Ansyen Testaman 2022
25 Septanm. Ki Responsablite Nou nan Travay Sali a ak Egzaltasyon an? Ezayi 40–49


“25 Septanm. Ki Responsablite Nou nan Travay Sali a ak Egzaltasyon an? Ezayi 40–49,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“25 Septanm. Ki Responsablite Nou nan Travay Sali a ak Egzaltasyon an Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
jèn ki kanpe deyò yon tanp

25 Septanm.

Ki Responsablite Nou nan Travay Sali a ak Egzaltasyon an?

Ezayi 40–49

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa, itilize youn oswa plizyè nan kesyon anba a oubyen pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon konsènan travay sali a ak egzaltasyon an (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou w aji sou sa w diskite a.

  • Viv levanjil la. Kisa nou te diskite dènye fwa a, epi ki envitasyon oswa tach ki te fèt? Kisa nou te fè pou n reponn a envitasyon oswa angajman sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kisa nou kapab fè oswa di pou nou lonje lamen bay moun ki ka santi yo sèl oswa lwen Papa nou ki nan Syèl la?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki fason nou kapab ede lòt moun santi lanmou Jezikri?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki ide nou youn ka pataje avèk lòt pou ede ranfòse fanmi nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Li klè nan ekriti yo ke ede avèk travay Senyè a se pa pou adilt sèlman. Samyèl te yon ti gason lè Senyè a te pale avèk li pou lapremyè fwa. Mari te pwobableman yon jènfi lè yon zanj te vizite l pou te anonse l ke li ta pral vin manman Sovè a. Epi Joseph Smith te gen 14 zan lè Senyè a te aple li pou l te retabli levanjil la. Pa twò lontan, Prezidan Russell M. Nelson te envite tout jèn yo pou yo “anwole nan batayon pou jèn Senyè a pou yo ede rasanble Izrayèl (“Espwa Izrayèl” [Devosyon Mondyal pou Jèn yo, 3 Jen 2018], ChurchofJesusChrist.org). Sètènman, lè Senyè a te di, “Nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m yo” (Ezayi 41:8), sa te enkli tout pèp alyans Li a, enkli moun ki nan klas oswa kowòm ou yo.

Menmsi nou tout fè alyans pou nou sèvi Bondye lè nou batize, se pa tout jèn yo ki wè tèt yo kòm sèvitè Senyè a. Yo gen dwa pa rekonèt fason san parèy ke yo kapab ede nan travay Li a. Chèche pasaj nan Ezayi 41–44 ak seksyon 1.2 nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki ta ka ede jèn yo konprann kisa sa vle di pou n vin yon sèvitè Senyè a.

Imaj
jènfi deyò yon tanp

Chak jèn moun kapab kontribye nan travay sali ak egzaltasyon an.

Aprann Ansanm

Ezayi 41–44 kabap ede jèn yo konprann sa sa vle di pou yo vin yon sèvitè Senyè a. Pou kòmanse yon diskisyon, ou ta ka ekri referans tankou sa yo sou tablo a: Ezayi 41:8–10; 42:6–7; 43:9–12; 44:21. Chak moun kapab chwazi yon pasaj, li li, epi pataje sa li aprann sou kisa sa vle di pou yon moun se yon sèvitè Senyè a. Nan ki fason nou se sèvitè Senyè a? Ki benediksyon ki vini lè nou nan sèvis Li? Men lòt fason pou w ede moun w ap anseye yo mennen moun bay Kris kòm patisipasyon aktiv nan travay Li a.

  • Èske moun w ap anseye yo konprann kisa “mo sali ak egzaltasyon an” ye? Pou w ede yo, ou ta ka bayo angajman pou yo etidye (endividyèlman oswa an ti gwoup) youn nan kat souseksyon nan seksyon 1.2 nan Manyèl Jeneral la. Chak souseksyon dekri yon aspè nan travay la. Mande jèn yo pou yo medite sou kesyon tankou sa yo: Ki bagay espesifik yon moun ki nan laj mwen ta ka fè pou l patisipe nan aspè sa a nan travay sali a? Kisa klas nou an oswa kowòm nou an kapab fè? Chak moun oswa chak gwoup ta ka pataje sa yo te aprann, ansanm avèk repons kesyon yo.

  • Moun w ap anseye yo ka benefisye nan aprann plis sou kat aspè travay sali ak egzaltasyon an—viv levanjil Jezikri a, pran swen moun ki nan nesesite yo, envite tout moun pou yo resevwa levanjil la, ak ini fanmi yo pou tout tan. Yo te kapab chwazi yon aspè ki enterese yo epi eksplore kèk nan atik ki gen rapò avèk li anba “Resous pou Sipò” a. Kite jèn yo pataje sa yo jwenn ki enspire yo pou yo vin pi konvèti nan Senyè a epi ede lòt moun yo fè menm bagay la. Apresa yo te ka planifye pou yo fè yon bagay ki ede akonpli travay sa a. Prezidan klas la oswa prezidan kowòm nan te ka dirije diskisyon an.

  • Pou w ede jèn yo medite sou fason yo kapab itilize talan yo pou yo mennen nanm bay Kris la, ou ta kapab mande yo chak pou yo etidye yon seksyon nan mesaj Èldè John C. Pingree Jr. “Mwen gen yon travay pou ou” a nan (Liahona, Nov. 2017, 32–35). Yo te kapab pataje kijan sa yo aprann yo ta ka ede yon moun ki pa sèten ke l ka ede nan travay Senyè a. Nou te ka revize ansanm seksyon “Dekouvri ak Devlope Don Espirityèl yo” tou nan mesaj Èldè Pingree a. Kijan Senyè a ede nou dekouvri ak devlope talan nou?

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo panse a kijan aplike enpresyon yo resevwa yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Si jèn yo santi ke w fè yo konfyans, konfyans yo nan potansyèl diven yo ap grandi” (Anseye nan Fason Sovè a 28).