Manyèl yo ak Apèl yo
5. Lidèchip Jeneral ak Lidèchip Entèrejyon


“5. Lidèchip Jeneral ak Lidèchip Entèrejyon,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la (2023).

“5. Lidèchip Jeneral ak Lidèchip Entèrejyon,” Seleksyon ki soti nan Manyèl Jeneral la.

Imaj
Premye Prezidans

5.

Lidèchip Jeneral ak Lidèchip Entèrejyon

5.0

Entwodiksyon

Jezikri se “wòch santral [pyè angilè] anchèf la“ nan Legliz Li a (Efezyen 2:20). Li detni tout kle prètriz yo. Li aple apot ak pwofèt pou ede Li nan travay sali ak egzaltasyon an. Li konfere sou sèvitè chwazi sa yo tout kle ki prezantman gen rapò avèk wayòm Bondye a sou tè a. (Gade Doktrin ak Alyans 27:12–13; gade 3.4.1 nan manyèl sa a tou.)

Atravè pwofèt yo ak apot yo, Senyè a aple gason nan ofis Swasanndis pou ede nan travay Li a nan tout mond lan (gade Doktrin ak Alyans 107:38). Anplis de sa, Episkopa Prezidan an, Ofisye Jeneral yo, ak lòt dirijan gason ak fi yo resevwa responsablite enpòtan pou ede nan travay la.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 5 nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (ChurchofJesusChrist.org).