Ansyen Testaman 2022
12–18 Desanm. Malachi: “Senyè a te di, M renmen nou”


“12–18 Desanm. Malachi: “Senyè a te di, M renmen nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“12–18 Desanm. Malachi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Estati Kris la

12–18 Desanm

Malachi

“Senyè a te di, M renmen nou”

Kèk mesaj nan Malachi ka spesyalman enpòtan pou klas ou a aprann. Pandan w ap etidye, priye pou ou konnen kisa mesaj sa yo ka ye. Lè ou fè sa, sa ka ede ou santi amou Senyè a genyen pou moun w ap anseye yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ou ka ekri mo Mesaj la sou tablo a pou kòmanse yon diskisyon sou liv Malachi a. Ankouraje manm klas yo pataje mesaj enpòtan yo jwenn nan chak chapit nan Malachi. Pou ede manm klas yo sonje ak medite sou sa yo pataje yo, ou ta ka ekri mesaj sa yo sou tablo a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Malachi 1:6–14

Senyè a mande “yon ofrann ki pur.”

  • Pou ankouraje manm klas yo pataje sa yo te aprann konsènan ofrann nan Malachi 1:6–14, ou ta ka envite yo revize vèsè sa yo an silans epi diskite avèk yon lòt manm klas la sou yon bagay prèt Izrayèl yo pat konprann osijè ofrann. Poukisa Senyè a mande nou pi bon bagay nou ka fè a? Manm klas yo ta ka fè yon lis ofrann, oubyen sakrifis, ke nou fè pou Senyè a jodia. Pou chak bagay nan lis la, yo ta ka diskite kisa ki fè l yon ofrann “gate” oubyen yon ofrann “pur” (Malachi 1:7,11).

Malachi 3–4

Pwofesi Malachi yo ap akonpli nan dènye jou yo.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou Malachi 3–4 ou ta ka souliye samenm Mowoni te pataje vèsè nan chapit sa yo lè l te parèt devan Joseph Smith la (gade nan Istwa—Joseph Smith 1:36–39). Ki verite nan chapit sa yo, manm klas yo santi ki ta ka spesyalman enpòtan pou Joseph—ak nou—konnen? Manm klas yo ta ka rasanble an ti gwoup pou fè lis otan verite yo kapab. Ankouraje gwoup yo pataje lis yo epi diskite sou rezon ki fè verite sa yo enpòtan nan dènye jou yo.

Malachi 3:8–12

Senyè a ouvri fenèt syèl yo lè nou peye ladim.

  • Pou ankouraje manm klas yo pataje temwayaj yo sou lwa ladim nan, ou ta ka envite yo chèche prensip nan Malachi 3:8–12 la epi pataje fason yo te vin konnen prensip sa yo se laverite. Yo ta ka pale sou fason Senyè a beni yo—spirityèlman ak materyèlman—paske yo peye ladim. Oubyen yo ta ka diskite leson ladim Èldè DavidA. Bednar te pataje nan mesaj li a “Fenèt Syèl yo” (Ensign oubyen Liahona, Nov. 2013, 17–20) epi pataje sa yo aprann pandan y ap fè efò pou yo viv lwa sa a.

  • Mande manm klas yo pou li Malachi 3:8–12 an silans pandan y ap medite sou fason yo ta ka anseye yon moun rezon ki fè Senyè a mande nou peye ladim. Yo ta ka li deklarasyon Prezidan GordonB. Hinkley a nan “Resous Adisyonèl” la tou. Kisa nou ta vle lòt moun konprann konsènan ladim? Paregzanp, kisa sa vle di pou nou peye ladim? Poukisa Senyè a vle nou fè sa? Kòman “fenèt syèl yo” (vèsè10) ouvri lè nou peye ladim? Ki sousi yon moun ta ka genyen konsènan peye ladim, epi kòman nou ta ka reponn? Mande manm klas yo pataje fason kenbe kòmandman sa a ka ranfòse lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri.

Imaj
Aparisyon Eli devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan Tanp Kirtland nan.

Ilistrasyon Eli ki parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan tanp Kirtland nan, pa RobertT. Barrett

Malachi 4:5–6

“L ap voye Eli, pwofèt la.”

  • Manm klas yo ta ka jwenn enspirasyon ki itil sou Malachi 4:5–6 a si yo konpare vèsè sa yo a fason Mowoni te site yo bay Joseph Smith la nan Istwa—Joseph Smith 1:38–39. (Sa ta ka ede pou fè yon moun ekri yo yonn akote lòt sou tablo a.) Kisa fason Mowoni di l la ajoute sou konpreyansyon nou konsènan vèsè ki nan Malachi yo? Ou ta ka diskite kesyon tankou sa yo tou: Kiyès ki “papa yo”? (gade nan Detewonòm 29:13). Kouman kè nou vire sou papa yo, epi kouman kè yo vire sou nou? Pou ede manm klas ou yo konprann fason pwofesi Malachi a te akonpli, yo ta ka li konsènan lè Eli te livre kle sèlman yo bay Joseph Smith la (gade nan Doktrin ak Alyans 110:13–16). Poukisa manm klas yo rekonesan dèske kle sa yo te retabli?

  • Malachi 4:5–6 bay yon gwo opòtinite pou nou pale de istwa familyal ak travay tanp. Petèt, manm klas yo ta ka pataje eksperyans yo te fè pandan y ap fè travay sa a ak nan ki fason eksperyans so yo ede yo vire kè yo sou papa yo. Kisa nou ka fè pou ede jenerasyon fiti yo vire kè yo sou nou?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Ladim se yon zafè lafwa.

Prezidan GordonB. Hinckley te di, “Nou ka peye ladim nou. Se pa sitèlman yon bagay ki konsène lajan, men se yon bagay ki konsène lafwa. M pako jwenn yon moun ki peye ladim fidèlman ki pa ka temwaye nan yon fason mèveye ki trè literal ke fenèt syèl yo te ouvri epi benediksyon te vide sou li” (“Annou Fè Travay sa a Avanse,” Ensign, Nov. 1985,85).

Amelyore Ansèyman Nou

Pataje efò w ak lafwa ou. Kèkfwa, moun k ap travèse eprèv yo ka santi yo poukont yo. Sa ta ka apwopriye pou w ta pataje eksperyans pèsonèl ou tanzantan sou moman kote w te gen difikilte ak sou fason Sovè a te ede ou.