Prepare pou Kay Senyè a

Fè eksperyans ou a vin plis pèsonèl ak pi siyifikatif

Prepare Vizit Tanp Pa w

Òdonans Tanp ak Chemen Alyans la

"Tanp lan chita nan sant ranfòsman lafwa ak kouraj spirityèl nou paske Sovè a ak doktrin Li a nan sant tanp lan. Tout sa yo anseye nan tanp lan, atravè enstriksyon e atravè Lespri a, ogmante konpreyansyon nou sou Jezikri. òdonans esansyèl Li yo liye nou avèk Li atravè alyans prètriz sakre yo. Apresa, pandan n ap kenbe alyans nou yo, L ap dote nou avèk pouvwa gerizon ak fòtifyan Li a. (Prezidan Russell M. Nelson, “Tanp ak Fondasyon Espirityèl Nou,” Konferans Jeneral, Oktòb 2021)

Resevwa òdonans tanp ak kenbe alyans se yon pati vital nan angajman ou pou suiv Jezikri. Sa ede ou tou pou ou retounen al viv avèk Li yon jou ak Pè Selès. Ou ka fè anpil bagay pou asire ke ou pare. Etidye levanjil Jezikri a epi aplike ansèyman sa yo nan lavi ou ta dwe enkli. Kenbe alyans ou deja fè yo se kle pou preparasyon tanp ou.

Jezi te anseye, "Paske pòt ki mennen nan lavi a jis e chemen an kwense, se sèlman kèk moun ki jwenn li" (Matye 7:14). Pòt nou antre a se batèm epi chemen nou suiv la se levanjil Li a. Batèm se premye òdonans levanjil la ak yon etap nesesè ansanm avèk chemen alyans pou retounen kote Bondye a.

Lòt òdonans pral gide w tou sou chemen an. Yo enkli resevwa Sentespri a, resevwa òdinasyon nan Prètriz Mèlkizedèk (pou gason), resevwa dotasyon tanp, epi sele nan tanp. Òdonans prètriz sakre sa yo mennen nan pigran benediksyon Papa nou ki nan syèl la ofri pitit Li yo—lajwa pou nou viv avèk Li ak fanmi nou apre lavi terès sa a.

Ou gen dwa santi ou doute oubyen menm depase pandan w ap prepare pou tanp lan. Anvan premye vizit ou a, li nòmal pou w mande tèt ou a kisa seremoni tanp yo pral sanble. Kèk bagay pral nouvo pou ou, men, majorite bagay ki rive nan tanp lan ta dwe parèt familye paske yo tout santre sou levanjil Jezikri a.

Ou pa bezwen konnen oubyen sonje tout bagay lè w ale nan tanp la. Ouvriye tanp yo toujou la pou ede w. Volontè sa yo emab ak janti. Yo la pou ede w santi w byenveni ak konfòtab nan kay Senyè a.

Paske w te batize, ou deja konnen kèk bagay konsènan òdonans ak alyans. Ou konnen yo gen siyifikasyon senbolik ak espirityèl. Paregzanp, ou aprann ke batèm senbolize yon netwayaj ak renesans. Ou abiye an blan epi ou antre nan dlo a. Yon detantè prètriz te leve men li epi li te di pawòl òdonans la. Ou te antere (plonje) nan dlo epi ou ou te leve kòm yon moun nouvo. Ou te pur ak pwòp ak pare pou w viv lavi w kòm yon disip fidèl Jezikri. Apre w te fin batize, ou te resevwa don Sentespri a pandan yo te mete men sou tèt ou.

Lè ou te batize, ou te fè yon alyans avèk Bondye. Ou te pwomèt ke w te vle pran non Jezikri sou tèt ou, toujou sonje L, kenbe kòmandman L yo, epi sèvi Li jiska lafen. Kòm yon manm Legliz la, ou senbolikman renouvle alyans batèm ou an ak tout lòt alyans lè w pran sentsèn nan.

