Mesaj Vizit nan fwaye, Oktòb 2012
Onore alyans nou yo
Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon yo pou ede ou fòtifye sè ou yo epi fè Sosyete Sekou jwe yon wòl aktif nan lavi pa ou.

Lafwa, Fanmi, Sekou
Vizit nan fwaye se yon ekspresyon ki fè konnen nou se bon disip ak yon fason nou onore alyans nou yo pandan youn ap sèvi ak fòtifye lòt. Yon alyans se yon pwomès sakre ki dirab ant Bondye ak pitit Li. Èldè Russell M. Nelson nan Kolèj Douz Apot yo di: “Lè nou reyalize ke nou se pitit alyans, nou konn kiyès nou ye ak sa Bondye ap tann nan men nou. Lwa Li ekri nan kè nou. Li se Bondye nou epi nou se pèp Li.”1
Antanke enstriktris nan fwaye nou kapab fòtifye moun n ap vizite yo nan efò yo pou kenbe alyans sakre yo te fè yo. Si nou fè sa, n ap ede yo prepare pou benediksyon lavi etènèl yo. Èldè M. Russell Ballard nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Chak sè nan Legliz sa a ki fè alyans avèk Senyè a gen yon manda divin pou ede sove nanm, pou dirije fi yo nan mond lan, pou fòtifye fwaye Siyon yo, ak pou ede bati wayòm Bondye a.”2
Lè nou fè alyans sakre epi nou kenbe yo, nou vin tounen enstriman nan men Bondye. N ap kapab byen eksprime kwayans nou epi nou chak ap kapab fòtifye youn lòt nan lafwa Papa nou ki nan Syèl la ak nan Jezikri.
Apati Ekriti yo
1 Nefi 14:14; Mozya 5:5–7; 18:8–13; Doktrin ak Alyans 42:78; 84:106
Apati Istwa Nou
Senyè a te revele Pwofèt Joseph Smith an 1833 ke tanp lan se “yon plas remèsiman pou tout sen yo. Se yon plas enstriksyon pou tout moun ki aple pou travay nan ministè a nan tout kalite apèl yo ak ofis yo; pou yo kapab pèfeksyone nan konpreyansyon ministè yo, nan teyori, nan prensip, ak nan doktrin, nan tout bagay ki gen rapò avèk wayòm Bondye a sou latè a” (D&A 97:13–14).
Nan kòmansman ane 1840 yo, sè Sosyete Sekou nan Novou ak Ilinwa yo te ede youn lòt prepare pou òdonans tanp yo. Nan òdonans pi gran Prètriz ke Sen Dènye Jou yo te resevwa nan tanp Novou a, “pouvwa Bondye [te] manifeste” (D&A 84:20). “Pandan ke Sen yo te kenbe alyans yo, pouvwa sa a te fòtifye yo epi soutni yo pandan tout eprèv yo te travèse nan jou ak ane ki tap vini yo.”3
Nan Legliz la jodi a, fi ak gason ki fidèl nan tout mond lan ap sèvi nan tanp epi yo kontinye jwenn fòs nan benediksyon ke nou kapab resevwa sèlman atravè alyans tanp yo.
© 2012 Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/11. Apwobasyon tradiksyon: 6/11. Tradiksyon Visiting Teaching Message, October 2012. Haitian Creole. 10370 036
Kisa M Ka Fè?
-
Nan ki fason alyans mwen yo fòtifye m?
-
Nan ki fason m ede sè m ap vizite yo pou yo kenbe alyans yo?