Ansyen Testaman 2022
11 Desanm. Èske m Mete Bagay Bondye yo Anpremye nan Lavi Mwen? Aje; Zakari 1–3; 7–14


“11 Desanm. Èske m Mete Bagay Bondye yo Anpremye nan Lavi Mwen? Aje; Zakari 1–3; 7–14,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“11 Desanm. Èske m Mete Bagay Bondye yo Anpremye nan Lavi Mwen?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
fanmi ki deyò tanp la.

11 Desanm.

Èske m Mete Bagay Bondye yo Anpremye nan Lavi Mwen?

Aje; Zakari 1–3; 7–14

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa, itilize youn oubyen plizyè nan kesyon anba a oswa pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou aji sou sa w diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kisa episkopa a diskite nan reyinyon konsèy jèn pawas nou yo? Ki aksyon nou kapab pran baze sou diskisyon an?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou ka lonje lamen bay moun nan fason Kris la lè nou wè yon bezwen e nou pa konn kisa pou n di?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki bagay nou jwenn nan levanjil Jezikri a ki ba nou lajwa? Kijan nou ka pataje lajwa sa a avèk lòt moun?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kisa n ap fè pou nou jwenn non zansèt nou yo ki bezwen òdonans tanp yo? Kisa nou ka fè pou ede lòt moun jwenn non zansèt pa yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Lavi a chaje avèk bagay enpòtan pou nou fè. Si nou pa pran prekosyon, okipasyon lavi yo ka lakoz nou bliye bi lavi a. Nou konnen Sovè a ak levanjil Li a ta dwe pi gwo priyorite nou, men lòt bagay kapab distrè nou fasilman. Petèt se poutèt sa ekriti yo konseye nou pou nou “Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.” (Pwovèb 4:26), “Kalkile byen sou sa k ap rive nou la a” (Aje 1:5), egzaminen konsyans nou byen pou wè si n’ap viv ak konfyans nan Bondye” (2 Korentyen 13:5).

Izrayelit ki t ap viv nan tan pwofèt Aje yo te bezwen kalite envitasyon sa a. Nan bonjan efò yo pou yo rebati Jerizalèm, yo te ranvwaye rebatisman kay Izrayèl la. Konsidere kijan avètisman Senyè a nan Aje 1 an ta ka aplike a noumenm jodia. Kijan w ap enspire moun w ap anseye yo pou yo evalye angajman yo pou yo mete bagay Bondye yo anpremye nan lavi yo? Ou ta ka revize mesaj Èldè Dale G. Renlund la “Yon Angajman Inebranlab anvè Jezikri” (Liahona, Nov. 2019, 22–25) oswa ansèyman Prezidan Ezra Taft Benson yo nan “Gran Kòmandman an—Renmen Senyè a” (nan Enseignements des présidents de l’Église: Ezra Taft Benson [2014], 37–45).

Imaj
klas jènfi

Nou kapab fè bagay Bondye yo vin pigwo priyorite nou.

Aprann Ansanm

Ou kapab kòmanse yon diskisyon nan ekri fraz ki soti nan Aje 1:6 yo sou tablo a. Kisa nou ka aprann nan ide sa yo—plante semans men pa janm rekòlte, manje men pa janm rasazye, oswa gen lajan men mete l nan yon sak ki gen twou—konsènan pase tan nan lòt bagay olyede sa Senyè a vle nou fè? Pandan ke Senyè a pa mande nou pou nou fokis sou bati yon tanp, sou kisa Li mande nou pou nou fokis? Kijan nou kapab fè de bagay sa yo vin yon gwo priyorite nan lavi nou? Aktivite sa yo kapab ede jèn yo evalye angajman yo pou yo mete bagay Bondye yo anpremye nan lavi yo.

  • Pataje sentsèn nan chak semèn se yon opòtinite ekselan pou evalye angajman nou anvè Jezikri. Kòman nou ka itilize sentsèn nan pou nou konsidere si wi ou non n ap vin plis menmjan ak Sovè a? Petèt jèn yo ta ka pataje fason yo fè sa. Yo ta ka fè yon lis kesyon yo ta ka poze tèt yo pandan sentsèn nan tou. Envite yo pou yo medite sou youn oswa plis ekriti, mesaj, oswa lòt resous ki nan “Resous pou Sipò” yo lè y ap fè lis yo a.

  • Prezidan Dieter F. Uchtdorf, nan mesaj li a “Konsènan Bagay Ki Konte Plis yo” (Liahona, Nov. 2010, 19–22), pataje yon konsèy ki ta ka ede jèn yo “kalkile byen sou sa k ap rive nou la a.” (Aje 1:5). Ou ta ka envite chak moun oswa yon ti gwoup moun pou li twa dènye seksyon nan diskou a (kòmanse avèk seksyon “Pouvwa Bagay Debaz yo”), pandan y ap chèche kisa savle di pou nou fokis lavi nou sou Sovè a. Yo ta ka pataje yon bagay yo santi yo enspire pou yo fè pou yo ranfòse angajman yo anvè Jezikri.

  • Anpil nan nou okipe anpil ap fè bon bagay. Men yo pa toujou pi bon bagay la. Panse pou w pataje yon deklarasyon ki soti nan premye seksyon mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Bon, Meyè, Pi Bon” an nan (Liahona, Nov. 2007, 104–8) ki kapab ede jèn yo konpran prensip sa a. Ou ta ka envite yo chak pou yo fè yon lis aktivite yo fè chak jou tou. Mande yo pou yo evalye pèsonèlman si chak aktivite “bon,” “meyè,” oswa “pi bon.” Kisa k fè yon aktivite “pi bon”? Ankouraje jèn yo pou youn pataje avèk lòt sa yo aprann nan evalyasyon pèsonèl sa a.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo panse sou kijan aplike enpresyon yo resevwa yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Li pa nesesè pou w kouvri tout bagay nan yon sèl peryòd klas pou w touche kè yon moun—souvan youn oubyen de pwen kle sifi.” (Anseye nan Fason Sovè a, 7).