EnglishConnect for Missionaries
Lesson 14: Achte Manje


“Leson 14:Achte Manje,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (2002)

“Leson 14,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo

jèn adilt k ap souri

Lesson 14

Shopping for Food

Objektif: M pral aprann poze ak reponn kesyon sou pri manje.

Personal Study

Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou a nan konplete aktivite A rive nan E.

senbòl a
Study the Principle of Learning: You Are a Child of God

Ou Se yon Pitit Bondye

I am a child of God with eternal potential and purpose.

Mwen se yon pitit Bondye avèk potansyèl ak objektif etènèl.

Ou se yon pitit fi oubyen pitit gason yon Pè Selès eman. Li pral gide ou. Avèk èd Li, ou ka fè plis bagay pase sa ou ta ka fè poukont ou. Nan Liv Mòmon an, nou aprann konsènan yon jèn gason ki te aple Nefi ki t ap vin tounen yon pwofèt-dirijan pèp li a. Bondye te vle dirije Nefi ak fanmi li al nan yon peyi nouvo. Tè sa a te lòtbò yon oseyan, epi Nefi te oblije konstwi yon bato. Li pat ko janm konstwi yon bato avan sa. Frè l yo pat kwè li te ka fè sa. Nefi te chèche direksyon nan men Bondye.

Nefi te di frè l yo, “Si [Bondye] … te akonpli anpil mirak sa yo nan pami pitit lèzòm, kòman l fè pa kapab enstwi m pou m ta konstwi yon bato?” (1 Nefi 17:51).

Avèk èd Bondye, Nefi ak fanmi l te konstwi yon bato epi yo te fè vwayaj difisil la travèse oseyan an. Menmjan Bondye te ede Nefi a, Bondye vle ede ou tou. Ou ka priye pou direksyon. Ou ka priye pou w konprann ak sonje sa w ap aprann yo. Lè w ap priye, pote atansyon a panse ak santiman ki vini yo. Apresa, aji nan lafwa. Ou ka fè plis bagay avèk èd Li pase san èd Li.

yon jènfi k ap priye

Ponder

  • Kijan vwayaj ou nan aprann Anglè a sanble avèk istwa Nefi ki t ap konstwi yon bato a?

  • Pandan w ap aprann Anglè a, kisa ou ka mande Bondye pou ede ou avèk li?

senbòl b
Memorize Vocabulary

Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon an gwoup ou a. Eseye mete etikèt sou bagay nan fwaye ou pou ede ou sonje mo Anglè yo.

How much is this?

Konbyen sa a koute?

Price

one dollar

yon dola

two dollars

de dola

Gade apendis la pou plis numbers ak currency.

Nouns 1

bag

valiz

bowl

bòl

box

bwat

bunch

pake

head

tèt

kilo

kilo

liter

lit

loaf

moso

pound

liv

Nouns 2

lettuce

leti

milk

lèt

rice

diri

Nouns 3

apple/apples

pòm/pòm yo

carrot/carrots

kawòt/kawòt yo

mango/mangoes

mango/mango. yo

tomato/tomatoes

tomat/tomat yo

senbòl c
Practice Pattern 1

Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon avèk konfyans. Ou ka ranplase mo souliye yo avèk mo ki nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.

Q: How much is a (noun 1) of (noun 2)?A: It’s (price) a (noun 1).

Questions

modèl 1 kesyon konbyen yon non 2 ki genyen nan non 1

Answers

modèl 2 repons se pri yon non 2

Nòt: Itilize modèl sa yo avèk manje ou pa abityèlman konte.

Examples

yon sak diri

Q: How much is a bag of rice?A: It’s three dollars a bag.

Q: How much is the lettuce?A: It’s one dollar a head.

boutèy lèt

Q: How much is the milk?A: It’s two dollars.

senbòl d
Practice Pattern 2

Pratike itilize modèl yo jiskaske w ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Eseye remake modèl sa yo pandan w ap pratike chak jou a.

Q: How much are these (noun 3)?A: They’re (price) a (noun 1).

Questions

modèl 1 kesyon konbyen sa a non 3 koute?

Answers

modèl 2 repons se pri yon non 2

Nòt: Itilize modèl sa yo avèk manje ou pa ka konte.

Examples

tomat

Q: How much are these tomatoes?A: They’re two dollars a pound.

kawòt

Q: How much are those carrots?A: They’re three dollars a bunch.

Q: How much is this mango?A: It’s one dollar.

senbòl e
Use the Patterns

Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon reponn pou chak kesyon. Li yo awotvwa.

Additional Activities

Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources yo oubyen nan Kaye Egzèsis EnglishConnect 2 a.

Act in Faith to Practice English Daily

Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Revize bi etid ou a epi evalye efò ou yo.

Conversation Group

Discuss the Principle of Learning: You Are a Child of God

(20–30 minutes)

jèn fi k ap priye

senbòl 1
Activity 1: Practice the Patterns

(10–15 minutes)

Revize lis vokabilè a avèk yon patnè.

Pratike modèl 1 avèk yon patnè:

  • Pratike poze kesyon yo.

  • Pratike reponn kesyon yo.

  • Itilize modèl yo pou pratike yon konvèsasyon.

Repete pou modèl 2.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences

(10–15 minutes)

Gade foto yo. Poze epi reponn kesyon sou pri manje kote w ap viv la. Youn apre lòt.

New Vocabulary

fish

pwason

flour

farin

banana/bananas

fig/fig yo

egg/eggs

ze/ze yo

Example

boutèy lèt
  • A: How much is the milk?

  • B: It’s three dollars a liter.

Image 1

ze

Image 2

fig

Image 3

pwason

Image 4

tomat

Image 5

farin

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(15–20 minutes)

Jwe wòl. Patnè A se yon kliyan. Patnè B vann manje nan yon makèt. Patnè A gen 25 dola pou l depanse. Patnè B chwazi yon pri epi li vann manje a. Poze epi reponn kesyon yo konsènan manje nan chak foto yo. Chanje wòl yo.

New Vocabulary

I want two bunches.

Mwen vle de pakè.

That’s two dollars.

Sa koute de dola.

bread

pen

cheese

fwomaj

meat

vyann

Example

a bunch

kawòt
  • A: Excuse me. How much is a bunch of carrots?

  • B: They’re one dollar a bunch.

  • A: OK. I want two bunches.

  • B: That’s two dollars.

Image 1

a bag

sak diri

Image 2

a pound

vyann kri

Image 3

a kilo

fwomaj

Image 4

a head

leti

Image 5

a loaf

de moso pen

Evaluate

(5–10 minutes)

Evalye pwogrè w nan objektif yo ak efò w pou w pratike Anglè chak jou yo.

Evaluate Your Progress

I can:

  • Talk about shopping for food.

    Pale konsènan al achte manje.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan
  • Ask how much something costs.

    Mande konbyen yon bagay koute.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan
  • Say how much something costs.

    Di konbyen yon bagay koute.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan

Evaluate Your Efforts

Evalye efò w yo pou:

  1. Etidye prensip aprantisaj la.

  2. Memorize Vokabilè.

  3. Pratike modèl yo.

  4. Pratike chak jou.

Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid yo ki nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl la.”

Pataje bi w la avèk yon patnè.

Act in Faith to Practice English Daily

“Senyè a konnen ou epi Li renmen ou. … Li pral dirije ak gide ou nan lavi pèsonèl ou si ou fè tan pou Li nan lavi ou—chak jou” (Russell M. Nelson, “Fè Tan pou Senyè a,” Lyawona, Nov. 2021, 121).