Manyèl yo ak Apèl yo
Prensip Prètriz yo


“3. Prensip Prètriz yo,” Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, (2020).

“3. Prensip Prètriz yo,” Manyèl Jeneral.

3.

Prensip Prètriz yo

3.0

Entwodiksyon

Prètriz la se otorite ak pouvwa Bondye. Li te toujou egziste epi l ap kontinye egziste san fen (gade nan Alma 13:7–8; Doktrin ak Alyans 84:17–18). Atravè prètriz la, Pè Selès la akonpli travay li “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” nan (Moyiz 1:39). Bondye akòde otorite ak pouvwa a pitit gason L ak pitit fi L yo sou tè a pou ede yo egzekite travay sa a (gade nan chapit 1).

3.1

Retablisman Prètriz la

Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo se sèl òganizasyon sou tè a ki gen otorite prètriz la. Pwofèt Joseph Smith te resevwa Prètriz Aawon an ak kle l yo nan men Jan Batis (gade nan Doktrin ak Alyans 13:1). Li te resevwa Prètriz Mèlkisedèk la ak kle l yo nan men Apot Pyè, Jak, ak Jan (gade nan Doktrin ak Alyans 27:12–13).

Nan Tanp Kirtland nan, Moyiz, Elyas, ak Elie te parèt devan Joseph Smith epi yo te ba li otorite anplis ki te nesesè pou l te akonpli travay Bondye a nan dènye jou yo (gade nan Doktrin ak Alyans 110:11–16).

  • Moyiz te remèt kle rasanbleman Izrayèl la (gade nan Gid pou Ekriti yo, “Izrayèl”).

  • Elyas te remèt dispansasyon levanjil Abraram nan. Sa enkli retablisman alyans Abraramik lan (gade nan Abraram 2:9–11; Gid pou Ekriti yo, “Alyans Abramik”).

  • Eli te remèt kle pouvwa sèlman an (gade nan Gid pou Ekriti yo, “Sele, Sèlman”). Kle sa yo bay otorite ki pèmèt òdonans ki fèt sou tè a lye moun nan lavi apre a (gade nan Doktrin ak Alyans 128:9–10).

Chak manm nan Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo gen tout kle prètriz sa yo jodi a. Se sèl Prezidan Legliz la, ki se Apot ki pi ansyen an, ki otorize pou l egzèse tout kle sa yo. Dirijan sa yo aple lòt manm nan Legliz la epi yo ba yo otorizasyon pou yo itilize otorite ak pouvwa prètriz Bondye a pou yo ede nan travay sali ak egzaltasyon an.

Pou enfòmasyon konsènan kle prètriz yo, gade nan 3.4.1.

3.2

Benediksyon Prètriz yo

Atravè alyans ak òdonans prètriz yo, Bondye rann gwo benediksyon disponib pou tout pitit Li yo. Benediksyon sa yo enkli:

  • Batèm ak apatenans nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

  • Don Sentespri a.

  • Pran Sentsèn.

  • Otorite ak pouvwa pou sèvi nan apèl ak tach nan Legliz la.

  • Resevwa benediksyon patriyakal ak lòt benediksyon prètriz pou gerizon, rekonfò, ak direksyon.

  • Dote avèk pouvwa Bondye nan tanp.

  • Sele avèk manm fanmi w pou letètnite.

  • Pwomès lavi etènèl la.

Pitit Bondye yo kapab resevwa benediksyon prètriz sa yo epi fè eksperyans gwo lajwa pandan y ap viv levanjil Jezikri a.

3.3

Prètriz Mèlkisedèk ak Prètriz Aawon

Nan Legliz la, prètriz la gen de pati: Prètriz Mèlkisedèk la ak Prètriz Aawon an (gade nan Gade Doktrin ak Alyans 107:1).

3.3.

Prètriz Mèlkisedèk

Prètriz Mèlkisedèk la se “Prètriz Sen an, dapre lòd Pitit Gason Bondye a.” (Doktrin ak Alyans 107:3). Se avèk pouvwa sa a pitit gason ak pitit fi Bondye yo kapab vin tankou L (gade nan Doktrin ak Alyans 84:19–21; 132:19–20).

