Ansyen Testaman 2022
11 Septanm. Kijan m ka Pwòp ak Kontan Ankò apre m Fin Peche? Ezayi 1–12


“11 Septanm. Kijan m ka Pwòp ak Kontan Ankò apre m Fin Peche? Ezayi 1-12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“11 Septanm. Kijan m ka Pwòp ak Kontan Ankò apre m Fin Peche?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
yon jènjan k ap souri

11 Septanm

Kijan m ka Pwòp ak Kontan Ankò apre m Fin Peche?

Ezayi 1–12

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an kote w ap itilize youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Nan ki fason vire al jwenn Senyè a ede nou fè fas a difikilte ak eprèv nou yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès nou konnen ki bezwen priyè ak amitye nou?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki plan pou pataje levanjil la ki te diskite nan reyinyon konsèy jèn pawas yo? Nan ki fason manm klas nou yo oubyen manm kowòm nou yo kapab patisipe?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Nan ki fason travay istwa familyal ka fòtifye relasyon nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Lè nou santi nou koupab apre peche, nou gen yon chwa. Santiman sa yo, malgre yo di, kapab yon benediksyon si yo pouse nou ale nan repantans. Men Satan di nou ke santiman sa yo vle di ke Bondye pa renmen nou epi li eseye dekouraje nou e fè nou santi nou san espwa. Gendwa genyen nan pami moun w ap anseye yo ki santi yo lou anba santiman konsa. Yo ka mande tèt yo si yo ka janm vin pwòp ak kontan ankò. Kijan w ta ka ede yo jwenn esperans nan Ekspyasyon Sovè a?

Pwofèt Ezayi te reprimande pèp la anpil pou peche yo. Men li te temwaye yo ke gras ak Sovè a, “menm si peche nou yo tache wouj kou san, y ap vin blan kou lanèj” (Ezayi 1:18). Reflechi sou sa pandan w ap li Ezayi 1-20 semèn sa a. Kisa ki ka enspire moun w ap ansenye yo pou yo al jwenn Jezikri avèk lafwa ke l ka retire fado peche yo? Ou ta gen dwa etidye temwayaj Kris la Sè Sharon Eubank te rann nan mesaj li a “Kris: Limyè ki Briye nan Fènwa” a nan (Liahona, Me 2019, 73–76).

Imaj
jènfi nan yon klas

Gras avèk Jezikri, fado peche nou yo ka soti sou do nou.

Aprann Ansanm

Pou prepare yon diskisyon ki bati sou Ezayi 1-12, ou ta ka mande chak jèn yo pou yo vini avèk yon bagay wouj ak yon bagay blan nan reyinyon an. Ou ta ka afiche bagay sa yo lè n ap li Ezayi 1:16-18ansanm. Apresa jèn yo ta ka pataje nan pwòp mo pa yo sa yo t aprann nan vèsè sa yo. (Gade diskisyon sè Sharon Eubank la nan vèsè 18 nan “Kris: Limyè ki Briye nan Fènwa.”) Men kèk lòt aktivite ki ka enspire lafwa nan pouvwa Sovè a pou fè nou pwòp spirityèlman.

  • Repase egzanp sou repantans nan ekriti yo ka ede moun w ap ansenye yo bati lafwa ke Jezikri ka fè yo pwòp spirityèlman. Ou ta ka ekri non tankou Sòl (ki te vin Pòl nan apre), Jèn Alma, Zizwòm, ak Anti Nefi Leyi yo. Ou ta ka ekri de gwoup referans ekriti tou: Travay 8:3; Mozya 27:8–10; Alma 11:21–23; Alma 17:12–15 (moun sa yo nan eta pechè yo) ak Travay 9:13–20; Alma 36:17–24; Alma 15:5–12; Alma 23:6–12 (apre moun sa yo vire bay Sovè a e repanti). Jèn yo ta ka fè chak non matche avèk ekriti yo wè ki dekri moun sa a. Kisa moun sa yo te fè pou yo repanti? Kisa istwa sa yo ansenye sou dispozisyon Sovè a pou L padone? Èske nou wè kèk modèl nou ka suiv?

  • Pou ede moun w ap ansenye yo pi byen konprann padon peche, ou ta ka bay chak moun yon analoji oubyen yon parabòl pou yo etidye. Sa gen dwa enkli parabòl anfan pwodij la (gade Lik 15:11-24); Sovè a kòm Bèje nou (paragraf 5-8 nan mesaj Èldè Dale G. Renlund nan “Bon Bèje Nou an” [Lyawona, Me 2017, 29-32]); ak yon pyano kraze (kòmansman mesaj Sè Cristina B. Franco a “Pouvwa Gerizon Jezikri” [Liahona, Nov. 2020, 60–62]). Jèn yo ta ka rezime chak analoji oubyen parabòl epi diskite sa l ansenye nou sou lanmou ak pouvwa ekspyatwa Sovè a.

  • Santi nou dezole paske nou peche se yon bon bagay e sa ka mennen nou nan repantans. Santiman nou dekouraje oubyen san valè poutèt peche nou fè p ap ede nou e sa ka anpeche nou repanti. Manm klas oubyen kowòm ou yo ka li seksyon ki rele “Tristès Selon Bondye” a nan mesaj Prezidan Dieter F. Ucthdorf la “Ou ka Fè L Kounye a!” (Liahona, Nov. 2013, 55–57). Ki diferans ki genyen ant tristès pou peche ki mennen nan repantans ak tristès ki mennen dezespwa? (gade 2 Korentyen 7:9–10; Mòmon 2:12–14). Si yon moun santi l gen santiman kilpabilite ak dezespwa poutèt peche, kisa nou ta ka di oubyen fè pou ede l vire al jwenn Sovè a? Envite jèn yo pou yo pataje temwayaj yo sou Sovè a ak mizèrikòd Li.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou fason aji sou enpresyon yo resevwa yo ap fòtifye relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

  • Dallin H. Oaks, “Pwòpte pa Repantans,” Liahona, Me 2019, 91–94

  • Repantans Atravè Ekspyasyon Jezikri a,” nan chapit 3 nan Preche Levanjil Mwen an (2019), 51–52

  • Repantans: Yon Chwa Jwaye” (video), ChurchofJesusChrist.org

Anseye nan Fason Sovè a

“Temwayaj pèsonèl Sovè a bay pawòl Li yo otorite. … Pandan w ap rann temwayaj ou sou vrè doktrin nan, Lespri a ap konfime verasite doktrin nan nan kè moun w ap anseye yo“ (Anseye nan Fason Sovè a, 21).