Mesaj Premye Prezidans, Oktòb 2012
Yon kle pou yon Fanmi kapab kontan
Gwo ekriven Ris la, Leo Tolstoy, te kòmanse liv li a, Anna Karenina avèk pawòl sa yo: “Tout fanmi ki kontan yo sanble; chak fanmi ki pa kontan yo tris nan fason pa yo.”1 M pa panse tankou Tosltoy, m pa panse tout fanmi yo sanble. Sepandan, mwen dekouvri yon bagay ke pifò nan yo gen an komen: yo gen yon fason pou padone ak bliye enpèfeksyon lòt moun ak yon fason pou chèche sa ki byen lakay lòt moun.
Moun ki nan fanmi ki pa kontan yo, nan yon lòtbò, souvan jwenn fot, yo gen rankin, kòmsi yo pa ka bliye ofans ki pase yo.
Moun ki pa kontan yo kòmanse konsa, yo di “Wi, men ou pa konn nan ki pwen li blese m.” Yon lòt di “Wi, men ou pa konn kijan li terib.”
Petèt ke yo toulède gen rezon; petèt ke yo youn pa gen rezon.
Gen plizyè degre nan ofans. Gen plizyè degre nan blese moun. Men, sa m remake sèke souvan nou jistifye kòlè nou epi nou apeze konsyans nou. Nou rakonte tèt nou istwa sou motif lòt moun pou nou kondane aksyon yo. Nou fè aksyon yo parèt enpadonab ak egoyis pandan ke, an menm tan, n ap prezante motif pa nou yo tankou bagay ki san tach epi ki inosan.
Chyen Prens la
Gen yon ansyen istwa ki sòti nan peyi Galwa nan 13zyèm syèk la ki pale de yon prens ki te retounen lakay li epi l te jwenn chyen l la avèk san ki t ap koule sou figi li. Mesye a te kouri antre epi, ak sezisman, li te wè ke tibebe l la te disparèt epi bèso a te chavire. Prens la te an kòlè. Li te rale epe li epi l te touye chyen l la. Yon ti bout tan apre, li te tande kri ti pitit gason l lan—tibebe a te vivan! Bò kote tibebe a li te wè yon lou ki te mouri. Anfèt, chyen an te defann tibebe prens la anba men lou a ki te vin touye l la.
Menmsi istwa sa a dramatik, li demontre yon pwen. Li ouvri posiblite ke istwa nou rakonte tèt nou sou rezon ki fè lòt moun konpòte yo yon sètèn fason yo pa toujou an reyalite avèk fè yo—pafwa nou pa menm vle konnen fè yo. Men, nou ta prefere santi pou n jistifye tèt nou nan kòlè nou an kote nou kenbe amètim ak move santiman nou an. Pafwa rankin sa yo kapab dire dè mwa oubyen menm dèzane. Pafwa yo kapab dire tout yon lavi.
Yon fanmi divize
Te gen yon papa ki pa t ka padone pitit gason li poutèt li te devye sòti nan chemen l te anseye l la. Tigason an te gen zanmi ke papa l pa t apwouve, epi li te fè anpil bagay ki te kontrè ak sa papa l te anseye l pou l te fè. Sa te mennen yon gwo distans ant papa a ak pitit gason an, epi osito tigason an te vin kapab, li te kite kay la epi li pa t janm retounen ankò. Yo te prèske pa t janm pale ankò.
Èske papa a te santi l te gen rezon? Petèt.
Èske tigason an te santi l te gen rezon? Petèt?
Yon sèl bagay m konnen sèke fanmi sa a te divize epi pa t gen kontantman paske ni papa a ni pitit gason an, youn pa t ka padone lòt. Yo pa t ka efase souvni amètim youn te gen anvè lòt. Yo te ranpli kè yo avèk kòlè olye de lanmou ak padon. Chak te anpeche tèt li jwenn opòtinite pou enfliyanse lavi lòt la pou sa ki byen. Divizyon ki te gen antreyo a te parèt tèlman gwo ke yo chak te vin yon prizonye espirityèl sou yon ti zile emosyonèl yo te izole tèt yo.