“Prètriz Mèlkisedèk la detni dwa pou prezide a.” Li gen “pouvwa ak otorite sou tout ofis ki nan legliz la depi tout tan nan mond lan, pou administre nan zafè espirityèl.” (Doktrin ak Alyans 107:8). Atravè otorite sa a, dirijan yo nan Legliz la dirije ak administre tout travay espirityèl Legliz la (gade nan Doktrin ak Alyans 107:18). “Tout lòt otorite oubyen ofis ki nan legliz la se yon branch nan prètriz sa a” (Doktrin ak Alyans 107:5).

Prezidan Legliz la se gran prèt ki prezide sou tout Prètriz Mèlkisedèk la (gade nan Doktrin ak Alyans 107:65–67). Prezidan pieu a se gran prèt ki prezide nan pieu a (gade nan Doktrin ak Alyans 107:8, 10; gade tou nan chapit 5). Evèk la se gran prèt ki prezide nan pawas la (gade nan Doktrin ak Alyans 107:17; gade tou nan chapit 6).

Pou enfòmasyon konsènan ofis ak responsablite Prètriz Mèlkisedèk la, gade nan 8.1.1.

3.3.

Prètriz Aawon

Prètriz Aawon an se “yon branch nan … Prètriz Mèlkisedèk la” (Doktrin ak Alyans 107:14). Li enkli kle:

  • Ministè zanj yo.

  • Levanjil repantans lan.

  • Administre nan òdonans ekseryè yo, ki enkli batèm pou remisyon peche yo.

(Gade nan Doktrin ak Alyans 13:1; 84:26–27; 107:20.)

Evèk la se prezidan Prètriz Aawon an nan pawas la (gade nan Doktrin ak Alyans 107:15).

Pou enfòmasyon konsènan ofis ak responsablite Prètriz Aawon yo, gade nan 10.1.3.

3.4

Otorite Prètriz la

Otorite Prètriz la se otorizasyon pou reprezante Bondye ak aji nan non Li. Nan Legliz la, tout otorite prèriz la egzèse sou direksyon moun ki gen kle prètriz la.

Manm gason ki diy nan Legliz la resevwa otorite prètriz la lè yo konfere prètriz la sou yo epi yo òdone yo nan ofis nan prètriz la. Tout manm nan Legliz la kapab egzèse otorite yo delege yo lè yo mete yo apa oswa ba yo responsablite pou yo ede nan akonplisman travay Bondye a. Manm yo responsab devan Bondye ak devan moun Li aple pou prezide yo, sou fason yo egzèse otorite L la (gade nan 3.4.4).

3.4.1

Kle Prètriz la

Kle prètriz la se otorite pou dirije izaj prètriz la an favè pitit Bondye yo. Izaj tout otorite prètriz la nan Legliz la dirije pa moun ki gen kle prètriz yo (gade nan Doktrin ak Alyans 65:2).

3.4.1.1

Moun Ki Gen Kle Prètriz la

Se Jezikri ki gen tout kle prètriz la. Sou direksyon Li, yo bay gason kle prètriz la pou yo sèvi nan apèl espesifik pou akonpli travay Bondye a, jan yo eksplike sa pi ba a :

Senyè a konfere (bay) sou chak nan Apot Li yo tout kle ki gen rapò avèk wayòm Bondye a sou tè a. Apot vivan ki pi ansyen an, Prezidan Legliz la, se sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle prètriz yo (gade nan Doktrin ak Alyans 81:1–2; 107:64–67, 91–92; 132:7).

Sou direksyon Prezidan Legliz la, dirijan prètriz yo resevwa kle pou yo ka prezide nan domèn responsablite pa yo. Dirijan sa yo enkli:

  • Prezidan pieu ak distri yo.

  • Evèk ak Prezidan Branch yo.

  • Prezidan kowòm Prètriz Mèlkisedèk ak Aawon yo.

