Manyèl yo ak Apèl yo
22. Reponn a Bezwen Tanporèl yo ak bati Otonomi


“22. Reponn a Bezwen Tanporèl ak bati otonomi,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“22. Reponn a Bezwen Tanporèl ak Bati Otonomi,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la

Imaj
moun k ap travay

22.

Reponn a Bezwen Tanporèl ak Bati Otonomi.

22.0

Entwodiksyon

Manm Legliz yo fè alyans pou “yonn pote chay lòt, … pran lapenn ak moun ki nan lapenn … , epi konsole moun ki bezwen konsolasyon” (Mozya 18:8–9).

Manm Legliz yo jwenn konsèy tou pou ranfòse pwòp otonomi pa yo nan travay dilijan epi avèk èd Senyè a. Otonomi se “kapasite, angajman, ak efò pou bay nesesite spirityèl ak tanporèl lavi a pou tèt pa w ak pou fanmi w.”


EFÒ ENDIVIDYEL AK FAMILYAL


22.1

Bati Otonomi

Avèk èd Senyè a, manm yo bati otonomi nan fason sa yo:

  • Devlope fòs espirityèl, fizik ak emosyonèl.

  • Jwenn edikasyon ak travay.

  • Amelyore preparasyon tanporèl.

22.1.4

Preparasyon tanporèl

Ekriti yo anseye enpòtans preparasyon (gade Ezekyèl 38:7; Doktrin ak Alyans 38:30). Manm yo jwenn konsèy pou yo prepare pou yo ka pran swen tèt yo, fanmi yo, ak lòt moun nan moman bezwen yo.

Manm yo ka ogmante preparasyon finansye konsa:

  • Peye dim ak ofrann (gade Malaki 3:8–12).

  • Elimine epi evite dèt nan limit ki posib.

  • Prepare ak viv nan yon bidjè.

  • Ekonomize pou lavni.

  • Jwenn yon edikasyon apwopriye pou ede yo okipe tèt yo ak fanmi yo (gade 22.3.3).

Preparasyon gen ladan tou devlope yon plan sou fason pou pran swen bezwen debaz yo pandan yon ijans. Yo ankouraje manm yo pou stoke yon kantite manje, dlo, ak lòt bagay nesesè pou yon peryòd akoutèm epi alontèm.

22.2

Sèvi moun ki gen bezwen tanporèl ak emosyonèl

Yo anseye disip Senyè yo pou yo “renmen… e pou youn sèvi lòt” epi pou yo “sekouri moun ki bezwen… sekou” (Mozya 4:15–16). Manm yo fè efò pou yo wè lòt moun jan Sovè a wè yo, konprann fòs inik yo ak bezwen yo. Bezwen sa yo ka enkli manje, rad, lojman, edikasyon, travay, sante fizik, ak byennèt emosyonèl.

22.2.1

Magazen Senyè a

Tout resous ki disponib pou Legliz la ede moun ki gen bezwen tanporèl yo rele magazen Senyè a (gade Doktrin ak Alyans 82:18–19). Yo enkli ofrann tan manm yo , talan, konpasyon, materyèl, ak resous finansye pou ede moun ki nan bezwen.

Magazen Senyè a egziste nan chak pawas ak pieu. Souvan, dirijan yo ka ede moun ak fanmi yo jwenn solisyon pou bezwen yo lè yo itilize konesans, konpetans ak sèvis manm pawas ak pieu yo ofri yo.

22.2.2

Lwa ofrann jèn ak Jèn

Senyè a te etabli lwa ofrann jèn ak jèn pou beni pèp li a epi pou bay yon mwayen pou yo sèvi moun ki nan bezwen. Manm yo vin pi pwòch Senyè a epi ogmante fòs espirityèl yo pandan y ap viv lwa jèn la. (Gade Ezayi 58:6–12; Malachi 3:8–12.)

Jèn yo ka fèt nan nenpòt ki lè. Sepandan, anjeneral, manm yo obsève premye Jou Saba a nan mwa a kòm yon jou jèn. Yon jou jèn tipikman enkli bagay sa yo:

  • Priye

  • Rete san manje ni bwè pou yon peryòd 24 èdtan (si w fizikman kapab)

  • Bay yon ofrann jèn jenere

Yon ofrann jèn se yon ofrann pou ede moun ki nan bezwen. Lè manm yo jene, yo envite yo bay yon ofrann ki omwen egal a valè manje yo pa manje a.

Manm yo ka bay ofrann jèn yo ak yon dim konplè ak lòt ofrann a evèk la oswa youn nan konseye l yo. Nan kèk zòn, yo ka fè don yo tou sou entènèt.


EFÒ DIRIJAN YO


22.3

Modèl pou bati otonomi ak sèvis pastoral pou moun ki nan bezwen

22.3.1

Chèche moun ki nan bezwen

Evèk la gen yon responsablite sakre pou chèche moun ki nan bezwen (gade Doktrin ak Alyans 84:112). Lòt ki gen yon wòl enpòtan nan ede evèk la ak responsablite sa a enkli:

  • Frè ak sè sèvis pastoral yo.

