2011
Rèv Leyi a: Kenbe ba fè a byen di
oktòb 2011


“Rèv Leyi a: Kenbe ba fè a byen di,” Lyawona, Okt. 2011, 32-37

Rèv Leyi a

Kenbe ba fè a byen di

Imaj
Èldè David A. Bednar

Tèm prensipal Liv Mòmon an — envite tout moun vin jwenn Kris la — pi enpòtan pase tout lòt bagay nan vizyon Leyi a.

Mwen renmen Liv Mòmon an. Kèk nan pi ansyen souvni m nan levanjil la se lè manman m te konn li pou mwen nan Book of Mormon Stories for Young Latter-day Saints (Istwa Liv Mòmon yo pou jèn Sen Dènye Jou yo), pa Emma Marr Petersen. Nan eksperyans anfans mwen sa yo epi pandan tout yon lavi etid pèsonèl ak priyè san rete, Sentespri a ran temwayaj nan nanm mwen sanrete ke Liv Mòman an se pawòl Bondye.

Mwen temwaye ke Liv Mòmon an se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri. Mwen konnen Pwofèt Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an avèk pouvwa Bondye epi pa pouvwa Bondye. Mwen temwaye ke Liv Mòmon an se ”liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun suiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv.” 1

Senbòl kle nan rèv Leyi a

Enpòtans pou nou li, etidye, sonde, ak medite sou ekriti yo an jeneral ak Liv Mòmon an patikilyèman an souliyen nan plizyè eleman vizyon Leyi a sou pyebwa lavi a (gade nan 1 Nefi 8).

Eleman santral nan rèv Leyi a se pyebwa lavi a — yon reprezantasyon “lanmou Bondye” (gade nan 1 Nefi 11:21-22). “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an” (Jan 3:16). Konsa, nesans, lavi, ak sakrifis ekspyatwa Senyè Jezikri a se pi gwo manifestasyon lanmou Bondye pou pitit li. Jan Nefi te temwaye a, lanmou sa a “pi dezirab pase tout bagay” epi, jan anj nan vizyon l lan te deklare a, “pa gen anyen ki kapab fè yon moun pi kontan pase sa” 1 Nefi 11:22-23; gade tou 1 Nefi 8:12, 15). Chapit 11 nan 1 Nefi prezante yon deskripsyon detaye sou pyebwa lavi a kòm yon senbòl lavi, ministè ak sakrifis Sovè a. — “konpasyon Bondye.” (1 Nefi 11:16).

Fwi sou pyebwa a se senbòl benediksyon Ekspyasyon an. Manje fwi pyebwa a reprezante resevwa òdonans ak alyans ki ap pèmèt Ekspyasyon an vin efikas konplètman nan lavi nou. Yo dekri fwi a kòm yon bagay ki “dezirab pou fè moun kontan” (1 ) Nefi 8:10 e ki pwodui gwo jwa ak dezi pou pataje jwa sa a avèk lòt moun.

Yon bagay ki gen anpil siyifikasyon sè ke tèm prensipal Liv Mòmon an --ki invite tout moun vin jwenn Kris la--pi enpòtan pase tout bagay nan vizyon Leyi a. Ba fè ki mennen nan pyebwa a trè enpòtan (gade 1 Nefi 8:19). Ba fè a se pawòl Bondye a.

Gripe ba fè a an konparezon avèk kenbe ba fè a byen di

Pè Leyi te wè kat gwoup moun nan rèv li a. Twa nan gwoup yo tap mache vit sou chemen dwat ak etwat la, yo tap chèche jwenn pyebwa a ak fwi li. “Yon katriyèm gwoup moun pa t chèche pyebwa a, okontrè yo te fikse gwo kay byen laj la pito kòm destinasyon final yo (gade nan 1 Nefi 8:31–33).

Nan 1 Nefi 8:21–23 nou aprann konsènan premye gwoup moun ki tap mache vit yo e ki te kòmanse angaje yo nan chemen ki mennen nan pyebwa lavi a. Men, lè moun yo te rankontre gouf tenèb yo, ki reprezante “tantasyon dyab la” (1 Nefi 12:17), yo te pèdi chemen yo, yo te egare, epi yo te pèdi.

Remake ke yo pa mansyone ba fè a nan vèsè sa yo. Moun ki inyore pawòl Bondye a oubyen ki trete l alalejè pa gen aksè a bousòl diven sa a ki montre chemen ki montre wout pou al jwenn Sovè a. Konsidere ke gwoup sa a te jwenn chemen an e yo tap avanse, pandan yo t ap demontre yon ti mezi lafwa nan Kris la ak konviksyon espirityèl, men tantasyon dyab la te detounen yo epi yo te pèdi.

Nan 1 Nefi 8:24–28 nou li konsènan yon dezyèm gwoup moun ki te jwenn chemen dwat ak etwat la ki te mennen nan pyebwa lavi a. Gwoup sa a “te mache vit pou travèse gouf tenèb la, pandan yo te kenbe ba fè a byen di, jistan yo te vin rive epi manje fwi pyebwa a” (vèsè 24). Men, kòm moun ki te abiye byen chèlbè yo ki te nan gwo kay byen laj la tap moke yo, dezyèm gwoup moun sa yo “te wont” epi “yo te tonbe sou wout entèdi epi yo te pèdi” (vèsè 28). Tanpri remake ke yo dekri gwoup sa a kòm moun ki “te kenbe bafè a byen di” (1 Nefi 8:24; italik ajoute).