  • Prezidan Tanp yo.

  • Prezidan misyon yo ak prezidan sant fòmasyon misyonè yo.

  • Prezidan sit istorik yo nan Legliz la.

Dirijan sa yo resevwa kle prètriz la lè yo mete yo apa pou apèl yo a.

Gen lòt moun yo pa bay kle prètriz la, sa enkli konseye dirijan prètriz lokal yo ak konseye prezidan òganizasyon yo nan Legliz la. De preferans, dirijan sa yo resevwa otorite ke yo delege yo lè yo mete yo apa ak lè yo resevwa yon tach sou direksyon moun ki gen kle prètriz la. Prezidan òganizasyon yo nan Legliz la prezide sou direksyon moun ki detni kle prètriz la (gade nan 4.2.4).

3.4.1.2

Lòd pou Travay Senyè a

Kle Prètriz la bay asirans ke travay sali ak egzaltasyon an ap akonpli nan yon fason òdone (gade nan Doktrin ak Alyans 42:11; 132:8). Moun ki gen kle prètriz la dwe dirije travay Senyè a nan zòn responsablite pa yo a. Yo dwe fè sa nan lanmou ak lajistis. Otorite pou prezide a valab sèlman pou responsablite espesifik ki nan apèl dirijan an. Lè dirijan prètriz la relve nan apèl yo, yo pa gen kle sa yo ankò.

Tout moun ki sèvi nan Legliz la resevwa mizapa oswa responsablite sou direksyon yon moun ki gen kle prètriz la. Lè yo mete manm Legliz la apa oswa ba yo responsablite, Bondye otorize yo pou yo sèvi nan travay Li a.

3.4.2

Konfere Prètriz ak Òdinasyon nan Prètriz la

Sou direksyon moun ki gen kle prètriz la, yo konfere Prètriz Aawon an ak Prètriz Mèlkisedèk sou manm gason ki diy nan Legliz la (gade nan Doktrin ak Alyans 84:14–17). Apre yo fin konfere yon moun prètriz apwopriye a, yo òdone l nan yon ofis nan prètriz sa a kòm dyak oubyen ansyen. Detantè prètriz la dwe egzèse prètriz la selon dwa ak devwa ofis sa a (gade nan Doktrin ak Alyans 107:99).

Chak gason nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo dwe fè efò pou yo diy pou yo resevwa ak itilize Prètriz Mèlkisedèk la pou sèvi lòt moun. Lè yon gason resevwa prètriz sa a, li fè yon alyans pou l ranpli responsablite prètriz li a fidèlman. Li resevwa nan men Bondye yon sèman oswa yon pwomès benedisksyon etènèl tou (gade nan Doktrin ak Alyans84:33–44; gade tou nan Gid pou Ekriti yo , “Sèman ak Alyans Prètriz la”).

Pou plis enfòmasyon konsènan konfere moun prètriz la ak òdone moun nan prètriz la, gade nan 8.6.2, 10.6, 18.10, and 38.2.5.

3.4.3

Delegasyon Otorite Prètriz la pou Sèvi nan Legliz la

Yo delege manm yo otorite prètriz pou yo sèvi nan Legliz la nan fason sa yo:

  • Nan mete yo apa pou yon apèl nan Legliz la

  • Nan ba yo tach ke yo resevwa nan men dirijan ki ap prezide yo nan Legliz la

3.4.3.1

Mizapa

Lè gason ak fi resevwa mizapa sou direksyon moun ki gen kle prètriz la, yo resevwa otorite nan men Bondye pou yo aji nan apèl sa a. Lè yo relve nan yon apèl, yo pa gen otorite ki asosye avèk li a ankò.

Gen kèk apèl ki asosye avèk ofis ak kowòm yo nan prètriz la. Pa egzanp, yon gason ki gen Prètriz Mèlkisedèk kapab resevwa apèl kòm prezidan kowòm ansyen an. Lè Prezidan Pieu a mete l apa, li ba l kle, otorite, ak responsablite prètriz pou l dirije travay kowòm ansyen an (gade nan 3.4.1).

