Konsènan Batèm ak Konfimasyon

Kisa yon Batèm pa Pwokirasyon ye?

Batèm ak Konfimasyon Esanyèl

Katryiyèm Atik Lafwa a deklare ke premye òdonans yo nan levanjil Jezikri a se “batèm pa imèsyon pou remisyon peche yo” ak “enpozisyon dèmen pou don Sentespri a.” Jezi te anseye ke batèm ak konfimasyon nesesè pou tout moun ki vle suiv Li epi retounen jwenn Papa nou ki nan Syèl la apre lavi sa a. Konsa batèm se pòt pou antre nan chemen alyans ki mennen nan resevwa tout benediksyon ke Papa nou ki nan Syèl la gen dezi pou ba nou yo. Li se pasaj pou nou vin “pafè nan Kris" la tou (Mowoni 10, 32, 33) pandan n ap anbrase levanjil Li a konplètman.

Nan kòmansman ministè Li, Jezi te vwayaje soti Galile rive nan Rivyè Jounen an nan Jide. Jan Batis te la, ap anseye moun yo pou yo repanti epi vin batize. Jezi te mande pou l te batize li, men Jan te ezite paske li te konnen ke Jezi te san peche. Sovè a te eksplike ke Li te bezwen batize pou “akonpli tout jistis” (Matye 3:15) epi obeyi kòmandman Papa nou ki nan Syèl la. Konsa Jezikri te tabli egzanp lan pou nou tout lè Li te antre nan dlo a epi Jan te batize L la (gade 2 Nefi 31:5). Jan te resevwa yon temwayaj pèsonèl sou eksperyans sakre sa a:

“Epi lè Jezi te batize a, li te leve kanpe tou dwat nan dlo a; epi, reyèlman, syèl la te louvri devan li, epi li te wè Lespri Bondye ki t ap desann tankou yon pijon, epi l te poze sou li:

“Epi reyèlman yon vwa ki soti nan syèl la, te di, Sa se Pitit Gason byenneme m nan, ki fè m plèzi a” (Matye 3:16–17).

Jan Batis ak Jezi nan Rivyè Jouden an.
Jan Batis ak Jezi nan Rivyè Jouden an

Nan apre, yon dirijan Juif ki te rele Nikodèm te vini kote Jezi yon jou swa. Li te rekonèt ke Jezi sete “yon enstriktè ki soti nan Bondye” (Jan 3:2), epi li te vle aprann plis. Jezi te anseye li ke batèm ansanm ak resevwa Sentespri a atravè konfimasyon te nesesè pou sali:

“Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Pèsonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri li pa p ka rantre nan wayòm Bondye a.” (Jan 3:5).

Vin fèt nan dlo fè referans ak batèm. Vin fèt nan Lespri fè referans ak resevwa don Sentespri a (ki rele souvan Lespri Sen an) atravè konfimasyon. Òdonans sa yo sakre, e nou fè alyans solanèl lè nou resevwa yo. Nou pwomèt ke nou dispoze pou nou pran non Jezikri sou tèt nou, epi pou nou toujou sonje Li, epi respekte kòmandman Bondye yo. Lè nou kenbe pwomès sa yo, nou montre lafwa nou nan Jezikri ak volonte nou pou nou suiv Li.

Apre Rezirèksyon L la, Sovè a te anseye enpòtans batèm ankò. Li te voye Apot yo tout kote pou preche levanjil Li bay tout pèp, pou yo te di, “Moun ki kwè epi ki batize yo ap sove” (Mak 16:16).

Lè Sovè a te retabli Legliz Li a palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith, Li te anseye ankò ke batèm toujou nesesè (Doktrin ak Alyans 22:4). Li te revele metòd apwpriye pou batèm nan. Li te rann klè ke batèm dwe fèt pa imèsyon epi pa otorite prètriz apwopriye a (Doktrin ak Alyans 20:73–74).

Bondye Renmen Tout Pitit Li

Chak moun se yon pitit Bondye. Yo tout presye pou Li. LI konnen yo epi Li renmen yo. Li te dekalre, “Paske gade, sa se travay mwen ak laglwa mwen—pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39). Li te ofri yon mwayen pou tout pitit Li yo retounen al jwenn Li apre lavi sa a. Mwayen sa a se levanjil Jezikri a.

Anpil moun gen opòtinite pou yo aksepte levanjil la epi resevwa batèm nan lavi sa a. Men, sa k pral pase moun ki mouri san batize yo oubyen san yo pa konn Jezi yo? Kijan yo menm tou yo ka sove? Bondye pa bliye yo!

Lanmò se pa fen lavi a, men okontrè se yon pa you wout pou retounen al jwenn Bondye a. Lè nou mouri, espri nou ak kò nou separe tanporèman. Nou antre nan mond dèzespri a epi nou rejwenn manm fanmi nou ak lòt moun ki te mouri yo. La, nou prepare pou jou ekstròdinè sa a kote nou pral resisite epi espri nou pral reyini avèk kò pafè nou yo. Lèsa a, nou tout pral libere anba maladi, enfimite, ak tout lòt andikap ak feblès n ap andire kounyea. Nan mond dèzespri a, moun ki te mouri san yo pa t gen chans pou aprann konsènan levanjil la nan lavi sa a resevwa ansèyman konsènan Sovè a ak plan sali a (1 Pyè 3:18–20; Doktrin ak Alyans 138:16–19). Yap ka chwazi pou yo aksepte levanjil la epi repanti. Men yo pa ka batize nan kote sa a paske yo pa gen kò fizik yo. Yon Pè Selès eman te founi yon lòt mwayen pou yo ka resevwa batèm.