  • Prezidans Sosyete Sekou ak Kowòm Ansyen yo

  • Konseye evèk la.

  • Lòt manm konsèy pawas la.

22.3.2

Ede Manm evalye ak Adrèss Bezwen Akoutèm yo

Manm yo fè efò pou yo satisfè bezwen de baz yo atravè pwòp efò pa yo epi ede fanmi lwen yo. Lè sa a pa ase, manm yo ka bezwen èd nan men lòt sous tankou:

  • Resous Gouvènman ak kominote a (gade 22.12).

  • Asistans legliz la.

Asistans legliz la ka enkli èd avèk bezwen akoutèm tankou manje, atik ijyèn, rad, lojman, oswa lòt bagay debaz. Evèk yo ka itilize ofrann jèn pou reponn a bezwen sa yo. Kote kòmand evèk la disponib, evèk yo jeneralman itilize moun pou bay manje ak lòt machandiz debaz (gade “Lòd Evèk yo ak Referans” nan Resous pou Dirijan ak Grefye [LCR]).

22.3.3

Ede Manm yo bati Otonomi Alontèm

Manm yo ka bezwen sipò kontinyèl pou adrese pwoblem alontèm yo. Edikasyon, fòmasyon pwofesyonèl, oswa lòt resous ka ede yo bati otonomi pèsonèl pou bezwen alontèm yo.

Plan Otononomi an ede manm yo idantifye fòs yo ak bezwen yo. Li ede yo idantifye resous ki itil. Yo ta dwe itilize plan sa a chak fwa yo bezwen asistans Legliz la.

22.3.4

Sèvi moun ki gen bezwen emosyonèl

Anpil manm fè eksperyans difikilte emosyonèl. Frè ak sè sèvis pastoral yo ak dirijan pawas yo kapab tounen enstriman nan ede manm yo ak difikilte sa yo.

22.4

Prensip pou bay Asistans Legliz yo

Avèk èd Senyè a, manm yo chèche bay tèt yo ak fanmi yo.

Asistans legliz la se pou ede manm yo devlope endepandans, pa depandans. Nenpòt asistans yo bay ta dwe ranfòse manm yo nan efò yo pou yo vin otonòm.

22.4.1

Ankouraje Responsablite Pèsonèl ak Familyal

Dirijan yo anseye ke moun yo ak fanmi yo gen responsablite prensipal pou pwòp byennèt tanporèl, emosyonèl ak espirityèl yo.

Anvan li bay asistans Legliz la, evèk la (oswa yon lòt dirijan oswa manm li chwazi a) revize avèk manm ki resous yo ap itilize pou satisfè pwòp bezwen pa yo.

22.4.2

Bay Asistans Tanporè pou Bezwen esansyèl

Objektif asistans Legliz la se pou satisfè tanporèman bezwen debaz yo pandan manm yo ap fè efò pou yo vin otonòm.

Evèk yo ta dwe egzèse bon jijman epi chèche direksyon espirityèl lè y ap konsidere kantite lajan an ak dire asistans yo bay la. Yo ta dwe gen konpasyon ak jenerozite pandan yo pap kreye depandans.

22.4.3

Bay Resous oswa Sèvis olyede lajan kach

Si sa posib, evèk la dwe evite bay lajan kach. Olye de sa, li ta dwe itilize ofrann jèn oswa lòd evèk yo pou bay manm yo pwovizyon oswa sèvis. Lè sa a manm yo ka sèvi ak pwòp lajan yo pou peye pou lòt bagay yo bezwen.

Lè sa a pa ase, evèk la ka ede pa sèvi avèk ofrann jèn pou peye bòdwo esansyèl yo tanporèman (gade 22.5.2).

22.4.4

Ofri travay oswa opòtinite sèvis.

Evèk yo envite moun ki resevwa asistans pou travay oswa bay sèvis nan limit kapasite yo. Sa ede manm yo kenbe yon sans de diyite. Li ogmante kapasite otonomi yo tou.

22.4.5

Kenbe enfòmasyon sou Asistans Legliz la konfidansyèl

Evèk la ak lòt dirijan pawas yo kenbe konfidansyèl nenpòt enfòmasyon sou manm ki ka bezwen asistans Legliz la. Sa pwoteje vi prive ak diyite manm lan.

22.5

Règleman pou bay Asistans Legliz

Dirijan legliz yo ta dwe swiv règleman yo ki dekri nan seksyon sa a lè ya p bay asistans nan ofrann jèn oswa lòd evèk yo pou manje ak lòt machandiz debaz yo.

22.5.1

Règleman konsènan Benefisyè Asistans Legliz yo

22.5.1.1

Asistans pou manm pawas yo

Anjeneral, manm ki resevwa asistans Legliz la ta dwe viv nan limit pawas yo epi yo gen dosye manm yo nan pawas la. Nou ka resevwa asistans kèlkeswa si manm nan regilyèman patisipe nan reyinyon Legliz yo oubyen suiv prensip Legliz yo.

22.5.1.2

Asistans pou Evèk ak Prezidan Pieu yo

Apwobasyon alekri pwezidan pieu a obligatwa anvan yon evèk ka itilize ofrann jèn oswa apwouve lòd evèk la pou tèt li oswa fanmi li.

