EnglishConnect for Missionaries
Leson 16: Nan Kominote a


“Leson 16: Nan Kominote a,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (2022)

“Leson 16,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo

yon papa ak pitit gason

Lesson 16

In the Community

Objektif: Mwen pral aprann dekri lokalizasyon yo nan yon vil.

Personal Study

Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.

senbòl a
Study the Principle of Learning: Take Responsibility

Pran Responsablite

I have the power to choose, and I am responsible for my own learning.

Mwen gen pouvwa pou m chwazi, epi mwen responsab pwòp aprantisaj mwen.

Jezikri te pataje yon istwa konsènan yon nonm rich ki te bay twa sèvitè lajan. De premye sèvitè yo te itilize lajan an avèk sajès epi yo te double l. Twazyèm sèvitè a te pè. Li te kache lajan an pou l pat pèdi l. Nonm rich la te desi avèk twazyèm sèvitè a, men li te kontan avèk de premye yo. Li te di de premye sèvitè yo:

“Se byen, ou menm bon sèvitè fidèl, ou te fidèl nan kèk bagay, m pral konfye w anpil lòt bagay; vin fè fèt avèk mèt ou.” (Matye 25:21).

Panse konsènan don Pè Selès ba ou yo. Petèt ou ka resevwa kapasite pou etidye byen oswa pou w pasyan avèk lòt moun. Ou kapab gen gwo lafwa oubyen kouraj pou w pale. Pran responsablite pou don sa yo epi devlope yo. Konsidere fason pou w itilize yo pou ede lòt moun. Epi tou, ou ka chwazi devlope nouvo don. Ou ka egzèse lafwa nan Bondye, pou chèche don espirityèl, pratike yo, epi itilize yo pou ede lòt moun. Bondye ap gide w lè w chèche devlope don w yo.

Kris k ap souri.

Ponder

  • Ki don ou genyen?

  • Kijan ou ta kapab itilize don w yo pou ou aprann Anglè?

  • Nan ki fason don sa yo ka ede zanmi w yo nan EnglishConnect?

senbòl b
Memorize Vocabulary

Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon an gwoup ou a.

Do you know where … ?

Èske w konn ki kote … ?

Is there … ?

Èske genyen … ?

Nouns

airport

ayewopò

bank

bank

bookstore

libreri

bus stop

arè bis

grocery store

magazen manje

hospital

lopital

house

kay

post office

biwo lapòs

restaurant

restoran

school

lekòl

city

vil

neighborhood

vwazinaj/katye

town

vilaj

Prepositions

across from

anfas

behind

dèyè

between

nan mitan

down the street from

nan ri ki pi ba

far away from

byen lwen

in

nan

in front of

devan/anfas

near

tou pre

next to

akote

senbòl c
Practice Pattern 1

Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon avèk konfyans. Ou ka ranplase mo souliye yo avèk mo ki nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.

Q: Do you know where the (noun) is?A: It is (preposition) the (noun).

Questions

modèl 1 kesyon èske w konnen ki kote non ye

Answers

modèl 1 repons li se prepozisyon non an

Examples

pozisyon yon libreri anfas yon lopital

Q: Do you know where the hospital is?A: Yes. It is across from the bookstore.

pozisyon yon restoran tou pre yon bank

Q: Where is the restaurant?A: It’s next to the bank.

Q: Where’s the school?A: It’s between the restaurant and the post office.

senbòl d
Practice Pattern 2

Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon avèk konfyans. Eseye itilize modèl yo nan yon konvèsasyon avèk yon zanmi. Ou ta ka pale oubyen voye mesaj.

Q: Is there a (noun) (preposition) your (noun)?A: There is a (noun) (preposition) my (noun).

Questions

modèl 2 kesyon èske gen yon non prepozisyon non ou

Answers

modèl 2 repons gen yon non prepozisyon non mwen

Examples

Q: Is there a bus stop in your neighborhood?A: There is a bus stop down the street from my house.

kat jewografik yon boutik tou pre yon bank

Q: Is there a grocery store in the town?A: There is a grocery store near the bank.

Q: Is there an airport in your city?A: No, there isn’t an airport in my city.

senbòl e
Use the Patterns

Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon repons pou chak kesyon. Li yo awotvwa.

Additional Activities

Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan Kaye Egzèsis EnglishConnect 2 a.

Act in Faith to Practice English Daily

Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid ou a epi evalye evalye efò ou yo.

Conversation Group

Discuss the Principle of Learning: Take Responsibility

(20–30 minutes)

Kris la k ap souri.

senbòl 1
Activity 1: Practice the Patterns

(10–15 minutes)

Revize lis vokabilè a avèk yon patnè.

Pratike modèl 1 avèk yon patnè:

  • Pratike poze kesyon.

  • Pratike reponn kesyon.

  • Itilize modèl yo pou pratike yon konvèsasyon.

Repete pou modèl 2.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences

(10–15 minutes)

Chwazi yon andwa sou kat la. Pa di patnè w la ki kote ou chwazi. Poze epi reponn kesyon pou devine kote a. Youn apre lòt.

New Vocabulary

bakery

boulanje

church

legliz

farm

fèm

park

pak

train station

estasyon tren

desen konpilasyon vètikal bilding nan yon vil

Example

  • A: Is it near the school?

  • B: Yes, it’s near the school.

  • A: Is it far away from the train station?

  • B: Yes, it’s far away from the train station.

  • A: Is it next to the restaurant?

  • B: No, it’s not next to the restaurant.

  • A: Is it the grocery store?

  • B: Yes! It’s the grocery store.

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(15–20 minutes)

Poze epi reponn kesyon konsènan yon vil ou konnen. Youn apre lòt.

New Vocabulary

movie theater

sinema

police station

biwo lapolis

Example

  • A: Is there a movie theater in Curitiba?

  • B: Yes, there is a movie theater.

  • A: Where is the movie theater?

  • B: It’s next to the police station.

Evaluate

(5–10 minutes)

Evalye pwogrè w sou objektif yo ak efò w yo pou w pratike Anglè chak jou yo.

Evaluate Your Progress

I can:

  • Ask about different locations.

    Poze kesyon sou diferan lokasyon.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan
  • Talk about where places are.

    Pale konsènan ki kote andwa yo ye.

    figi neutre, figi move, figi kontan

Evaluate Your Efforts

Evalye efò w yo pou:

  1. Etidye prensip aprantisaj la.

  2. Memorize Vokabilè.

  3. Pratike modèl yo.

  4. Pratike chak jou.

Fikse yon bi. Konsidere sigjesyon pou etid yo ki nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl la.”

Pataje bi wla avèk yon patnè.

Act in Faith to Practice English Daily

“Bondye ban nou yonn oubyen plis talan espesyal. … Se devwa nou chak pou nou chèche ak bati sou don Bondye ba nou yo. Nou dwe sonje ke nou chak kreye dapre imaj Bondye, epi pa gen moun ki pa enpòtan. Chak moun enpòtan pou Bondye ak pou pwochen li” (Marvin J. Ashton, “Gen Anpil Don,” Ensign, Nov. 1987, 20).