Nan tanp lan, nou ka batize ak konfime pou moun ki te mouri san opòtinite sa yo. Otremandi, nou ka reprezante yo epi aji nan plas yo. Òdonans yo akonpli pou lòt moun yo rele òdonans pa pwokirasyon (oswa òdonans pa sibstitisyon). Apot Pòl te anseye Korentyen yo ke yo te pratike batèm pou mò yo paske tout moun pral resisite gras ak Ekspyasyon Jezikri a (1 Korentyen 15:29, 55–57).

Doktrin òdonans pa sibstitisyon yo te toujou yon pati nan levanjil Jezikri a. Anfèt, Ekspyasyon Li a se pi gwo aktivite pwokirasyon nan istwa mond lan. Gras ak sakrifis Li a, Li fè pou tout moun sa nou pa ka fè pou tèt nou. Gras avèk li, tout moun pral resisite. Tout moun pral tande levanjil la, epi tout moun pral gen chans pou yo retounen al jwenn Paran Selès nou yo.

Batèm ak konfimasyon tanp yo ki fèt pou moun ki mouri yo se kado ki ofri nan lanmou. Epi paske nou kwè ke lavi kontinye apre lamò, nou kwè tou ke moun ki deja mouri yo vin okouran de òdonans yo. Yo kapab lèsa a chwazi si wi ou non pou yo aksepete yo.

Fon Batismo (Tanp Ogden Utah)
Fon Batismo (Tanp Ogden Utah)

Ou Ka Sèvi Lòt Moun nan Tanp lan

Chak tanp gen sal batèm ak yon fon batismo byen laj. Fon a repoze sou stati douz bèf ki reprezante douz tribi Iztayèl yo. Sa a suiv tradisyon ki retounen jis nan tanp Salomon nan Ansyen Testaman an (gade 2 Kwonik 4:2–4). Bèf yo reprezante fòs ak pouvwa levanjil Jezikri a.

Manm fidèl yo nan Legliz la ka resevwa yon rekòmandasyon tanp pou akonplki batèm ak konfimasyon kòmanse nan mwa Janvye nan ane yo vin gen laj 12 ane a. Pou resevwa yon rekòmandasyon tanp, planifye yon "entèvyou rekòmandasyon tanp" avèk evèk oswa prezidan branch ou. Apresa ou ka ale nan tanp lan pou batize ak konfime pou moun ki mouri yo.

Menmjan pou pwòp batèm ou, ou pral genyen yon espas prive pou abiye kote ou pral mete rad blan pou batèm pou moun ki te mouri yo. Apre batèm yo, ou pral retounen nan espas abiye a epi mete rad sèch. Apresa ou pral ale nan yon sal konfimasyon ki separe de sal batèm nan. Detantè prètriz yo pral mete men yo sou tèt ou epi konfere Sentespri a bay moun ki mouri yo. Apre òdonans sa yo fin konplete, yo ka deside si yo vle aksepte yo. Batèm pa pwokirasyon ak konfimasyon fèt sèlman nan tanp.

Sal Konfimasyon (Tanp Meridian Idaho)
Sal Konfimasyon (Tanp Meridian Idaho)

Nan tanp lan, ou ka genyen opòtinite spesyal tou pou pwòp manm fanmi ou ki mouri yo. Lè ou fè rechèch istwa familyal ou, w ap jwenn zansèt ou yo. Ale nan tanp epi batize ak konfime pou yo a ka vin yon eksperyans ekstraòdinè ak pèsonèl.

Ou ka ofri sèvis sa a pou paran, granparan, frè ak sè, tant, tonton, kouzen, ak lòt moun. Fanmi yo ka vin ranfòse atravè aksyon jantiyès sa a. Ou ka santi koneksyon pi pwofon avèk fanmi ou epi pi pre Bondye. Santiman apatenans sa a ka ba ou fòs, direksyon, ak konfyans epi l ap beni ou nan fason enkalkilab. Ou ka jwenn lapè ak ide pou pwòp lavi ou pandan w ap jwenn ak sèvi zansèt ou yo. W ap vin konprann ak konnen Sovè a pi byen lè w fè pou lòt moun yo sa yo pa ka fè pou tèt yo.

Yon Pwomès Spesyal pou Ou

Eldè David A. Bednar te di: “Mwen ankouraje nou pou nou etidye, chèche zansèt nou yo, epi prepare tèt nou pou nou ka akonpli batèm pa pwokirasyon nan kay Senyè a pou fanmi nou ki mouri. … Si nou reponn envitasyon sa a ak lafwa, kè nou ap vire tounen sou zansèt nou yo. Pwomès yo te fè Abraham, Izaak, ak Jakòb la ap enplante nan kè nou. … Lanmou nou ak rekonesans nou pou zansèt nou yo ap ogmante. Temwayaj nou ak konvèsyon nou nan Sovè a ap vin pi pwofon ak dirab. Epi mwen pwomèt nou n ap gen pwoteksyon kont enfliyans advèsè a ki pi entansifye a. Lè nou patisipe epi renmen travay sakre sa a, n ap pwoteje … pandan tout lavi nou” (“The Hearts of the Children Shall Turn,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2011, 26–27).