Òdonans tanp yo suiv yon modèl ki parèy. Ou pral abiye an blan, yo pral anseye w plan Bondye a, epi w pral patisipe nan seremoni ki sakre ak senbolik. Yo pral pwomèt ou benediksyon tou pandan w ap fè alyans pou w suiv ansèyman ak egzanp Jezikri yo.

Sonje ke tout bagay nan tanp lan pwente nou sou Sovè a ak Pè Selès la. Tout bagay fèt pou elve ak enspire.

Men Pwòp ak yon Kè Pi

Nan liv Sòm nan, yo mande nou, “Kiyès ki pral monte sou kolin Senyè a? oubyen kiyès ki pran kanpe nan kote ki sen an? Moun ki gen men pwòp ak yon kè pur” (Psalm 24:3–4). Kolin Senyè a se tanp Li a. Gen de kalite yo mansyone pou w antre—men pwòp ak yon kè pur.

Pandan l t ap pale sou pasaj sa a, Elder David A. Bednar te di: “Kite m sijere ke men vin pwòp atravè pwosesis pou mete lòm natirèl la sou kote epi simonte peche ak enfliyans mal yo nan lavi nou atravè Sakrifis Ekspyatwa Sovè a. Kè nou pirifye lè nou resevwa pouvwa L Pou ranfòse nou pou fè byen ak vin pibon an. Otan ke yo nesesè, tout dezi ak ki diy ak bon zèv nou yo, pa p janm ka pwodui men pwòp ak kè pur. Se Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ki pwodui yon pouvwa pirifikatè ak redanmtè ki ede nou simonte peche ak yon pouvwa sanktifyan ak fòtifyan ki ede nou vin pi bon pase nou te ka janm ye si nou t ap repoze nou sèlman sou pwòp fòs pa nou. Ekspyasyon enfini an se pou ni pechè ni sen ki nan nou chak la.” (“Les mains propres et le coeur pur," Ensign oswa Liahona, Nov. 2007,82).

Pandan w ap prepare pou tanp lan, ou pral vizite evèk ou. Ou pral rankontre avèk prezidan pieu w tou, si w ap resevwa dotasyon w oubyen w ap sele. Yo chak pral fè yon entèvyou pou rekòmandasyon tanp avèk ou. Ou pral ka pataje panse w ak santiman w avèk yo, epi yo pral ofri konsèy enspire. Lè w ap reponn kesyon yo, ou pral afime tou ke ou gen "men pwòp ak yon kè pur." Otreman, ou pral di ke diy epi w vle antre nan tanp lan, patisipe nan òdonans sakre yo, epi kenbe alyans ou yo.

Alyans Sakre yo pèsonèl ak Puisan

Lè w ap pwogrese sou chemen alyans la al nan tanp lan, ou pral kòmanse apresye benediksyon alyans sakre yo nan lavi w menm plis. Men kèk bagay pou w konsidere apwopo enpòtans alyans yo:

1. Alyans yo apwofondi relasyon w avèk Pè Selès la ak Jezikri.

Yon alyans souvan defini kòm yon pwomès sakre ant Bondye ak pitit Li yo. Byenke definisyon sa a ekzat, li pa konplè. Yon alyans se plis pase yon kontra. Se yon angajman pèsonèl ki defini ak apwofondi relasyon nou avèk Bondye. Alyans yo fòme yon lyen sakre ant Bondye ak pitit Li yo. Yo renouvle lespri nou, chanje kè nou, epi yo ede nou vin ini avèk Li. Lè w fidèl nan alyans ou yo, devosyon w pou Pè Selès la ak Jezikri pral ogmante. Santiman gratitid ou pral ogmante. Kapasite w pou w renmen ak sèvi lòt moun pral grandi. Epi benediksyon yo pwomèt ou yo nan tanp lan pral devèse nan lavi w.

