2011
Pwomès presye Liv Mòmon yo
oktòb 2011


Mesaj Premye Prezidans, Oktòb 2011

Pwomès presye Liv Mòmon yo

Sa gen kèk ane, m te kanpe bò kabann yon jèn papa pandan li t ap lite ant lavi ak lanmò. Madanm ni plen detrès ak de pitit yo te kanpe tou pre. Li te pran men mwen epi, avèk yon rega sipliyan, li te di: “Evèk, mwen konnen m pral mouri. Di m kisa k ap rive lespri mwen lè m mouri.”

Mwen te fè yon priyè an silans pou jwenn gidans divin epi m te remake yon triptik sou tab bò kabann ni an. M te lonje men mwen pou pran liv la e m te vire paj yo. Toudenkou m te dekouvri ke, san m pa t menm reyalize, m te kanpe nan chapit 40 Alma a nan Liv Mòmon an. M te li pawòl sa yo pou li:

“Reyèlman yon zanj te fè m konnen, sito lespri tout moun kite kò mòtèl sa a … lespri tout moun, menm si yo bon oubyen move, y ale lakay Bondye sa a ki te ba yo lavi a.

“Epi lè sa a … lespri moun ki jis yo antre nan yon lavi byenenere ki rele paradi, yon lavi repo, yon lavi lapè, pou yo repoze apre tout pwoblèm yo, epi apre tout sousi ak lapenn yo” (Alma 40:11–12).

Pandan m t ap kontinye li sou Rezirèksyon an, yon limyè te parèt sou figi jenòm nan epi yon souri te parèt sou lèv li. Lè m t ap fini vizit mwen an, m te di bèl fanmi sa a orevwa.

Mwen te wè madanm nan ak timoun yo nan antèman an nan apre. Mwen te repanse ak jou swa sa a kote yon jèn mesye te priye pou laverite, epi, nan Liv Mòmon an, li te tande repons pou kesyon l la.

Nan Liv Mòmon an, nou jwenn lòt pwomès presye, ladan yo gen pwomès lapè, libète, ak benediksyon si nou “sèvi Bondye tè a, ki se Jezikri” (Etè 2:12).

Nan paj li yo nou jwenn pwomès “bonè ki p ap fini” pou “moun ki respekte kòmandman Bondye yo.” Gade, yo beni nan tout bagay, ni tanporèl ni espirityèl” (Mozya 2:41).

Nan paj li yo nou jwenn pwomès “lajwa san parèy” pou moun ki vin tounen “zouti nan men Bondye” pou mennen pitit fi ak pitit gason presye l yo ba li (Alma 28:8; 29:9).

Nan paj li yo nou jwenn pwomès ke Izrayèl dispèse a ap rasanble— yon travay kote nou angaje atravè gwo travay misyonè mondyal nou an (gade 3 Nefi 16; 21–22).

Nan paj li yo nou jwenn pwomès ke si nou priye Papa a nan non sakre Jezikri, fanmi nou ap beni (gade 3 Nefi 18:21).

Nan yon etid paj li yo nou jwenn akonplisman pwomès pwofesik ke “n ap vin gen nan lavi nou ak nan fwaye nou yon pi gwo kantite Lespri Senyè a, yon rezolisyon ranfòse pou mache nan obeyisans kòmandman l yo, ak yon temwayaj pi solid sou egzistans reyèl Pitit Gason Bondye a.”1

E nan paj Liv Mòmon yo nou jwenn pwomès Mowoni an ke atravè lapriyè, ak entansyon reyèl, ak lafwa nan Kris la, nou kapab konnen verite nan tout bagay “pa pouvwa Sentespri a” (gade Mowoni 10:4–5).

Avèk lòt pwofèt dènye jou yo, mwen temwaye de verite liv sa a “liv ki pi kòrèk pase tout liv sou tè a”2 ki se Liv Mòmon an, yon lòt temwayaj konsènan Jezikri. Mesaj li ranpli tè a e pote pou moun ki li l yo yon konesans konsènan verite a. Se temwayaj mwen ke Liv Mòmon an chanje lavi. Se pou nou chak li li ak reli li. E se pou nou jwayezman pataje temwayaj nou konsènan pwomès presye li fè tout pitit Bondye yo.

Nòt

  1. Gordon B. Hinckley, “A Testimony Vibrant and True,” Liahona, Aug. 2005, 6.

  2. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 64.

Ansèyman apati mesaj sa a

Nan ekriti yo, “nou jwenn prensip verite ki ap rezoud tout konfizyon ak tout pwoblèm ak tout kesyon kretyen vivan ap rankontre” (Ansèyman, pa gen pi gwo apèl [1999], 51). Lè w ap pataje mesaj Prezidan Monson nan avèk fanmi w ap vizite a, envite yo pou yo koute “pwomès presye” yo yo idantifye nan Liv Mòmon an. Ou gen dwa pataje yon pwomès ki te enpòtan pou ou nan Liv Mòmon an.