Doktrin ak Alyans 2021
24 Janvye. Kijan M Ka Prepare M Pou M Patisipe nan “Travay Mèveye” Bondye a? Doktrin ak Alyans 3-5


“24 Janvye. Kijan M Ka Prepare M Pou M Patisipe nan “Travay Mèveye” Bondye a? Doktrin ak Alyans 3-5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“24 Janvye. Kijan M Ka Prepare M Pou M Patisipe nan ‘Travay Mèveye’ Bondye a?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
jènfi ak jènjan devan yon tanp

24 Janvye

Kijan M Ka Prepare M Pou M Patisipe nan “Travay Mèveye” Bondye a?

Doktrin ak Alyans 3-5

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yo ansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou bagay tankou sa w pral wè la a yo, epi planifye fason pou aplike sa w diskite yo (ou ka deside nan yon reyinyon prezidans sou ki sijè pou n diskite:)

  • Kowòm oswa klas nou an. Kisa nou ka fè pou nou bati inite pami manm kowòm nan ou klas la? Sou ki objektif nou ta renmen travay ansanm?

  • Devwa oswa responsablite nou. Kisa n ap fè pou nou pataje levanjil la? Ki eksperyans nou genyen nan fè travay tanp ak istwa familyal?

  • Lavi nou. Kijan nou wè men Senyè a nan lavi nou? Kisa ki te enspire nou nan etid nou semèn sa a?

Nan fen leson an, si sa apwopropriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Lè premye sen yo te fèk kòmanse tande mesaj levanjil retabli a, anpil ladan yo te vle konnen kisa yo ta kapab fè pou ede nan travay la. Papa Pwofèt Joseph Smith, Joseph Smith Senyò, se te youn nan moun sa yo ki te poze kesyon pou konnen volonte Senyè a pou li. Depi lè sa a, repons Senyè a, ke nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 4, te enspire anpil jenerasyon moun pou yo sèvi avèk “tout kè ou, tout pouvwa ou, tout panse ou, ak tout fòs ou,” (vèsè 2). Ke se pou sèvi yon misyon oubyen sèvi nan nenpòt apèl oubyen yon responsablite nan Legliz la, kalifikasyon pou sèvis se toujou menm bagay la: yon dezi pou sèvi Bondye ki melanje avèk lafwa, lesperans, charite, ak lanmou (gade nan Doktrin ak Alyans 4:2–6). Kijan w ka ede manm kowòm nan ou klas la ranfòse dezi yo pou yo sèvi ak prepare yo pou opòtitnite y ap genyen pi devan pou yo sèvi?

Pou prepare w pou dirije manm kowòm nan ak klas la nan etid sa a, ou ta kapab li epi medite sou youn ou plis mesaj nou jwenn nan “Resous pou Sipò” yo.

Imaj
jènjan ki ap vizite yon mesye ki pi aje

Pran swen moun ki nan bezwen yo fè pati de travay sali a.

Aprann Ansanm

Manm kowòm nan ou klas la gen dwa te enspire pou yo sèvi Senyè a avèk plis dilijans akozde lekti Doktrin ak Alyans 3–5 semèn sa a. Pou ankouraje yo pataje panse yo, ou ta kapab envite yo imajine ke y ap aplike pou yon travay. Ki kalifikasyon yo tap bezwen mete nan yon kourikoulòm vite oubyen mansyone nan yon antrevi pou travay? Yo ta kapab revize Doktrin ak Alyans 4 epi idantifye kalifikasyon Senyè a egzije pou moun ki vle patisipe nan travay Li a. Seleksyone youn ou plis nan aktivite ki mansyone pi ba la a yo pou ede moun w ap anseye yo panse a kisa yo ka fè pou yo patisipe pi konplètman nan “travay mèveye” Bondye a (Doktrin ak Alyans 4:1).

  • Pou ede moun w ap anseye yo aprann kijan yo kapab patisipe nan akselerasyon travay sali a, ekri sou tablo a definisyon sa a ke nou genyen pou travay sali a: Bondye envite tout moun pou yo vin jwenn Kris epi pou yo ede nan travay Li a nan viv levanjil Jezikri a, pran swen moun ki nan bezwen yo, envite tout moun pou yo resevwa levanjil la, epi ini fanmi yo pou letènite. Envite manm kowòm nan ou klas la diskite kijan lis kalite ki nan Doktrin ak Alyans 4 la t ap ede yo fè chak pati nan travay sali a. Divize jèn yo an gwoup, epi kite chak gwoup diskite fason yo kapab devlope kalite sa yo. Kisa nou ka fè pou nou fè travay sali a vin tounen yon pati pi enpòtan nan lavi nou?

  • Envite manm kowòm ou klas la pou yo revize youn nan mesaje nou jwenn nan “Resous pou Sipò” a, pandan y ap chèche yon sitasyon yo ta kapab pataje sou kijan pou yo sèvi Senyè a fidèlman nan apèl, tach, ak lòt responsablite nan Legliz la. Mande yo pou yo pataje sitasyon yo te chwazi a ak poukisa yo te twouve l siyifikatif. Kijan yo pral aplike sa yo te aprann yo kounyeya ak nan lavni?

  • Kèk manm kowòm nan ou klas la gen dwa ap prepare yo pou yo sèvi kòm misyonè. Ou ta kapab mande yo pou yo pataje kijan yo ap prepare yo pou yo sèvi. Pou ankouraje yo nan efò yo, ou ta kapab pataje kesyon Èldè David A. Bednar te di yo poze l souvan an: “Kisa m ka fè pou m prepare m pi efikasman pou m sèvi kòm misyonè aplentan?” (“Vin Tounen Yon Misyonè,” Lyawona, Nov. 2005, 45). Kijan manm kowòm nan oubyen klas la t ap reponn reponn kesyon sa a? Ki konsèy Èldè David A. Bednar te bay? Ou ta kapab envite youn ou plis ansyen misyonè pataje sa yo te fè pou prepare yo pou yon misyon ak sa yo swete ke yo te fè.

Aji ak lafwa.

Ankouraje manm kowòm nan oswa klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a. Ki relasyon ki genyen ant leson jodi a ak bi pèsonèl yo te fikse yo? Si yo vle, manm kowòm ou klas la ta kapab pataje ide yo.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Sovè a te envite disip Li yo temwaye, e jan yo te di a, Lespri a te touche kè yo. Pandan w ap enseye sou obeyisans lan, pa egzanp, envite manm kowòm nan oubyen klas la pou yo pataje temwayaj yo sou jan li enpòtan pou moun respekte kòmandman yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a [2016], 1132.)