2. Alyans yo ede w konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo.

Pandan lavi w, ou pral rankontre chwa ki mande tan w, enèji w, ak resous ou. Anpil bon chwa pral fè konpetisyon avèk lòt ki vo lapenn. Kijan ou chwazi?

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Jis paske yon bagay bon se pa yon rezon sifizan pou w fè li. … Gen kèk bagay ki pi bon pase bon, epi se bagay sa yo ki ta dwe kòmande antansyon sou prioyorite nan lavi nou. … Kèk itilizasyon tan moun ak tan fanmi yo pibon, epi gen lòt ki meyè. Nou dwe kite kèk bon bagay pou nou chwazi lòt ki pi bon oubyen meyè paske yo devlope lafwa nan Senyè a, Jezikri, epi yo ranfòse fanmi nou” (“Bon, Pibon, Meyè,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2007, 104, 107).

Atravè alyans yo, Bondye ede nou konprann prensip, pratik, ak pwomès Li konnen ki meyè pou nou. Nou ka gen plis pèsepsyon sou priyorite yo epi fè chwa ki pi saj lè nou konsantre sou angajman nou pran avèk Bondye yo.

3. Òdonans ak alyans tan yo beni noumenm ak lòt moun.

Lè w resevwa dotasyon pèsonèl ou oubyen ou sele avèk konjwen w oswa fanmi w, ou pral kite tanp lan avèk yon pwomès ou resevwa nan men Senyè a dirèkteman. Se pa jis pwomès ki te fèt a ansyen pwofèt oubyen ansyen pèp, men pwomès ki fèt a oumenm. Ou ta dwe chèche konprann yo ak siyifikasyon yo nan lavi w.

Apre w fin resevwa òdonans pou tèt pa w, ou ka retounen nan tanp lan pou w resevwa òdonans pou lòt moun ki mouri. Ou gen responsablite espesyal pou w chèche zansèt ou yo epi asire w ke yo resevwa òdonans tanp yo. Sèvis ou a pral beni lavi yo epi l ap raple w pwomès ak benediksyon pa w yo.

Fè efò pou w Sonje epi Retounen

Lè w ap prepare pou patisipe nan òdonans tanp yo, sonje ke Bondye se Papa Etènèl ou epi Jezikri se Redanmtè ou. Yo konnen ou pèsonèlman. Yo renmen ou konplètman. Lè w kenbe alyans ou yo, w ap beni nan lavi sa a ak nan pwochen lavi a.

Èske w ka sonje yon lè kote w te santi w trè pwre Pè Selès ak Jezikri? Santiman sa yo pral grandi nan tanp lan. Tanp lan mete apa kont distraksyon, strès, ak enfliyans negatif lavi yo. Nan kote sen sa a, yo raple w ke oumenm ak moun ou renmen yo isit la sou tè a pou yon objektif ki gran epi ki nòb. Ou pral jwen pigwo lapè, rekonfò, ak esperans.

Ou pral wè tou ke benediksyon tanp yo pral antre nan kè w epi y ap elve nanm ou. Retounen nan tanp lan osi souvan ou kapab. Lè w fè sa, ou pral plis konprann konsènan amou Bondye ak Jezikri genyen pou oumenm ak tout moun. Menm apre w fin kite tanp lan, Sentespri a pral kontinye anseye w. Li pral raple w de sa w te fè eksperyans lan, de sa w te santi, ak kijan ou ka viv jan Bondye vle a.

Lè w ap prepare pou tanp, sonje ke Bondye vle w pwòch Li. Li bay tanp Li a kòm yon andwa espesyal pou w pwoche pipre Li. Lajwa etènèl ou se Lajwa pa L. Li te ban nou benediksyon tanp yo pou dirije nou retounen al jwenn Li. Mande èd Li lè w ap prepare ak pataje vyawaj ou a avèk Li. L ap gide ou. L ap enspire ou. Epi L ap ede w sou chemen an.