjil la nan eksperyans Jonas yo. Ou ta ka envite yo pou yo revize Jonas 1 ak 3 spesifikman epi mande: kisa nou aprann konsènan pataj levanjil la avèk moun ki petèt pako pare pou yo chanje? Kisa nou aprann konsènan volonte Bondye pou padone moun ki repanti? Pou enspire manm klas oubyen kowòm ou yo pataje levanjil la, itilize youn oubyen plis nan aktivite sa yo oubyen kreye pwòp aktivite pa w.

  • Pou w jwenn ide sou fason pou pataje levanjil Sovè a avèk lòt moun, manm klas oubyen kowòm ou an ka revize istwa sa yo nan ekriti yo: Jan 4:3–26; Ak 16:25–33; Alma 19:14–18, 28–31. Apresa ou ta ka diskite ansanm kesyon tankou kesyon sa yo: Kijan moun nan istwa sa yo te prepare pou yo te tande mesaj levanjil la? Kisa w remake sou fason mesaj la te pataje? Poukisa w panse Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri vle nou pataje levanjil la? Apresa, kòm yon klas oubyen yon kowòm, nou ta ka diskite sou sa istwa sa yo anseye nou sou fason nou ka pataje levanjil la jodi a.

  • Lè yo li egzanp enspire sou lòt moun ki ap pataje levanjil la, sa ka ankourje jèn w ap ansenye yo pou yo fè menm bagay la tou. Èldè D. Todd Christofferson te pataje kèk egzanp nan mesaj li a ki rele “Pataje Mesaj Retablisman ak Rezirèksyon an.” Nan mesaj li a, Èldè Christofferson te anseye ke gen twa bagay ki nesesè pou rann envitasyon n ap fè moun pou yo resevwa levanjil la atiran: lanmou nou, egzanp nou, ak jan nou itilize Liv Mòmon an. Diskite sou egzanp pataj levanjil ki nan mesaj sa a, epi envite moun w ap ansenye yo pou yo pataje lòt egzanp, enkli eksperyans pèsonèl pa yo. Nan ki fason eksperyans sa yo demontre twa bagay Èldè Christofferson te ansenye yo?

  • Nan ki fason nou ka ede moun n ap ansenye yo konprann ke pataj levanjil la ka natirèl e li pa bezwen entimide nou? Ou ta ka pase videyo ki nan seksyon “Resous pou Sipò” a epi mande jèn yo pou yo reflechi sou fason yo ta ka pataje levanjil la avèk yon moun yo konnen. Kisa nou ka fè pou nou envite yo vin wè? Ki opòtinite yo genyen pou yo vin ede? Kijan nou ka ede yo santi yon dezi pou yo vini epi pou yo rete? Nan ki fason nou ka fè pataje levanjil la vin yon pati nan lavi chak jou nou?

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo vle, yo ka pataje ide yo. Envite yo reflechi sou kijan aji sou enpresyon yo resevwa yo ap fòtifye relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Moun yo ka pi plis opere chanjman siyifikan nan lavi yo lè chanjman sa yo soti nan egzèse pwòp libabit yo. Lè w lanse yon envitasyon pou aji, asire ke w respekte libabit moun w ap anseye yo.(Anseye nan Fason Sovè a, 35).