Erezman, Papa Etènèl nou an ki nan syèl la, ki emab epi ki saj la, ba nou mwayen pou nou simonte pakèt ògèy sa a. Gwo Ekspyasyon enfini an se zak siprèm padon ak rekonsilyasyon an. Grandè li depase konpreyansyon mwen, men mwen temwaye avèk tout kè m ak nanm mwen de reyalite li ak pouvwa siprèm li. Sovè a te ofri tèt Li kòm pèyman pou dèt peche nou yo. Se nan limenm nou jwenn padon.
Okenn fanmi pa pafè
Okenn nan nou pa san peche. Nou chak fè erè, ni oumenm ak mwenmenm. Nou tout konn blese. Nou tout blese lòt moun.
Se gras ak sakrifis Sovè a ki fè nou kapab gen egzaltasyon ak lavi etènèl. Si nou aksepte chemen Li epi nou fè kè nou vin dou pou nou simonte ògèy nou, nou kapab pote rekonsilyasyon ak padon nan fanmi nou ak nan lavi pèsonèl nou. Bondye ap ede nou pou nou vin pi padonan, pou nou vin pi dispoze pou fè plis, pou se nou menm ki premye moun ki mande eskiz menmsi pafwa se pa t fòt nou, pou n abandone ansyen rankin nou yo epi pa nouri yo andedan nou ankò. Nou di Bondye mèsi, Li menm ki te bay Sèl Pitit Gason Literal Li a, epi nou di Pitit Gason an mèsi, Li menm ki te bay lavi Li pou nou.
Nou kapab santi amou Bondye pou nou chak jou. Èske nou pa ta dwe kapab bay pwochen nou yo yon tikras plis de nou jan yo anseye nou nan bèl kantik “Seigneur, j’ai tant reçu (Paske m resevwa si anpil)” la?2 Senyè a louvri pòt pou nou jwenn padon an. Èske se pa t ap nòmal pou nou abandone egoyis nou ak ògèy nou epi kòmanse louvri bèl pòt padon an pou moun nou gen kont avèk yo a—espesyalman pou tout moun nan pwòp fanmi pa nou yo?
Alafen, bonè pa jayi soti nan pèfeksyon men li soti nan aplikasyon prensip divin, menm nan ti etap. Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te deklare: “Bonè nan lavi familyal kapab akonpli pi souvan lè l fonde sou ansèyman Lesenyè Jezikri. Maryaj ak fanmi ki gen siksè yo tabli epi yo chita sou prensip lafwa, lapriyè, repantans, padon, respè, lanmou, konpasyon, travay, ak aktivite rekreyatif ki pwòp.”3
Padon chita byen nan mitan verite senp sa yo. Padon fonde sou plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Paske padon konekte prensip, li konekte moun. Se yon kle, li louvri pòt ki fèmen, li se kòmansman yon chemen onèt, epi li se youn nan pi bon espwa pou yon fanmi kapab gen bonè.
Se pou Bondye ede nou vin yon tijan pi padonan nan fanmi nou, pi padonan youn anvè lòt, epi petèt pi padonan anvè tèt nou. Mwen priye pou nou kapab wè padon kòm yon fason ekstraòdinè ki fè pifò fanmi ki kontan yo sanble youn ak lòt.
© 2012 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/11. Apwobasyon tradiksyon: 6/11. Tradiksyon First Presidency Message, October 2012. Haitian Creole. 10370 036
Ansèyman Ki Soti nan Mesaj Sa a
“Lè n ap prepare chak leson, mande tèt nou kijan prensip la sanble ak yon eksperyans manm fanmi yo fè nan pwòp lavi pa yo” (Anseye, Pa gen pi gwo apèl [1999], 171). Panse pou envite manm fanmi yo pataje kèk eksperyans pozitif yo te fè oubyen yo te obsève nan zafè padon. Diskite sou eksperyans sa yo, pandan n ap mete aksan sou benediksyon ki gen nan padon. Pou fini, rann temwayaj nou sou enpòtans pou youn padone lòt.