Ansyen Testaman 2022
23–29 Me. Jozye 1–8; 23–24: “Fòtifye nou epi Pran Kouraj”


“23–29 Me. Jozye 1–8; 23–24: ‘Fòtifye nou epi Pran Kouraj,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“23–29 Me. Jenèz 6–11; Moyiz 8,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Moyiz k ap òdone Jozye

Ilistrasyon Moyiz k ap òdone Jozye, tablo: Darrell Thomas

123–29 Me

Jozye 1–8; 23–24

“Fòtifye nou epi Pran Kouraj”

Pandan w ap li Jozye 1–8 ak 23–24la, konsidere konsèy pou w “medite sou li lajounen ak lannuit” (Jozye 1:8) la. Pote atansyon a enspirasyon ki vini yo. Yo ka pote ide pou anseye pou klas ou a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo pataje yon pasaj nan sa y ap li pou semèn sa a ki ogmante lafwa yo nan Jezikri. Paregzanp, yo ta ka medite sou fason misyon Jozye a raple yo misyon Jezikri a. Poukisa nou rekonesan pou istwa yo nan liv Jozye a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jozye 1:1–9

“Fòtifye nou epi Pran Kouraj.”

  • Bondye te di Jozye, “Fòtifye ou epi Pran Kouraj” anpil fwa (gade nan Detewonòm31:7, 23; Jozye 1:6–7, 9). Petèt, manm klas yo ta benefisye nan diskite kisa Senyè a te vle di nan fraz sa a. Yo ta ka chèche nan Jozye 1:1–9 pou jwen konsèy Senyè a te bay Jozye pou te ede l fòtifye l epi pran kouraj. Yo ta ka pataje egzanp sou moun yo konnen ki gen karaktè sa yo tou. Kòman Jozye te montre fòs ak kouraj nan istwa yo nou jwenn nan liv Jozye a? (paregzanp, gade nan chapit 3, 6, ak 8). Manm klas yo ta ka pataje fason y ap eseye fòtifye yo ak pran kouraj pou Kris la.

Jozye 1:8

Pawòl Bondye a ka fè chemen nou pwospere.

  • Pou ankouraje manm klas yo nan etid ekriti pèsonèl ak familyal yo, ou ta ka li Jozye 1:8 avèk klas la. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason pou nou etidye ekriti yo? Petèt, manm klas yo ta ka pataje kisa y ap fè pou yo “medite” sou ekriti yo “lajounen ak lannuit.” Kouman Senyè a fè “chemen nou pwospere” epi ba nou “bon siksè” pandan n ap etidye pawòl Li a?

    Imaj
    yon fi k ap li ekriti yo

    Pawòl Bondye a ka “fè chemen [nou] pwospere” (Jozye 1:8).

Jozye 3–4

Nou ka fè eksperyans “mèvèy” Bondye yo.

  • Petèt, manm klas yo ta ka benefisye nan yon revizyon brèf sou istwa Izrayelit yo ki t ap travèse rivyè Jouden an. Ou ta ka divize klas la an gwoup de moun epi envite chak gwoup pou yo rakonte lòt istwa a, pandan y ap pran tou pa yo pou yo di yon fraz alafwa (ankouraje yo pou yo gade nan Jozye 3 si yo bezwen èd pou yo sonje istwa a). Apresa, klas la ta ka diskite nenpòt detay ki vizib pou yo. Kisa nou aprann nan istwa sa ki ka ede nou eksperimante “mèvèy” Senyè a nan lavi nou? (vèsè 5). Ki “mèvèy” Li fè pou nou? Poukisa li enpòtan pou chak jenerasyon fè eksperyans spirityèl ki anseye yo “Senyè a … toupuisan”? (Jozye 4:24).

  • Byenke nou tout bezwen viv pwòp eksperyans ki bati lafwa pa nou, li enpòtan pou nou sonje sa Senyè a te fè pou zansèt nou yo tou. Daprè Jozye 4, kisa Izrayelit yo te fè pou ede jenerasyon k ap vini yo sonje travèse Rivyè Jouden an? (gade nan Jozye 4:1–7). Kisa n ap fè pou asire nou ke jenerasyon fiti yo pa bliye eksperyans nou yo alavni?

Jozye 6–8

Obeyisans pote pouvwa Bondye nan lavi m.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou nou konpare batay Izrayelit avèk Kananeyit yo nan Jozye 6–8 la avèk batay pèsonèl nou kont tantasyon. Ou ta ka mande manm klas yo ki panse ak enpresyon yo te genyen pandan yo t ap li chapit sa yo avèk konparezon sa a nan lespri yo. Oubyen ou ta ka pwente yo sou kèk vèsè presi ki sanble yo gen relasyon avèk batay nou pou nou evite peche a, epi yo ta ka pale sou kisa vèsè sa yo anseye konsènan gen aksè a pouvwa Bondye nan lavi nou. Kèk nan vèsè sa yo ta ka Jozye 6:1–5, 18, 20; 7:11–13.

Jozye 23–24

“Chwazi kimoun w ap sèvi a jodia menm.”

  • Petèt, sa ta ka ede manm klas yo si yo ta aplike Jozye 23–24 a yomenm pandan y ap imajine yo sete Izrayelit yo ki t ap tande Jozye bay yo konsèy sa a nan fen lavi l la. Ou ta ka ba yo kèk vèsè pou yo li an silans epi apresa mande yo pou yo pataje kèk bagay nan vèsè sa yo ki te enspire yo pou yo rete fidèl anvè Senyè a. Yo ta ka pataje kijan yo te pèsonèlman pran desizyon sou “kiyès [yo] pral sèvi” (Jozye 24:15). Poukisa yo te pran desizyon sa a?

  • Ou ta ka envite manm klas yo pou yo chwazi yon fraz nan Jozye 23–24 la ki enspire yo pou yo chwazi sèvi Bondye, epi apresa fè yon pannkat oubyen yon afich avèk fraz sa a pou yo mete lakay yo oubyen sou medya sosyal.

Amelyore Ansèyman Nou

Pwogresyon spirityèl fèt nan fwaye a. Manm klas ou yo bezwen fè eksperyans spirityèl pèsonèl pa yo andeyò klas la pou yo ka rete solid spirityèlman. Chèche fason pou w itilize tan brèf ou genyen avèk yo a pou enspire yo chèche nouriti spirityèl nan ekriti yo lakay yo—endividyèlman epi avèk fanmi yo. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 18.)