Nouvo Testaman 2023
27 Novanm–3 Desanm. 1–3 Jan; Jid: “Bondye se Lanmou”


“27 Novanm–3Desanm. 1–3 Jan; Jid: ‘Bondye se Lanmou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2023 (2021)

“27 Novanm–3 Desanm. 1–3 Jan; Jid,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jezikri k ap souri pandan l chita avèk timoun k ap souri yo.

Amou pafè, pa Del Parson

27 Novanm–3 Desanm

1–3 Jan; Jid

“Bondye Se lanmou”

Ki tèm ak prensip ki atire atansyon w pandan w ap li 1–3 Jan ak Jid? Kijan w ka itilize yo pou ede manm klas ou a?

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite plizyè manm nan klas la pou yo pataje kèk tèm oswa verite espesifik ki te atire atansyon yo pandan yo t ap etidye Epit Jan ak Jid. Ki mesaj nan epit sa yo ki te pi apwopriye pou yo ak fanmi yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

1 Jan 1:5–10; 2:3–11; 3:1–3; 4:7–21; 5:1–3

Pè Selès la ak Jezikri se egzanp pafè sou limyè ak lanmou.

  • Kijan w ka ede moun w ap anseye yo rekonèt limyè ak lanmou Bondye nan lavi yo? Ou gen dwa kòmanse pa ekri mo limyè ak lanmou yo sou tablo a. Mande manm klas la pou yo pataje lòt mo ki vin nan tèt yo lè y ap panse avèk de mo sa yo. Apresa, chak manm nan klas la gen dwa etidye youn nan pasaj ekriti sa yo, pou yo chèche yon bagay vèsè yo anseye sou limyè oswa lanmou: 1 Jan 1:5–10; 2:3–11; 3:1–3; 4:7–12; 4:16–21; 5:1–3. Mande kèk nan yo pou yo pataje sa yo jwenn avèk klas la. Ou gen dwa envite manm klas la pou yo pataje eksperyans kote yo te santi limyè ak lanmou Bondye.

  • Ou gen dwa envite yo pou yo gade limyè nan plafon yo oubyen limyè k ap antre atravè yon fenèt epi di kisa yo konnen de limyè fizik. Nan ki fason limyè fizik la sanble ak limyè spirityèl la. Manm klas la gen dwa etidye bagay sa yo pou yo jwenn ide adisyonèl sou fason Bondye ak Pitit Gason Li an te mete limyè nan lavi nou: Sòm 27:1; Jan 1:4–5; 1 Jjan 1:5–7; 3 Nefi 11:11; Doktryn ak Alyans 88:6–13; ak yon kantik sou limyè, tankou “Christ est ma Lumière” (Cantiques, no. 50). Manm klas la ka pataje eksperyans lè yo te chèche epi yo te resevwa limyè espirityèl nan lavi yo.

1 Jan 2:18–23, 26–28; 4:3; 2 Jan 1:7–11; 3 Jan 1:9–11; Jid

Nou dwe “[rete] nan doktrin Kris la”.

  • Ansèyman Jan ak Jid sou apostazi kapab ede manm klas la panse sou fason pou yo kenbe lafwa yo nan Jezikri fò. Panse pou w envite mwatye nan klas la pou chèche deskripsyon fo ansèyman oubyen apostazi nan 1 Jan 2:18–23, 26–28; 4:3; 2 Jan 1:7–11; 3 Jan 1:9–11 epi lòt mwatye a chèche menm deskripsyon sa yo nan Jid. Oswa yo ta ka chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Ki jan Jan ak Jid defini yon anti-Kris? (gade tou Gid pou ekriti yo, “Antikrist,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Èske gen yon bagay nan vèsè sa yo ki sanble l aplike espesyalman ak difikilte n ap rankontre nan epòk nou an? Ki sa sa vle di “[rete] nan doktrin Kris la”? (2 Jan 1:9).

  • Jid itilize yon imaj enteresan pou l dekri fo enstriktè yo, oubyen moun k ap “pale mal sou sa yo pa konprann” yo (Jid 1:10). Ou gen dwa envite kèk manm nan klas la pou yo desine kèk nan bagay yo dekri nan Jid 1:12–13 yo sou tablo a, pandan lòt manm klas yo ap devine ki fraz moun nan ap desine a. Kijan imaj sa yo reprezante fo enstriktè ak antekris yo? Paregezanp, kijan pratik kowonpi yo se “gate manje pou [nou]”? Ki sa nou ka fè pou nou fòtifye tèt nou kont “moun k ap moke nou”? (gade Jid 1:18–21). Poukisa Jid te sigjere pou nou “gen konpasyon” (Jid 1:22) pou moun k ap moke levanjil yo?

Imaj
Yon fi k ap ede yon timoun li ekriti yo.

“Mwen paka pi byen kontan pase tande pitit mwen yo ap mache nan laverite” (3 Jan 1:4).

3 Jan 1:1–4

Nou gen lajwa lè nou ede lòt moun “mache nan laverite.”

  • Siman gen moun nan klas ou a ki ka konprann sa Jan te santi lè l te di li pa gen “pi gwo lajwa” pase lè l te tande Gaius (youn nan “pitit” li yo) t ap mache nan laverite. Li ta bon pou yo si yo youn ta tande eksperyans lòt. Petèt ou ta ka kòmanse li ansanm avèk yo 3 Jan 1:1–4 avèk ekriti nan “Resous Adisyonèl yo.” Kisa ekriti sa yo anseye nou sou sous vrè lajwa? Manm klas yo ta ka pale sou fason yo santi yo antanke paran, misyonè, dirijan nan Legliz la, oswa enstriktè lè yo konnen moun yo te anseye yo ap mache nan laverite. Ou gen dwa kontakte kèk ladan yo anvan klas la pou mande yo pou yo pote foto moun yo te ede al jwenn Kris la epi rakonte eksperyans yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Ekriti sou ede lòt moun mache nan laverite.

Amelyore Ansèyman Nou

Priye pou manm klas ou yo. Menmjan Sovè a te priye pou Pyè a (gade Lik 22:32), ou bezwen priye pou moun w ap anseye yo pa non yo, pandan w ap chèche konprann bezwen espesifik yo. Lè w fè sa, Papa nou ki nan Syèl la la ap “prepare kè yo” (Alma 16:16) epi l ap ede w konn sa pou anseye pou w ka reponn a bezwen yo (gade Anseye nan fason Sovè a6).