Ansyen Testaman 2022
19–25 Desanm. Nyèl: “Nou T ap Ret Tann Li, epi Li Pral Sove Nou”


“19–25 Desanm. Nyèl: “Nou T ap Ret Tann Li, epi Li Pral Sove Nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldiddimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“19–25 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldiddimanch: 2022

Imaj
Ti Bebe Jezi ki vlope avèk twal blan epi ki kouche nan pay

Paske, Yon Pitit Fèt Pou Nou, Simon Dewey

19–25 Desanm

Nwèl

“Nou T ap Ret Tann Li, epi Li Pral Sove Nou”

Pandan etid pèsonèl ou ak preparasyon ou pou anseye a, konsidere fason ou ka ede manm klas yo santi bèl lajwa pou nesans Sovè a. Envite Lespri a temwaye yo konsènan amou Kris la pou rachte yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Epòk Nwèl la ka yon bon opòtinite pou envite manm klas yo pataje kòman etid Ansyen Testaman an ranfòse lafwa yo nan Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Nou rejwi nan Redanmtè nou an.

  • Byenke nou rekonèt Nwèl kòm yon sezon lajwa, pou anpil moun, sikonstans yo fè l difisil pou yo gen lajwa, menm pandan tan sa a nan ane a. Yon mesaj enpòtan pou Nwèl sèke Sovè a ka aleje chay nou epi ede nou gen lapè ak lajwa. Pou pataje mesaj sa a, ou ta ka ekri referans sa yo sou tablo a: Sòm 35:9; Ezayi 25:8–9; 44:21–24; 51:11; Sofoni 3:14–20; Moyiz 5:5–11. Apresa, ou ta ka ekri yon kesyon sou tablo a pou manm klas yo medite pandan y ap li pasaj tankou Ki rezon pasaj ekriti sa yo bay pou nou gen lajwa? Mande yo pataje sa yo jwenn. Petèt, ou ta ka ba manm klas yo tan tou, pou yo ekri konsènan lajwa pèsonèl yo nan Sovè a. Yo ta jwenn enspirasyon adisyonèl nan mesaj Prezidan RussellM Nelson an ki nan “Resous Adisyonèl” la.

  • Nwèl founi opòtinite pou simaye lajwa Kris la atravè sèvi lòt moun. Anvan klas la, ou ta ka envite yon manm klas la pou l revize mesaj Èldè Ulisses Soares la “Yon Lame Zanj Modèn” (Devosyon Nwèl Premye Prezidans la, 8 Desanm, 2019, broadcasts.ChurchofJesusChrist.org) epi vini prepare pou pataje fason yon aksyon sèvis te ede Èldè Soares ak fanmi l santi lajwa Nwèl la. Ou ta ka pataje kèk pòsyon nan mesaj li a nan klas la tou. Manm klas yo ta ka pataje eksperyans pèsonèl yo kote yo te bay oubyen resevwa sèvis pandan epòk Nwèl. Kouman nou ka aji sou envitasyon Èldè Soares la pou nou suiv “egzanp pafè lanmou ak bòn volonte anvè tout moun” nan?

Senbòl yo ka ede nou sonje Jezikri.

  • Plan leson semèn sa a nann Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo bay lis kèk senbòl nan Ansyen Testaman an ki anseye konsènan Jezikri. Manm klas yo ta ka pataje sa yo te aprann konsènan Sovè a nan senbòl sa yo ak lòt ke yo te jwenn nan etid yo. Kisa nou aprann konsènan jwenn Sovè a nan ekriti yo? Ki eksperyans ki aprann nou ke “tout bagay kreye ak fèt pou rann temwayaj de [Li]”? Moyiz 6:63.

Bondye te ban nou Pitit Gason L la kòm kado.

  • Bay kado se yon tradisyon Nwèl nan majorite kilti. Ou ta ka dirije yon diskisyon avèk manm klas yo konsènan don Bondye ban nou, spesyalman don Pitit Gason L la, Jezikri. Pou ou fè sa, ou ta ka pataje video “Li Se Kado a” (ChurchofJesusChrist.org) epi envite manm klas yo pataje kisa don Sovè a siyifi pou yo. Kòman nou ka montre Pè Selès la rekonesans nou pou kado sa a?

Ezayi 7:14; 9:6

“Yo Pral Rele Li Mèveye.”

  • Pwofèt Ezayi te itilize plizyè non ak tit pou dekri Mesi a, ki te pou fèt nan Betleyèm nan (gade nan paregzanp, Ezayi 7:14; 9:6). Petèt, manm klas yo ta kontan aprann konsènan tit sa yo, pou yo apran plis sou Sovè a ak misyon Li. Yo ta ka chwazi yon tit pou jwenn lòt pasaj ekriti ki ede yo konprann kisa l vle di. Paregzanp, yo ta ka aprann plis sou tit “Prens Lapè” a (Ezayi 9:6) lè yo li Sòm 85:8; Ezayi 52:7; Lik 2:14; oubyen Jan 16:33. Pou ede manm klas yo jwenn lòt ekriti, sigjere pou yo gade nan Gid pou Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kisa tit sa yo sigjere konsènan Sovè a ak sa L fè pou nou?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Jezikri ofri lapè ak lajwa.

Prezidan RussellM. Nelson te anseye:

“Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak sou Jezikri ak levanjil Li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oubyen sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa soti nan Limenm epi akozde Li. Li se sous tout lajwa. Nou santi l lè epòk Nwèl lè nou chante, ‘Oh Quel Bonheur, Jesus viendra’ [Cantiques, no.201]. Epi nou ka santi l pandan tout ane a. Pou Sen Dènye Jou yo, Jezikri se lajwa!…

“Menmjan Sovè a ofri lapè ki ‘depase tout konpreyansyon’ an [Filipyen 4:7], Se konsa Li ofri yon entansite, yon pwofondè, ak yon dimansyon lajwa ki defye lojik lòm oubyen konpreyansyon mòtèl” (“Lajwa ak Sivi Spirityèl,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2016,82).

Amelyore ansèyman nou

Prepare avèk moun yo nan lespri w. “Kite sa w konprann de moun w ap anseye yo gide plan ou. … Enstriktè ki tankou Kris yo pa oblije atache a yon stil oubyen yon metòd patikilye; yo pran angajman pou ede moun yo devlope lafwa nan Jezikri” (Anseye nan Fason Sovè a,7).