Manyèl yo ak Apèl yo
23. Pataje Levanjil la ak Fòtifye Nouvo Manm ak Manm ki Retounen


“23. Pataje Levanjil la ak Fòtifye Nouvo Manm ak Manm ki Retounen,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“23. Pataje Levanjil la ak Fòtifye Nouvo Manm ak Manm ki Retounen,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la.

Imaj
moun k ap gade telefòn

23.

Pataje Levanjil la ak Fòtifye Nouvo Manm ak Manm ki Retounen

23.0

Entwodiksyon

Envite tout moun resevwa levanjil la se yon pati nan travay sali ak egzaltasyon an (gade 1.2 nan manyèl sa a; Matye 28:19–20). Li enkli:

  • Patisipe nan travay misyonè ak sèvi kòm misyonè.

  • Ede nouvo manm ak manm ki retounen Legliz la pwogrese sou chemen alyans lan.

23.1

Pataje Levanjil la

23.1.1

Renmen

Yon fason nou montre lanmou nou pou Bondye se nan renmen ak sèvi pitit Li yo (gade Matye 22:36–39; 25:40). Nou fè efò pou nou renmen ak sèvi jan Jezikri te fè a. Lanmou sa a enspire nou pou nou lonje lamen bay moun tout relijyon, ras, ak kilti (gade Travay 10:34; 2 Nefi 26:33).

23.1.2

Pataje

Paske nou renmen Bondye ak pitit Li yo, nou natirèlman anvi pataje benediksyon Li ba nou yo (gade Jan 13:34–35) epi ede rasanble Izrayèl. Nou chèche ede moun yo santi lajwa ke nou santi a (gade Alma 36:24). Nou pale ouvètman de Sovè a ak enfliyans Li nan lavi nou (gade Doktrin ak Alyans 60:2). Nou pataje bagay sa yo nan fason nòmal ak natirèl kòm yon pati nan entèraksyon pèsonèl, sou entènèt, ak nan lòt entèraksyon.

23.1.3

Envite

Nou priye pou enspirasyon ak gidans sou fason pou nou envite lòt moun pou:

  • Vini non epi wè benediksyon ki disponib atravè Jezikri, levanjil Li a, ak Legliz Li a (gade Jan 1:37–39, 45–46).

  • Vini non epi ede nou sèvi moun ki nan bezwen.

  • Vini epi fè pati Legliz retabli Jezikri a.

Byen souvan, envite senpleman vle di entegre fanmi nou, zanmi nou ak vwazen nan sa nou deja ap fè.

23.2

Fòtifye Nouvo Manm yo

Chak nouvo manm bezwen amitye, opòtinite pou yo sèvi, ak nouriti espirityèl. Antanke manm Legliz la, nou bay nouvo manm yo amou nou ak sipò nou (gade Mozya 18:8–10). Nou ede yo santi yo yon santiman apatenans nan Legliz la. Nou ede yo pwogrese sou chemen alyans lan epi vin pi pwofondeman “konvèti nan Senyè a” (Alma 23:6).

23.3

Fòtifye Manm ki Retounen yo

Gen kèk manm ki chwazi pou yo sispann patisipe nan Legliz la. Sovè a di, “Men, pa chase yo deyò nan sinagòg nou yo … oubyen nan kay adorasyon nou yo, paske nou pa konnen si yo p ap retounen vin repanti, pou yo vin jwenn mwen sensèman, e m ap geri yo; e n ap vin yon mwayen pou yo jwen sali a” (3 Nefi 18:32).

Manm ki pa konplètman patisipe yo gen plis chans pou yo retounen si yo gen bonjan relasyon avèk manm Legliz yo. Menm jan ak nouvo manm, yo bezwen amitye, opòtinite pou yo sèvi, ak nouriti espirityèl.

23.4

Dirijan Pieu

23.4.1

Prezidans Pieu

Prezidan pieu a detni kle nan pieu a pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm ki retounen yo. Limenm ak konseye l yo bay bonjan enstriksyon pou efò sa yo.

Anjeneral chak mwa, prezidan pieu a rankontre avèk prezidan misyon an pou kowòdone efò ant dirijan pieu yo ak dirijan pawas yo ak misyonè aplentan yo.

23.4.3

Manm Gran Konsèy

Prezidans pieu a kapab asiyen manm gran konsèy pou enstwi ak sipòte prezidans kowòm ansyen yo ak dirijan misyon pawas yo. Youn oswa plis konseye ka asiyen pou dirije efò sa yo. Sepandan, tout manm gran konsèy yo gen responsablite sa yo pou pawas ak kowòm kote yo asiyen yo.

