2011
Si nou pa doute
oktòb 2011


Mesaj Vizit nan fwaye, Oktòb 2011

Si nou pa doute

Julie B. Beck, prezidant jeneral Sosyete Sekou.

Etidye materyèl sa a epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo epi fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.

Lafwa • Fanmi • Sekou

Nan Liv Mòmon an nou li sou jènjan egzanplè ki te ekstrèmman vanyan, kouraje, ak solid. “Wi, yo te moun verite ak panse klè, paske yo te aprann yo pou yo respekte kòmandman Bondye yo epi pou yo mache dwat devan l” (Alma 53:21). Jènjan fidèl sa yo te rann manman yo—egzanp yo ak enstriktè yo omaj.

Manman gèrye Elaman yo te viv nan epòk ki pa twò diferan ak pa nou an. Sikonstans yo te difisil ak danjere, epi jèn yo te aple pou defann libète espirityèl ak fizik. Jodia n ap viv nan yon mond kote “se pa ak moun nou gen pou nou goumen, men, se ak movèzespri, ak chèf ak pouvwa, ak otorite k ap gouvène nan fènwa ki sou latè a, kont mechanste espirityèl nan lye trè wo yo” (Ephesians 6:12).

Tan difisil mande paran solid k ap bay egzanp, ki ap anseye verite gèrye Elaman yo te konnen an: “Si yo pa doute, Bondye ap delivre yo” (Alma 56:47). Anseye ak bay egzanp verite sa a jodia mande vijilans. Men, nou pa bezwen pè. Lè nou konnen kiyès nou ye ak kiyès Bondye ye e nou fè alyans avèk li, nou menm tou—menmjan ak manman gèrye sa yo—ap gen gwo enfliyans pou byen.

Siman, chak nan 2.600 gèrye Elaman yo te enfliyanse pa yon manman. Men manman sa yo pa t aji poukont yo. Ansanm avèk lòt gason ak fi ki jis, manman sa yo dwe te ini lafwa yo ak egzanp yo pou yo te anseye puisans alyans yo. Jèn yo nan epòk la te konprann alyans paran yo te fè pou pa patisipe nan lagè ankò a. E menm lè sa te parèt enposib, yon Papa eman ki nan syèl la te founi yon mwayen pou paran sa yo te kenbe alyans yo—ak pou prezève libète yo (gade Alma 56:5–9) Nou menm tou nou dwe onore alyans nou yo pou timoun yo ak jèn yo—pwòp pitit pa nou yo ak sa ki nan pawas, branch, vwazinaj, ak kominote nou yo—kapab konprann ak pote sipò nan kenbe alyans yo.

Lè nou onore alyans nou yo, Papa nou ki nan syèl la kapab prepare mwayen pou nou. Nou dwe viv alyans nou yo avèk presizyon. Nou kapab, pa egzanp, gen presizyon nan priye, nan etidye ekriti yo, nan posede yon rekòmandasyon tanp valid, nan abiye modèsteman, nan onore Saba a. Si nou fè sa, pitit nou yo ap konnen e y ap kapab di” Nou pa doute; manman nou te konn sa” (Alma 56:48).

Fi Sen Dènye Jou ki rekonèt ke fòs yo vini soti nan Ekspyasyon Senyè a pa lage sa nan tan difisil ak dekourajan. Antanke moun ki fè alyans, nou eksele nan elve, nouri, ak pwoteje timoun yo ak jèn yo pou ke yon jou nou kapab di de jenerasyon k ap grandi a: “M pa t janm wè anpil kouraj konsa, non, menm nan pami tout Nefit yo” (Alma 56:45).

Apati ekriti yo

Alma 53; 56–58

Kisa m ka fè?

  1. Kijan m ka ede sè m yo rekonèt ak itilize pouvwa yo genyen pou enfliyanse jenerasyon k ap grandi a.

  2. Ki enspirasyon m ap jwenn nan Liv Mòmon an pou reponn ak pwoblèm m ap rankontre jodia?