Èd pou Etid
Endèks Kat Jeyografik Istwa Legliz la


Endèks Kat Jeyografik Istwa Legliz la

Endèks kat jeyografik la kapab ede nou lokalize yon kote patikilye sou kat jeyografik yo. Chak antre gen nimewo kat jeyografik la ladan l, avèk kazye referans ki suiv li a, ki se yon konbinezon lèt ak nimewo. Paregzanp, nou jwenn lokasyon Fort Hall se 6:B1—ki se, kat jeyografik 6, kazye B1. Nou kapab lokalize kazye presi sou chak kat jeyografik lè nou gade nan kowòdone ki nan tèt ak sou kote kat jeyografik sa a. Non plas altènatif yo plase ant parantèz; paregzanp, Council Bluffs (Kanesville).