2012
Lapriyè ak lapè
oktòb 2012


Jèn yo

Lapriyè ak lapè

Yon apremidi m te nan yon diskisyon avèk manman m epi sa te fè m mal anpil. Konsa m te deside ke m ta dwe priye. Malgre ke m pa t sou sa ditou, epi m pa t anvi vin “espirityèl”, m te konnen ke priye t ap ede m santi m pi byen epi mwens anvi fè diskisyon. Lè manman m te kite sal la, m te kòmanse priye. “Chè Papa m ki nan Syèl la, mwen vin devan w apremidi a paske …” Non. Mwen te louvri je m epi m te dekwaze bra m; sa pa t sonnen byen. M te eseye ankò. “Papa mwen ki nan Syèl la, m bezwen …” Sa te sonnen etranj. M te santi ke Satan t ap pouse m pou m pa t fè priyè m nan pou mande Papa m ki nan Syèl la èd.

Toudenkou m te santi m enspire pou m di mèsi! Konsa, m te fè sa, epi panse te kòmanse vini nan lespri mwen sou tout pil bagay m ta gen rezon pou remèsye Papa m ki nan Syèl la. Lè m te fin remèsye Li, mwen te pale sou pwoblèm mwen te genyen an.

Apresa m te santi yon bèl lapè andedan mwen, santiman chalè espirityèl ke m konnen Papa nou ki nan Syèl la ak paran m yo renmen mwen epi m se yon pitit Bondye. Mwen te vin kapab mande manmanm m padon epi aksepte eskiz li.