Timoun yo
Padon pote kontantman
Prezidan Uchtdorf anseye ke nou ta dwe padone manm fanmi nou. Gade kijan chwa Joseph ak Ana yo afekte fanmi yo.
Joseph ak ti sè l la, Anna, ap jwe ansanm. Ana rape jwèt la nan men li. Kisa Joseph ta dwe fè?
Joseph fache kont Anna. Anna kriye. Manman Joseph fè l remontrans dèske li goumen ak sè l la. Joseph regrèt dèske l te fè yon move chwa.
Joseph padone Anna epi li jwenn yon lòt jwèt pou l jwe. Yo jwe ansanm ak kè kontan. Manman yo kontan dèske Joseph te janti anvè sè l la epi l te kenbe lapè nan fanmi an. Joseph santi l kontan paske l chwazi pou padone.
Nan apre, Joseph ak Anna dwe ede manman yo prepare dine. Joseph pa ede. Kisa Anna ta dwe fè?
Anna plenyen bay manman l. Anna plenyen dèske li oblije fè travay la poukont li. Lè y ap manje tout moun tris poutèt diskisyon an.
Anna padone Joseph epi li ede avèk dine a. Manman yo rekonesan pou èd Anna. Fanmi an kontan pou yo reyini ansanm nan dine a. Anna santi l byen dèske l te chwazi pou padone.
Nan ki fason chwa pa ou pou padone afekte bonè fanmi ou?