Gen anpil lòt apèl nan Legliz la ki pa asosye avèk ofis ak kowòm prètriz yo. Men tout manm nan Legliz la ki resevwa mizapa pou yo sèvi resevwa otorite ak responsablite diven pou yo aji nan apèl yo a. Pa egzanp:

  • Yon fi ke evèk la aple epi mete apa kòm prezidant Sosyete Sekou resevwa otorite pou l dirije travay Sosyete Sekou a nan pawas la.

  • Yon gason oswa yon fi ke yon manm episkopa a aple epi mete apa kòm enstriktè nan Primè resevwa otorite pou l anseye timoun yo nan Primè pawas la.

Moun ki resevwa apèl ak mizapa yo sèvi sou direksyon moun ki prezide sou yo a (gade nan 3.4.1.2).

Pou plis enfòmasyon konsènan mete manm apa pou apèl nan Legliz la, gade nan 18.11.

3.4.3.2

Asiyasyon

Dirijan ki prezide nan Legliz la kapab delege otorite atravè asiyasyon. Lè gason ak fi resevwa asiyasyon sa yo, yo resevwa otorite ki soti nan men Bondye pou yo aji. Pa egzanp:

  • Premye Prezidans lan ak Kowòm Douz Apot yo delege otorite bay Swazanndis yo ki gen responsablite pou yo administre kèk zòn epi prezide nan konferans pieu yo.

  • Prezidan misyon yo delege otorite bay misyonè gason ak fi ki resevwa tach pou yo dirije ak fòme lòt misyonè.

  • Yo delege otorite bay manm nan Legliz la pou yo sèvi kòm frè sèvitè pastoral ak sè sèvis pastoral. Sa fèt lè yo resevwa yon tach sou direksyon prezidan Kowòm Ansyen an oubyen prezidant Sosyete Sekou a.

Otorite yo delege yo nan tach sa a limite a responsablite espesifik ak dire tach la.

Pou plis enfòmasyon konsènan asiyasyon atravè delegation, gade nan 4.2.6.

3.4.4

Egzèse Otorite Prètriz la nan Lajistis

Dirijan yo ak manm yo nan Legliz la itilize otorite prètriz la ki konfere sou yo oubyen delege a yomenm nan pou yo beni lavi lòt moun.

Yo ka itilize otorite sa a sèlman nan lajistis (gade nan Doktrin ak Alyans 121:36). Li egzèse pa pèsyazyon, pasyans, jantiyès, dousè, lanmou, ak bonte (gade nan Doktrin ak Alyans 121:41–42). Dirijan yo fè konsèy avèk lòt moun nan yon espri inite epi yo chèche konn volonte Senyè a atravè revelasyon (gade nan Doktrin ak Alyans 41:2). Pou enfòmasyon konsènan chita an konsèy avèk lòt moun, gade nan 4.2.5.

Moun ki egzèse otorite prètriz la pa enpoze volonte yo sou lòt moun. Yo pa itilize l pou bi egoyis. Si yon moun itilize l avèk enjistis, “syèl la wete tèt li; Lespri Senyè a atriste ” (Doktrin ak Alyans 121:37).

Kèk apèl Legliz la enkli responsablite pou prezide. Pou enfòmasyon sou prezide nan Legliz la, gade nan 4.2.4

3.5

Pouvwa Prètriz la

Se atravè pouvwa prètriz la Bondye beni pitit Li yo. Pouvwa prètriz Bondye a manifeste sou tout manm nan Legliz la—fi ak gason—lè yo respekte alyans yo fè avèk Li yo. Manm yo fè alyans sa yo lè yo resevwa òdonans prètriz la. (Gade nan Doktrin ak Alyans 84:19–20.)

Benediksyon pouvwa prètriz manm yo kapab resevwa yo enkli:

  • Gid pou lavi yo.

  • Enspirasyon pou yo ka konn kijan pou yo sèvi manm fanmi yo ak lòt moun.

  • Fòs pou yo andire ak simonte difikilte.

