Ansyen Testaman 2022
27 desanm–2 janvye. Moyiz 1; Abraram 3: “Sa a Se Travay Mwen ak Laglwa Mwen”


“27 desanm–2 janvye. Moyiz 1; Abraram 3: ‘Sa a Se Travay Mwen ak Laglwa Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“27 desanm–2 janvye. Moyiz 1; Abraram 3” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
imaj etwal nan lespas

27 desanm–2 janvye

Moyiz 1; Abraram 3

“Sa a Se Travay Mwen ak Laglwa Mwen”

Lè w ap li Moyiz 1 ak Abraham 3, kite lespri w ak kè w ouvè pou enpresyon ki soti nan Lespri a. Li ap enspire w avèk panse ak ide ki pral ede w prepare w pou w pou w anseye.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Manm klas ou a kapab te fè kèk eksperyans mèveye lè yo t ap li Moyiz 1 ak Abraram 3 lakay yo. Kijan w ap bay manm klas ou a opòtinite pou yo pataje eksperyans sa yo? Li kapab osi senp ke poze kesyon tankou sa yo: Kisa ki te enpresyone w lè w t ap li ekriti yo semèn sa a? Kisa ki te siprann ou? Kisa ki te fè w kanpe pou w reflechi? Kisa ki te fè w santi w pi pre Pè Selès ou a ak Jezikri?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Moyiz 1:1–10, 37–39; Abraram 3:22–26

Antanke pitit Bondye, nou gen yon destine diven.

  • Verite ki revele nan vizyon Moyiz ak Abraram yo kapab gen yon enfliyans puisan sou chwa nou yo ak sou kapasite nou pou nou simonte difikilte lavi yo. Kijan w kapab ede manm yo nan klas ou a dekouvri verite sa yo nan Moyiz 1 ak Abraram 3? Yon ide se pou divize klas la an gwoup epi bay chak gwoup responsablite pou youn nan pasaj sa yo: Moyiz 1:1–10; Moyiz 1:37–39; Abraram 3:22–26. Chak gwoup ta kapab chèche repons kesyon tankou “Kiyès Mwen Ye?” “Poukisa Mwen Isit la?” ak “Kisa Bondye vle pou m vin tounen?” Apre sifizamman tan, gwoup yo ta kapab pataje repons yo. Kijan repons sa yo kapab enfliyanse aksyon nou fè chak jou yo?

    Imaj
    Jezikri pami etwal yo

    Kris la ak Kreyasyon an, pa Robert T. Barrett

Moyiz 1:12–23

Nou ka reziste anba enfliyans Satan.

  • Konfwontasyon Moyiz avèk Satan ke nou jwenn nan Moyiz 1:12–23a, bay leson ki ta kapab ede manm klas ou a lè yo anfas tantasyon ak twonpri ki soti nan advèsè a. Kisa nou ka aprann nan egzanp Mowoni an? Videyo “Mwen Se Yon Pitit Gason Bondye” (ChurchofJesusChrist.org) kapab ede manm klas la diskite youn nan taktik Satan yo—tante nou pou fè nou gen dout sou eksperyans espirityèl nou yo (gade nan “Resous Adisyonèl“”)tou. Li ta kapab siyifikatif si manm klas la ta pataje ide ak ankourajman pou youn ede lòt detekte ak reziste anba efò Satan yo.

  • Yon leson ki soti nan eksperyans Moyiz la sèke Satan tante nou avèk imitasyon verite ak pouvwa Bondye. Pou ede manm klas la vizyalize sa, ou ta kapab pote nan klas la kèk objè ki se vèsyon fo sou lòt bagay, tankou yon plant atifisyèl aswa yon poupe. Kijan pou nou fè konnen bagay sa yo fo? Ki egzanp imitasyon Satan itilize jodi a pou tante nou? Kijan nou ka rekonèt yo epi rejte yo? (Pou aprann kijan Moyiz te fè sa, gade nan Moyiz 1:13–18.) Kijan Senyè a ede nou nan efò nou yo? (gade nan Moyiz 1:24–26).

Abraram 3:22–28

Vi sa a se opòtinite nou pou nou montre ke nou ap fè sa Bondye kòmande.

  • Kijan w ka ede manm klas la wè lavi yo kòm yon opòtinite pou pwouve fidelite yo nan kòmandman Bondye yo. Ou ta kapab kòmanse pa mande yo pou yo pale de eksperyans kote yo te gen pou yo demontre konpetans nan yon teknik—pa egzanp, nan lekòl, nan travay oubyen nan yon ekip atletik. Yo ta kapab pale de sa yo te egzije yo pou yo fè pou pwouve tèt yo. Ki resanblans ki genyen ant eksperyans sa yo e sa yo dekri nan Abraram 3:24–26yo? Nan kijan yo diferan? Kijan pou nou enkli Pè Selès la ak Sovè a nan efò nou yo pou nou “pwouve” tèt nou? (Abraram 3:25). Kijan konnen ke nou isit la pou nou pwouve nou obeyisan afekte fason nou reyaji devan pwoblèm lavi yo?

  • Ki lòt bagay nou aprann nan Abraram 3:22–28 konsènan lavi premòtèl, oubyen “premye eta” nou? (vèsè 26). Poukisa verite sa yo enpòtan pou nou?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Pinga nou gen dout sou sa ki te revele a oumenm.

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye sa apwopo eksperyans Moyiz la nan Moyiz 1: “Mesaj Moyiz pou nou jodi a se: Pinga w sispann vijilan. Pa sipoze ke yon gwo revelasyon, yon moman mèveye ki pote limyè, ouvèti yon wout ki enspire, se fen li. … Yon fwa w fin ilimine , se pou w fè atansyon a tantasyon pou retire kò w nanyon bon bagay. Si l te parèt jis pou ou lè w te priye osijè l la epi w te gen konfyans nan li epi w te aji an konsekans, enben, li jis kounyeya tou. Pa lage sa lè presyon yo ap monte. Sètènman, ou pa dwe sede bay èt sa a ki detèmine pou l detwi bonè w la. Afwonte dout ou yo. Metrize laperèz ou. ‘Pa abandone konfyans ou.’ [Ebre 10:35]. Rete sou wout la epi admire bote lavi ki devan w lan” (Pa abandone konfyans ou,” Ensign, Mas. 2000, 6–11).

Amelyore Ansèyman Nou

Ede manm yo jwenn verite yo nan ekriti yo. Anvan w envite manm klas la li yon pasaj ekriti, ou ta kapab mande yo pou yo chèche oswa konsidere yon bagay espesifik. Pa egzanp, yo ta kapab chèche yon bagay yo aprann konsènan Sovè a oubyen yon bagay yo ta renmen pataje avèk yon manm fanmi yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 21.)