Ansyen Testaman 2022
24–30 janvye. Moyiz 7: “Senyè a Te Rele Pèp Li a Siyon”


“24–30 janvye. Moyiz 7: ‘Senyè a Te Rele Pèp Li a Siyon,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“24–30 janvye. Moyiz 7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
anpil moun ap entè-aji nan fason ki montre lanmou

Se pou Youn Renmen Lòt, pa Emma Donaldson Taylor

24–30 janvye.

Moyiz 7

“Senyè a Te Rele Pèp Li a Siyon”

Pandan w ap etidye Moyiz 7la, panse a moun w ap anseye yo ak kijan ou kapab ede yo konprann kisa chapit sa a anseye sou Siyon ak lòt prensip levanjil layo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pafwa yon kesyon senp ak kèk minit pou medite sifi pou ede moun pataje sa y ap aprann lakay yo. Petèt ou ta kapab bay manm klas la yon ti tan pou yo revize Moyiz 7la, jwenn yon vèsè ki fè yo santi yo rekonesan pou verite ki retabli yo nan liv Moyiz la, epi apre sa pou yo pataje l.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Moyiz 7:16–21, 27, 53, 62–69

Nou kapab bati Siyon nan epòk pa nou an.

  • Kisa ki t ap pi bon fason pou entwodui konsèp Siyon an nan klas ou a? Li ta kapab yon bon ide pou kontakte manm klas yo pandan semèn avan klas la epi envite yo pote yon bagay ki sot lakay yo ke yo santi ki reprezante karakteristik pèp Siyon an, jan sa dekri nan Moyiz 7:18la. Pandan nou ap diskite sou vèsè sa a ansanm, manm klas la ta kapab eksplike siyifikasyon bagay yo te pote a.

    Imaj
    youn ap salye lòt

    Nou ta dwe fè efò pou nou “gen yon sèl kè ak yon sèl panse,” (Moyiz 7:18).

  • Video “We Come Together and Unite as One” nan nan (ChurchofJesusChrist.org) ta ka ede w kòmanse yon diskisyon sou fason nou kapab gen “yon sèl kè ak yon sèl panse” (Moyiz 7:18) nan pawas nou yo. Anvizaje mande manm klas la pou yo panse a kèk moman kote yo te santi inite andedan fanmi yo oubyen pandan y ap sèvi avèk lòt moun nan Legliz la oswa nan kominote a. Kisa moun yo te fè ki te kreye inite nan sitiyasyon sa yo? Kisa nou ka aprann konsènan Siyon ak inite nan Moses 7? (gade espesyalman vèsè 16–21, 27, 53, 62–69). Men kèk lòt ekriti ki ta kapab ede: Filipyen 2:1–4; 4 Nefii 1:15–18; Doktrin ak Alyans 97:21; 105:5.

Moyiz 7:28–44

Bondye kriye pou pitil Li yo.

  • Kèk moun kapab konsidere Bondye kòm yon moun ki distan, ki inaksesib, e menm endiferan. Kijan w ka sèvi avèk vizyon Enòk la pou ede klas ou konprann ke Bondye enplike nan lavi nou epi Li sousye pou nou. Ou ta kapab envite manm klas la pou yo li Moyiz 7:28–44 epi fè yon lis sou rezon k fè Bondye t ap kriye yo. Kisa vèsè sa yo anseye sou Bondye ak plan L lan? Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl” yo ta kapab ajoute ide pou diskisyon sa a.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou nou medite sou sa Moyiz 7:28–31, 35 a anseye konsènan Bondye. Moun ki te fè sa lakay yo ta kapab vle pataje panse yo avèk klas la. Oubyen ou ta kapab envite manm klas la pou yo medite sou vèsè sa yo epi pou yo diskite sou yo nan klas la.

Moyiz 7:59–67

Senyè a ap vini ankò nan dènye jou yo.

  • Kijan w ka ede manm klas ou yo dekouvri sa Moyiz 7:59–67 anseye sou Dezyèm Vini Senyè a? Petèt ou ta kapab fè yon lis sou de ou twa verite oubyen evènman nan vèsè sa yo sou tablo a epi mande manm klas la pou yo fouye nan vèsè yo epi ajoute sa yo jwenn sou lis la. Poukisa se yon benediksyon dèske nou genyen vizyon Enòk la—yon nan premye pwofesi sou Dezyèm Vini an?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Bondye kriye pou pitil Li yo.

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Nan mitan yon gwo vizyon sou limanite kote syèl la te ouvè devan l, Enòk, pandan l t ap obsève benediksyon ak difikilte mòtalite yo, te vire je gade Papa a epi li te etone wè L t ap kriye. Nan emèveyman ak etonman, li te mande Èt ki pi puisan sa a nan inivè a: ‘Kouman fè w kapab kriye?’ …

“Pandan Li t ap kontanple evènman ki rive prèske chak jou yo, Bondye te reponn: ‘Gade frè ou yo; yo se travay m fè avèk pwòp men pa mwen. … M te ba yo … [yon] kòmandman pou youn renmen lòt, epi pou yo chwazi mwenmenm, Papa yo; men, gade, yo san afeksyon, epi yo rayi pwòp san pa yo. … Se sa ki fè, èske syèl la pa dwe kriye, kòm moun sa yo pral soufri?’ [Moyiz 7:29–33, 37].

“Sèn san parèy e trè enteresan sa a anseye nati Bondye pi byen pase nenpòt liv teyoloji t ap janm kapab fè l. … Ala yon bèl imaj sou enplikasyon Bondye nan lavi nou! Se pa tikras tris sa tris pou yon paran lè pitit Li pa chwazi ni Limenm ni ‘levanjil Bondye a’ Li voye a! [Women 1:1]. Ala fasil li fasil pou nou renmen yon moun ki renmen nou yon fason san parèy konsa!” (“La Grandeur de Dieu,” Liahona, Nov. 2003, 72).

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje manm klas la pou yo etidye ekriti yo lakay yo. Yon fason w ka ankouraje etid ekriti yo lakay se bay manm klas la tan pou yo pataje sa yo dekouvri ak ide yo jwenn nan etid pèsonèl ak familyal yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 29.)