Èd pou Etid
6. Mouvman Legliz la pou ale nan Lwès la


6. Mouvman Legliz la pou ale nan Lwès la

Imaj
Kat jeyografik 6 istwa legliz la

N

Kanada

New York

Teritwa Oregon

Teritwa Endyen

Fayette

New York City

Rivyè Snake

Fort Hall

Fort Bridger

Rivyè Platte Nò

Osean Pasifik

Fort Laramie

Winter Quarters

Iowa

Pennsylvania

4 Fevriye 1846 Vwayaj bato Brooklyn nan kòmanse

Council Bluffs

Illinois

Indiana

Kirtland

San Francisco

Wout Kalifòni

Gran Lak Sale

Salt Lake City

Rivyè Platte Sid

Nauvoo

Philadelphi

Fort Leavenworth

Far West

Ohio

Washington, D.C.

Osean Atlantik

Sacramento

Quincy

Liberty

Kalifòni

Meksico

Pueblo

Rivyè Arkansas

Independence

Bato Brooklyn nan te rive nan Yerba Buena (San Francisco) 31 Jiyè 1846

Los Angeles

Missouri

Santa Fe

Rivyè Kanada

Teritwa Endyen

San Bernardino

Misyon San Luis Rey

Rivyè Gila

Rio Grande

Rivyè Pecos

San Diego

Tucson

Kle

Wout Batayon Mòmon

Wout direksyon Lwès sen yo

Wout bato Brooklyn nan

Kilomèt

0 150 300 450 600

A B C D E F G H

1 2 3 4

1

2

3

4

5

6

7

8

9

10

11

12

13

14

15

  1. Fayette Pwofèt Joseph Smith te kite Fayette pou l ale nan Kirtland, Ohio, an Janvye 1831. Twa branch New York yo (Fayette, Colesville, ak Manchester) te suiv annapre an Avril ak Me 1831 sou direksyon Senyè a te ba yo pou yo rasanble (gade nan D&A 37–38).

  2. Kirtland Katye jeneral Legliz la te nan Kirtland toudabò, soti 1831 rive 1838.

  3. Independence Senyè a te idantifye Independence (nan Konte Jackson, Missouri) kòm plas sant Siyon an Jiyè 1831 (gade nan D&A 57:3). Popilas la te fòse Sen yo soti nan Konte Jackson an Novanm 1833.

  4. Liberty Sen ki te nan Konte Jackson yo te rasanble nan Konte Clay, depi an 1833 jouk an 1836, lè gouvènman Missouri a te oblije yo ale ankò a. Pwofèt Joseph Smith ak senk lòt moun te anprizone nan kote sa a soti Desanm 1838 rive Avril 1839.

  5. Far West Yon refij te tabli nan kote sa a pou Sen yo 1836–1838. Sete katye jeneral Legliz la an 1838. An 1838–1839 Sen yo te oblije kouri kite Illinois.

  6. Nauvoo Katye jeneral Legliz la 1839–1846. Apre yo te fin touye Pwofèt la ak frè li, Hyrum, Sen yo te kite zòn nan al nan lwès.

  7. Council Bluffs Pyonye yo te rive nan kote sa a nan mwa Jen 1846. Manm Batayon Mòmon yo te derape 21 Jiyè 1846, sou direksyon James Allen.

  8. Winter Quarters Yon katye jeneral tanporè enpòtan, 1846–1848. Konpayi avangad la te pati al nan lwès sou direksyon Prezidan Brigham Young an Avril 1847.

  9. Fort Leavenworth Batayon Mòmon an te prepare yo nan kote sa a anvan yo te kòmanse mach pou al nan lwès la an Out 1846.

  10. Santa Fe Philip Cooke te kòmande Batayon Mòmon an pandan l t ap mache soti nan kote sa a nan 19 Oktòb 1846.

  11. Pueblo Twa gwoup moun malad nan Batayon Mòmon an te resevwa lòd pou yo te ale nan Pueblo pou yo te kapab refè, kote yo te pase ivè 1846–1847 la avèk Sen ki te soti nan Mississippi yo. Gwoup sa yo te antre nan Vale Lak Sale a an Jiyè 1847.

  12. San Diego Batayon Mòmon an te konplete mach 3.200 kilomèt li a nan kote sa a 29 Janvye 1847.

  13. Los Angeles Batayon Mòmon an te resevwa relèv yo nan kote sa a 16 Jiyè 1847.

  14. Sacramento Kèk nan manm batayon ki te relve yo te travay nan kote sa a nan Sutter’s Mill a pi lwen nan lès bò Rivyè American a. Yo te la lè yo te dekouvri lò yo an Janvye 1848 la.

  15. Salt Lake City Katye Jeneral Legliz la soti 1847 rive jodia. Brigham Young te rive nan Vale Lak Sale a nan 24 Jiyè 1847.