Yon bagay enpòtan sè ke dezyèm gwoup la te mache vit avèk lafwa ak angajman. Epitou, yo te gen benediksyon ba fè a anplis, epi yo te kenbe l byen di! Men, lè yo te konfwonte avèk pèsekisyon ak advèsite, yo te tonbe nan wout entèdi epi yo te pèdi. Malgre lafwa yo, angajman yo, ak pawòl Bondye a, gwoup sa a te vin pèdi alafen—petèt paske se sèlman yon lè konsa yo te konn li oubyen etidye oubyen sonde ekriti yo. Gripe ba fè a fè m panse avèk kèk “pouse” okazyonèl pou nou fè etid iregilyèman olye ke nou plonje nou avèk konsistans, san rete, nan pawòl Bondye a.

Nan vèsè 30 lan, nou li konsènan yon twazyèm gwoup moun ki te avanse devan epi ki te “kontinye kenbe ba fè a byendi jistan yo te vini epi yo te tonbe epi yo te manje nan fwi pyebwa a.” Fraz kle nan vèsè sa a se kontinyèlman kenbe ba fè a byendi.

Twazyèm gwoup sa a te avanse avèk lafwa ak konviksyon tou; men, yo pa di si yo te egare, ni tonbe nan chemen entèdi, ni si yo te pèdi. Petèt twazyèm gwoup moun sa yo te konstaman ap li ak etidye ak sonde ekriti yo. Petèt sete dilijans ak devouman pou yon bagay ki te parèt “piti ak senp Alma 37:6 ) ki te sove twazyèm gwoup la pou l pa t peri. Petèt sete “konesans Senyè a” ak “konesans konsènan verite a” (Alma 23:5, 6) ke yo te jwenn gras a etid fidèl ekriti yo ki te pwodui don espirityèl imilite--nan yon pwen tèl ke gwoup moun sa yo “te tonbe epi yo te manje fwi pyebwa a.” (1 Nefi 8:30; italik ajoute). Petèt sete nouriti ak fòs espirityèl moun jwenn nan kontinyèlman “fè yon festen ak pawòl Kris la” (2 Nefi 31:20) ki te fè gwoup sa a pa t pote atansyon a mepri ak mokri moun ki te nan gwo kay byen laj la 1 Nefi 8:33). Se nan gwoup sa a oumenm avèk mwen ta dwe fè efò pou nou antre.”

Frè Nefi yo te mande “Kisa ba fè papa nou te wè ki mennen nan pyebwa a vle di?

“Epi [Nefi] te di yo ke sete pawòl Bondye a; e nenpòt moun ki koute pawòl Bondye, e ki kenbe l fèm, li , p ap janm peri; ni tou tantasyon ak flèch dife advèsè a pa kapab vegle je yo pou mennen yo nan destriksyon. ” 1 Nefi 15:23–24; italik ajoute).

Konsa, ki diferans ki genyen ant gripe ba fè a ak kenbe ba fè a byen di? Kite m di nou ke kenbe ba fè a byen di mande pou, an gran pati, nan yon espri lapriyè, epi konstamman e seryezman, nou itilize ekriti sent yo kòm yon sous verite revele epi kòm yon gid fyab pou vwayaj nou sou wout dwat ak kwense ki mennen nan pyebwa lavi a–nan Senyè a, Jezikri.

Epi, se te konsa, m te wè ba fè papa m te wè a, te siyifi pawòl Bondye a ki mennen moun nan fontèn dlo vivan yo, oubyen nan pyebwa lavi a” (1 Nefi 11:25).

Liv Mòmon an se pou nou jodia

Liv Mòmon an prezante yon kantite verite ki anrapò avèk epòk nou an e ki esansyèl pou sikonstans nou yo. Mowoni te souliyen sa ki fè Liv Mòmon an se yon zouti espirityèl ak pratik nan lavi nou: “Gade, m ap pale w kòmsi nou te la kounyeya, men nou pa t la. Men gade, Jezikri te fè m wè nou epi m konnen zèv nou” (Mòmon 8:35). Paske yo te wè epòk nou an ak sikonstans nou yo gras a presyans Bondye, otè prensipal yo nan Liv Mòmon an te mete espesyalman ladan l sijè ak egzanp ki gen anpil enpòtans pou moun ki sou tè a nan dènye jou yo.

Mwen envite nou reflechi avèk atansyon ak nan lapriyè sou kesyon sa a: Ki leson mwen kapab e m ta dwe aprann nan vizyon Leyi a konsènan pyebwa lavi a ak nan prensip ki mande pou nou kontinye kenbe avèk fèmte ba fè ki ap pèmèt nou kanpe djanm espirityèlman nan mond kote nou ap viv jodi a?

Si nou travay avèk dilijans epi nou chèche enspirasyon pou n jwenn reponn pou kesyon enpòtan sa a, nou ap vin totalman konprann, pa pouvwa Sentespri a, nan kè nou ak nan lespri nou, kijan li enpòtan pou nou kontinyèlman kenbe ba fè a byen di. E n ap beni si nou aplike leson sa yo avèk lafwa ak dilijans nan lavi endividyèl nou ak nan fwaye nou.

Mwen swete pou nou tout gen je pou nou wè ak zòrèy pou n tande lòt leson ki nan vizyon Leyi a ki ap ede nou “avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun. Se poutèt sa, si nou kontinye avanse, nan fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiska lafen, gade, Papa a di: N ap gen lavi etènèl” (2 Nefi 31:20) ).

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 64.