22.5.1.4

Asistans pou moun ki pa manm Legliz la

Moun ki pa manm Legliz la anjeneral yo refere yo bay resous kominotè lokal yo pou asistans. Nan okazyon ki ra, jan Lespri a gide, evèk la ka ede yo avèk ofrann jèn oswa lòd evèk yo.

22.5.2

Règleman sou Sèvi avèk Ofrann Jèn yo

22.5.2.1

Swen medikal oswa lòt swen sante

Chak zòn legliz te etabli limit apwobasyon pou sèvi avèk ofrann jèn pou peye swen medikal, dantè, oswa depans sante mantal.

Pou kantite lajan apwobasyon ak direktiv, gade “Itilize Ofrann Jèn pou Depans Medikal.”

22.5.2.3

Ranbousman ofrann jèn

Manm yo pa ranbouse asistans ofrann Jèn yo resevwa nan men Legliz la.

22.5.2.4

Kantite depans Ofrann Jèn Pawas.

Evèk yo pa rekòmande pou limite asistans ofrann jèn pou manm pawas yo ak kantite don yo ranmase nan pawas la.

22.5.3

Règleman sou fè Peman

Si sa posib, peman yo ta dwe fèt dirèkteman ak biznis ki bay machandiz ak sèvis yo

22.5.4

Règleman sou Peman ki ka benefisye yon evèk oswa prezidan pieu

Lè yo bay manm yo ofrann jèn asistans, yon evèk pa ka itilize lajan yo pou peye machandiz oswa sèvis nan yon fason k ap benefisye li pèsonèlman.

Si yon peman ofrann jèn pou yon manm ta benefisye prezidan pieu a oswa yon biznis li posede, apwobasyon Prezidans Zòn lan obligatwa.

22.6

Wòl Dirijan Pawas yo

22.6.1

Evèk ak Konseye yo

Evèk la gen yon manda diven pou chèche epi pran swen moun ki gen bezwen tanporèl (gade Doktrin ak Alyans 84:112). Li delege anpil nan travay sa a ak prezidans Sosyete Sekou ak prezidans kowòm ansyen yo. Sepandan, gen devwa ki fèt sèlman pa evèk la. Pou egzanp, evèk la:

  • Detèmine kalite, kantite , ak dire nenpòt asistans tanporèl pou l bay.

  • Apwouve asistans jèn (gade 22.4 ak 22.5) ak lòd evèk yo pou manje ak lòt machandiz debaz (gade 22.13).

  • Revize pèsonèlman plan otonòmi manm yo. Li chwazi lòt dirijan pawas pou yo suiv plan sa yo selon bezwen yo.

Evèk la ak konseye l yo gen responsablite sa yo:

  • Anseye prensip ak benediksyon ki gen rapò ak (1) pran swen moun ki gen bezwen tanporèl ak emosyonèl ak (2) bati otonomi (gade 22.1).

  • Anseye lwa jèn yo epi ankouraje manm yo pou bay yon ofrann jèn jenere (gade 22.2.2).

  • Sipèvize rasanbleman an ak kontablite ofrann jèn yo(gade 34.3.2).

22.6.2

Prezidans Sosyete Sekou ak Kowòm Ansyen yo

Sou direksyon evèk la, Prezidans Sosyete Sekou ak kowòm ansyen yo gen yon wòl kle nan pran swen moun ki nan bezwen nan pawas la (gade 8.2.2 ak 9.2). Dirijan sa yo anseye manm pawas yo pou:

  • Sèvi moun ki nan bezwen.

  • Viv lwa jèn.

  • Bati otonomi.

  • Ogmante preparasyon pèsonèl ak familyal

22.6.3

Frè oswa Sè Sèvis Pastoral

Èd ak bezwen espirityèl ak tanporèl souvan kòmanse avèk frè ak sè sèvis pastoral yo (gade 21.1). Yo rapòte bezwen moun y ap sèvi yo bay prezidans kowòm ansyen oswa Sosyete Sekou yo nan entèvyou sèvis pastoral yo ak nan lòt moman. Yo ka pataje bezwen ki konfidansyèl dirèkteman avèk evèk la.

22.7

Wòl Konsèy Pawas la

Yon wòl enpòtan nan konsèy pawas la se planifye fason pou pran swen moun ki nan bezwen ak ede yo vin otonòm (gade 4.4). Manm konsèy yo baze plan sa yo sou enfòmasyon ki soti nan entèvyou sèvis pastoral yo ak nan pwòp kontak pèsonèl yo ak moun ki nan bezwen. Nan pale sou bezwen manm yo, konsèy la respekte dezi nenpòt moun ki mande konfidansyalite.

22.8

Wòl konsèy jèn pawas la

Yon objekti konsèy jèn pawas la se ede jèn yo vin disip konsakre Jezikri (gade 29.2.6).

Anba direksyon episkopa la, konsèy jèn pawas la planifye fason pou sèvi moun ki nan bezwen nan pawas yo ak nan kominote yo.