  • Don Lespri a pou mayifye kapasite yo.

  • Revelasyon pou yo ka konn kijan pou yo fè travay yo òdone yo a, mete yo apa a, oubyen asiyen yo pou yo fè a.

  • Èd ak fòs pou yo ka vin pi sanble avèk Jezikri ak Pè Selès la.

3.5.1

Alyans

Yon alyans se yon pwomès sakre ant Bondye ak pitit Li yo. Bondye bay kondisyon pou alyans lan, e pitit Li yo dakò pou yo obeyi kondisyon sa yo. Bondye pwomèt pou L beni pitit Li yo lè yo respekte alyans lan.

Manm yo fè alyans avèk Bondye lè yo resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo (gade nan 18.1). Tout moun ki pèsevere jiska lafen nan respekte alyans yo ap resevwa lavi etènèl (gade nan 2 Nefi 31:17–20; Doktrin ak Alyans 14:7). Pèsevere jiska lafen enkli egzèse lafwa nan Pè Selès la ak Jezikri ak repanti chak jou.

Paran, dirijan Legliz, ak lòt moun ede manm yo prepare yo pou yo fè alyans lè yo resevwa òdonans levanjil la. Yo dwe asire yo ke moun nan konprann alyans li pral fè a. Lè yon moun fin fè yon alyans, yo ede l respekte li. (Gade nan Mozyiah 18:8–11, 23–26.)

3.5.2

Òdonans

Yon òdonans se yon aksyon sakre ki fèt pa otorite prètriz la. Òdonans te toujou fè pati levanjil Jezikri a. Premye òdonans sou tè a te fèt nan epòk Adan ak Èv la (gade nan Jenèz 1:28; Moyiz 6:64–65).

Nan anpil òdonans, moun fè alyans avèk Bondye. Egzanp sa yo enkli batèm, sentsèn, dotasyon, ak òdonans sèlman maryaj la. Nan lòt òdonans tankou benediksyon patriyakal oswa benediksyon moun ki malad, moun pa fè alyans, men yo resevwa direksyon ak fòs pou yo respekte alyans yo.

Òdonans yo gen siyifikasyon senbolik ki mete moun anfas Pè Selès la ak Jezikri. Nan òdonans ki enkli alyans yo, karaktè senbolik la ede moun yo konprann pwomès yo fè yo ak benediksyon y ap resevwa atravè fidelite yo.

Chak òdonans pèmèt moun yo resevwa gwo benediksyon espirityèl. Senyè te revele, “Nan òdonans yo, pouvwa Bondye manifeste” (Doktrin ak Alyans 84:20). Òdonans sali ak egzaltasyon yo endispansab pou lavi etènèl. Pou plis enfòmasyon, gade nan 18.1.

Moun ki vivan yo resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo pou yomenm. Kote sa posib, yo retounen nan tanp apre sa pou yo fè òdonans pa pwokirasyon pou moun ki mouri deja yo. Pou plis enfòmasyon konsènan fè òdonans pou mò yo, gade nan chapit 28.

3.6

Prètriz la ak Fwaye a

Tout manm Legliz la ki respekte alyans yo—fi, gason, ak timoun—beni avèk pouvwa prètriz la nan fwaye yo pou yo fòtifye tèt yo ak fanmi yo (gade nan 3.5). Pouvwa sa a ap ede manm yo fè travay sali ak egzaltasyon Bondye a nan lavi pèsonèl yo ak nan fanmi yo (gade nan 2.2).

Gason ki gen Prètriz Mèlkisedèk la kapab bay manm fanmi yo benediksyon prètriz pou ba yo direksyon, gerizon, ak rekonfò. Lè sa nesesè, manm Legliz la kapab chèche benediksyon sa yo tou nan men manm fanmi elaji, frè sèvis pastoral yo, oubyen dirijan Legliz la nan zòn yo a. Pou plis enfòmasyon konsènan benediksyon prètriz la, gade nan 18.13 ak 18.14.

Pou enfòmasyon sou prezide nan fanmi an, gade nan 2.1.3.