Ansyen Testaman 2022
25 Avril–1 Me. Egzòd 24; 31–34: “Se Mwenmenm k ap Mache avèk Ou”


“25 Avril–1 Me. Egzòd 24; 31–34: “Se Mwenmenm k ap Mache Avèk Ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“25 Avril–1 Me. Egzòd 24; 31–34,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Jewova parèt devan Moyiz ak ansyen nan Izrayèl yo.

Ilistrasyon Jewova ki parèt devan Moyiz ak 70 ansyen Izrayèl, pa Jerry Harston

25 Avril–1 Me

Egzòd 24; 31–34

“Se Mwenmenm k ap Mache avèk Ou”

Kite pawòl Èldè Jeffrey R. Holland sa yo gide preparasyon w pou w anseye a: “Laplipa moun pa vini Legliz la sèlman pou yo chèche kèk nouvo bagay nan levanjil la. … Yo vin chèche yon eksperyans espirityèl. … Yo vle pou lafwa yo fòtifye epi pou espwa yo renouvle” (“A Teacher Come from God,” Ensign, Me 1998, 26).

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas yo ta kapab imajine ke yon zanmi di, “Mwen pa li Ansyen Testaman an; li pa sanble l gen rapò avèk lavi mwen.” Mande yo pou yo reponn kote y ap pataje yon bagay yo twouve ki enpòtan nan etid Ansyen Testaman yo fèk fè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Egzòd 31:12–17.

Nou onore Saba a kòm siy angajman nou devan Senyè a.

  • Ou ta kapab kòmanse pa mande manm klas la si yo te janm gen opòtinite pou eksplike yon manm fanmi yo oubyen yon zanmi poukisa yo trete jou Dimanch yo yon fason diferan de lòt jou yo. Envite yo pou yo pataje sa yo te di oubyen sa yo ta ka di alavni. Li Egzòd 31:12–17 oubyen deklarasyon nan “Resous Adisyonèl” yo kapab ba yo ide adisyonèl. Kijan chwa nou sou jou Saba a demontre angajman nou devan Jezikri?

  • Menm si chatiman yo dekri nan Egzòd 31:14–15 yo pa aplike jodia, yo endike santiman puisan Senyè a sou jou Saba a. Poukisa kòmandman sa a enpòtan konsa? Diskite sou ekriti sa yo kapab ede: Egzòd 31:12–17; Ezayi 58:13–14; Doktrin ak Alyans 59:9–13.

    Imaj
    Moun ki ap mache devan yon legliz

    Lè nou onore Jou Saba a, nou montre lanmou nou pou Senyè a.

Egzòd 32; 34:1–17

Peche se vire do bay Bondye, men Li ofri yon chemen retou.

  • Pou ede manm yo nan klas la medite ak pèsonalize resi nan Egzòd 32a, mande yo toudabò pou yo revize chapit la endividyèlman oswa an gwoup. Apre sa mande kèk manm nan klas la pou yo jwe wòl Izrayelit yo ki te enpasyan ap tann Moyiz retounen e ki te deside fè yon idòl annò a. Ki santiman ki dwe te kondui yo pou yo adore idòl? Lòt manm klas yo ta ka eseye konvenk yo pou yo rete fidèl a Senyè a ak pwofèt Li yo. Manm klas yo ta ka pale de sa k enspire yo pou yo kenbe alyans yo. Kisa nou kapab fè pou ede moun ki dwe ap goumen pou respekte alyans yo?

  • Lè moun li Ansyen Testaman, yo sezi pafwa pou pinisyon sevè Senyè a te preskri pou peche yo. Egzòd 34:1–9 kapab ede yo wè ke, pandan ke Bondye pa tolere peche a, Li gen mizèrikòd tou, Li ofri padon pou moun ki repanti. Petèt manm klas yo ta kapab li pasaj sa a epi medite sou kesyon sa yo: Kisa nou aprann sou Senyè a nan vèsè sa yo? Poukisa nou bezwen konnen bagay sa yo konsènan Li? Ou kapab fè yo remake ke Tradiksyon Joseph Smith, Egzòd 34:7 la (nan Egzòd 34:7, referans e) a klarifye ke Bondye p ap “padone rebèl yo.” Kisa sa ta ka vle di? Petèt manm klas la ta ka pataje kijan yo te temwen mizèrikòd Bondye. Kijan l fè posib pou Bondye alafwa pafètman mizèrikòdye ak pafètman jis? (gade nan Alma 42:13–15).

  • Egzòd 34:6–17 kapab konsidere kòm enstriksyon pou ede Izrayelit yo repanti pou peche idolatri yo a (ki dekri nan Egzòd 32). Kisa nou jwenn nan vèsè sa yo ki ta ka ede Izrayelit yo repanti? Kisa nou aprann sou Senyè a ak repantans nan enstriksyon sa a?

Egzòd 33:11–17

Nou bezwen prezans Bondye nan lavi nou.

  • Kijan w ap ede manm klas yo pou yo aplike sa Senyè a te di Moyiz nan Egzòd 33:11–17 la? Ou ta kapab kòmanse pa revize travay Bondye te toujou bezwen Moyiz akonpli a (gade Egzòd 33:1–3). Kisa nou jwenn nan vèsè 11–17 yo ki t ap ka fòtifye ak rekonfòte Moyiz? Manm klas yo ta ka reflechi sou yon bagay Bondye vle yo fè—tankou akonpli yon apèl nan Legliz la, yon responsablite familyal, oubyen yon opòtinite sèvis pastoral. Apre sa yo kapab li vèsè yo ankò. Ki ide nou jwenn sou fason Bondye ap soutni nou?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Saba a se yon siy.

Prezidan Russell M. Nelson te eksplike: “Lè m te pi jèn, mwen te konn etidye travay lòt moun ki te konn prepare lis sa pou yo fè ak sa pou yo pa fè nan jou Saba a. Se jis lontan apre mwen te aprann nan ekriti yo ke konpòtman mwen ak atitid mwen nan jou Saba a sete yon siy ant mwenmenm ak Papa m ki nan Syè la [gade nan Egzòd 31:13; Ezekyèl 20:12, 20]. Avèk konpreyansyon sa a, mwen pa t bezwen lis bagay pou m te fè ak bagay pou m pa t fè ankò. Lè m te gen pou m pran yon desizyon pou m konnen si wi ou non yon aktivite te apwopriye pou jou Saba a, mwen te konn senpleman mande tèt mwen: Ki siy m vle bay Bondye?” Kesyon sa a te fè chwa m yo sou jou Saba a klè tankou kristal” (“Saba a se yon delis,” Lyawona, Me 2015, 130).

Amelyore Ansèyman Nou

Anseye pa Lespri. “Objektif final tout sa yon enstriktè levanjil ap fè—chak kesyon, chak ekriti, chak aktivite—se pou envite Lespri a pou l bati lafwa ak envite tout moun vin jwenn Kris la” (Anseye nan Fason Sovè a, 10).