23.4.4

Prezidans Sosyete Sekou Pieu

Sou direksyon prezidan pieu a, prezidans Sosyete Sekou pieu a enstwi epi sipòte prezidans Sosyete Sekou pawas yo nan responsablite yo pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo.

23.5

Dirijan Pawas

23.5.1

Episkopa

Episkopa a kowòdone avèk prezidans kowòm ansyen ak prezidans Sosyete Sekou yo pandan y ap dirije efò pawas la nan pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm ki retounen yo. Dirijan sa yo fè konsèy ansanm regilyèman.

Episkopa a asire ke efò sa yo diskite ak kowòdone nan konsèy pawas ak nan reyinyon konsèy pawas jèn yo.

Evèk la entèvyouve nouvo manm ki nan laj apwopriye a pou yon rekòmandasyon tanp pou fè batèm ak konfimasyon pa pwokirasyon (gade 26.4.2). Li fè entèvyou avèk frè ki nan laj apwopriye pou yo resevwa Prètriz Aawon an tou. Nòmalman li fè entèvyou sa yo nan entèval yon semèn konfimasyon manm lan.

23.5.2

Prezidans Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou

Prezidans kowòm ansyen ak prezidans Sosyete Sekou yo dirije efò jounalye pawas la pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm ki retounen yo (gade 8.2.3 ak 9.2.3).

Dirijan sa yo gen responsablite sa yo:

  • Ede enspire manm yo pou yo renmen pitit Bondye yo, pou yo pataje levanjil la, epi envite lòt moun pou resevwa benediksyon Sovè a.

  • Bay frè ak sè sèvis pastoral yo tach pou responsab nouvo manm yo ak manm ki retounen yo (gade 21.2.1).

  • Dirije travay lidè misyon pawas la.

Prezidan kowòm ansyen an ak Prezidant Sosyete Sekou a chak bay yon manm prezidans yo a tach pou ede dirije efò sa yo. De manm prezidans sa yo travay ansanm. Yo ale nan reyinyon kowòdinasyon chak semèn (gade 23.5.7).

23.5.3

Lidè Misyon Pawas

Episkopa a konsilte prezidan pieu a pou detèmine si pou l aple yon lidè misyon pawas. Moun sa a dwe se yon detantè Prètriz Mèlkisekèk. Si yo pa aple lidè sa a, yon manm nan prezidans kowòm ansyen an ka ranpli wòl sa a.

Lidè misyonè pawas la sipòte prezidans kowòm ansyen yo ak prezidans Sosyete Sekou a nan responsablite misyonè yo. Li gen responsablite sa yo tou:

  • Kowòdone travay manm ak dirijan pawas yo, misyonè pawas yo, ak misyonè aplentan yo.

  • Dirije reyinyon kowòdinasyon chak semèn yo (gade 23.5.7).

23.5.4

Misyonè Pawas

Misyonè pawas yo ede manm pawas yo fè eksperyans lajwa ki genyen nan pataje levanjil la jan sa dekri nan 23.1an. Yo sèvi sou direksyon direksyon lidè misyon pawas la oswa manm prezidans kowòm ansyen an ki ranpli wòl sa a.

23.5.5

Konsèy Pawas ak Konsèy Pawas Jèn yo

Pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm ki retounen yo ta dwe diskite regilyèman nan reyinyon konsèy pawas yo. Evèk la ka envite lidè misyon pawas la pou asiste reyinyon konsèy pawas yo.

Fòm tankou sa yo ka ede nan diskisyon sa yo:

Lè n ap diskite sou bezwen jèn yo nan pawas la, konsèy jèn pawas la dwe pote atansyon espesyal sou nouvo manm yo ak manm ki retounen yo ansanm ak jèn ke misyonè yo ap anseye yo.

23.5.7

Reyinyon Kowòdinasyon

Chak semèn, yo fè reyinyon enfòmèl tou kout pou kowòdone efò pou pataje levanjil la ak fòtifye nouvo manm yo ak manm ki retounen yo. Si yo aple yon lidè misyon pawas, li dwe fè reyinyon sa yo. Otreman, manm prezidans kowòm ansyen an ki ranpli wòl sa a ap dirije.

Lòt moun ki envite yo enkli:

  • Manm prezidans Sosyete Sekou ak kowòm ansyen ke yo bay tach sa a.

  • Misyonè pawas yo.

  • Yon asistan nan kowòm prèt yo (oswa prezidan kowòm enstriktè oswa kowòm dyak la si pa gen prèt nan pawas la).

  • Yon manm prezidans klas Jènfi ki pi ansyen an.

  • Misyonè aplentan yo.