Doktrin ak Alyans 2021
14 Fevriye. Kisa Prètriz la ye? Doktrin ak Alyans 12-13; Istwa—Joseph Smith 1:66-75


“14 Fevriye. Kisa Prètriz la ye? Doktrin ak Alyans 12–13; Istwa—Joseph Smith 1:66-75,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“14 Fevriye. Kisa Prètriz la ye?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
Jan Batis ap konfere Prètriz Aawon an

Sou Noumenm, Sèvitè Parèy Mwen yo, pa Linda Curley Christensen

14 Fevriye

Kisa Prètriz la ye?

Doktrin ak Alyans 12-13; Istwa—Joseph Smith 1:66-75

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa manm klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yo ansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou bagay tankou sa w pral wè la a yo, epi planifye fason pou aplike sa w diskite yo (ou ka deside nan yon reyinyon prezidans sou ki sijè pou n diskite:)

  • Kowòm oswa klas nou an. Ki aktivite nou te genyen resaman? Èske yo te reyisi? Kisa ki te pase byen, epi kijan nou ka amelyore yo?

  • Devwa oswa responsablite nou. Kiyès ki bezwen sèvis nou? Kijan nou ka ede yo?

  • Lavi nou. Sou ki bi nou ta renmen travay endividyèlman? Ki eksperyans nou ka pataje? Ki benediksyon nou te resevwa?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan ou klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Pandan w ap li sou restorasyon Prètriz Aawon an nan Doktrin ak Alyans 13, eseye li pandan w ap panse a jan moun w ap anseye yo santi yo. Èske yo konprann pouvwa prètriz la nan lavi yo? Kijan òdonans prètriz yo tankou batèm ak sentsèn te ede w resevwa pouvwa Sovè a? Panse a kèk eksperyans ou ta kapab pataje. Pou prepare w pou anseye sou prètriz la, anvizaje etidye ekriti yo sigjere yo nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak “Prètriz” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
jènjan ki ap li ekriti yo nan klas

Ekriti yo ede nou konprann kijan prètriz la beni lavi nou.

Aprann ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon sou prètriz la, ou ta kapab envite manm yo nan kowòm nan ou klas la pou yo pataje sa yo konnen sou retablisman Prètriz Aawon an, sa enkli sa yo li semèn sa a nan Doktrin ak Alyans 13 ak Istwa—Joseph Smith 1:66–75. Ou ta kapab montre yon foto ki prezante retablisman Prètriz Aawon an tou (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la [2009], no. 93) epi envite manm kowòm oswa klas la pou yo pataje sa yo konnen sou evenman sa a. Poukisa nou rekonesan dèske prètriz la te retabli? Aktivite sa yo kapab ede moun w ap anseye yo pi byen konprann kisa prètriz la ye ak kijan li beni nou.

  • Kijan manm kowòm nan ou klas la eksplike sa prètriz la ye pou yon moun ki pa t janm tande pale de li anvan? Pou ede yo, ou ta kapab mete sou tablo a yon lis ki gen kèk kesyon moun ta kapab genyen konsènan prètriz la, tankou Kisa prètriz la ye? Kijan moun resevwa prètriz la? Kijan yon detantè prètriz dwe aji? Kisa detantè prètriz fè? Envite moun w ap anseye yo pou yo chèche repons yo pandan y ap itilize ekriti yo ak lòt resous ke nou jwenn nan “Resous pou Sipò” a epi ekri repons yo sou tablo a. Ou ta kapab mande yo pou yo pataje benediksyon ki te vin nan lavi yo akoz de prètriz la. Ou ta kapab montre ak diskite sou videyo “Jan Prètriz la Travay” la nan (ChurchofJesusChrist.org; gade tou nan Dale G. Renlund, “Prètriz la ak Pouvwa Redanmsyon Sovè a,” Lyawona, Nov. 2017, 64–67).

  • Si w ap anseye detantè Prètriz Aawon, li ta kapab nan avantaj yo pou yo ta revize mesaj Frè Douglas D. Holmes lan “Sa Chak Detantè Prètriz Aawon Bezwen Konprann” (Lyawona, Me 2018, 50–53). Ou ta kapab bay yon manm kowòm nan responsablite pou l revize premye paragraf yo nan yon mesaj oubyen nan youn nan kat lòt seksyon yo. Invite chak moun pou yo chèche yon bagay ke yo santi chak detantè Prètriz Aawon an bezwen konprann. Ba yo yon chans pou yo pataje sa yo te aprann nan epi pou yo eksplike poukisa yo te chwazi ansèyman sa a.

  • Si w ap anseye jènfi, ou ta kapab pataje mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Trezò Espiritèl,” ki te adrese a yomenm (Lyawona, Nov. 2019, 76–79). Ou ta kapab mande manm klas la pou yo fouye mesaj sa a pou yo chèche jwenn yon bagay yo kapab fè “pou atire pouvwa Sovè a nan lavi yo” pi konplètman (paj 77). Kisa Prezidan Nelson te anseye sou jan nou kapab aksede a pouvwa prètriz la? Kijan pouvwa prètriz la beni nou? Ankouraje jènfi yo pou yo reflechi sou kijan yo pral aplike envitasyon sa a ke Prezidan Nelson fè yo: “Mwen sipliye nou pou nou etidye nan lapriyè tout verite nou ka jwenn konsènan pouvwa prètriz la” (page 79).

Aji avèk lafwa.

Ankouraje manm kowòm nan oswa klas la pou yo medite epi pou yo ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a. Ki rapò ki genyen ant leson jodi a ak bi pèsonèl yo te fikse yo? Si yo vle, manm kowòm nan oswa klas la ta kapab pataje ide yo.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Senyè a te anseye disip Li yo pou yo ale nan ekriti yo pou yo ka jwenn repons pou kesyon yo ak resevwa fòs espirityèl. Kijan w ka ankouraje moun w ap anseye yo pou yo ale nan ekriti yo pou yo jwenn repons pou kesyon yo ak pwoblèm yo? (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a [2016], 30.)