Nouvo Testaman 2023
20–26 Novanm. 1 ak 2 Pyè: “Rejwi Avèk yon Lajwa Endeskriptib e ki Ranpli Avèk Glwa”


“20–26 Novanm. 1 ak 2 Pyè: ‘Rejwi Avèk yon Lajwa Endeskriptib e ki Ranpli Avèk Glwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2023 (2021)

“20–26 Novanm. 1 ak 2 Pyè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jezikri ki ap preche levanjil la nan mond espri yo

Kris la ki ap Preche nan Mond Dèzespri a, pa Robert T. Barrett

20–26 Novanm

1 ak 2 Pyè

“Rejwi Avèk yon Lajwa Endeskriptib e ki Ranpli Avèk Glwa”

Sonje ke bi ou se pou anseye moun, se pa sèlman pou prezante yon leson. Pandan w ap li Epit Pyè yo; panse a kèk moun klas ou a. Ki prensip ki ap ede yo bati lafwa yo?

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ekri tit 1 Pyè ak 2 Pyè sou tablo a. Bay manm klas la tan pou yo revize chapit sa yo, epi envite yo pou yo ekri mo oubyen ekspresyon yo twouve k enpòtan nan chapit sa yo anba chak tit. Apre sa itilize lis yo pou w envite yo pou pataje ide yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

1 Pyè 1:3–9; 2:19–24; 3:14–17; 4:12–19

M ka jwenn lajwa pandan moman eprèv ak soufrans yo.

  • Yon fason pou revize konsèy Pyè a ki nan 1 Pyè 1:3–9; 2:19–24; 3:14–17; 4:12–19 se pou envite manm klas la pou yo panse a yon moun yo konnen ki ap travèse yon eprèv. Ba yo tan nan klas la pou yo ekri yon lèt voye bay moun sa a, lèt la dwe enkli verite ki soti nan vèsè sa yo ki tap ankouraje moun sa a (gade tou nan Doktrin ak Alyans 121:1–8; 123:17 Apre sa manm yo ta kapab pale de verite yo te chwazi yo.

1 Pyè 1:13–20; 2:1–12

Nou aple pou se noumenm ki “pèp Bondye a.“

  • Ansèyman Pyè yo nan 1 Pyè 1:13–20 ak 2:1–12 a kapab se yon rapèl enspiran sou jan Senyè a wè noumenm—Pèp Li a—ak sa Li atann de nou. Petèt ou ta kapab envite manm klas la pou yo chèche nan vèsè sa yo deskripsyon sou kisa “pèp Bondye a” vle di (1 Pyè 2:10) epi apre sa pou yo diskite sa yo jwenn. Ou ta kapab eksplike ke mo “patikilye” a nan 1 Pyè 2:9 vle di “achte” oubyen “prezève” (gade referansf). Kisa sa anseye nou sou jan Bondye santi L konsènan noumenm ak jan Li vle pou nou viv la?

1 Pyè 3:18–20; 4:6

Levanjil la preche bay mò yo pou yo ka gen yon jijman jis.

  • Premye epit Pyè genyen ladan l youn nan kèk grenn referans nan Bib la sou vizit Jezikri te fè nan mond espri yo apre lanmò L la—yon evenman ke revelasyon modèn ede nou konprann pi konplètman. Pou ede manm klas la apwofondi konpreyansyon yo sou mond espri a, ou ta kapab envite yo pou yo li ekriti sa yo epi pou yo ekri sa yo aprann sou tablo a: Jan 5:25; 1 Pyè 3:18–20; 4:6; Alma 40:7–14,21; Doktrin ak Alyans 138:11–32 (gade tou “Resous Adisyonèl.”) Poukisa li enpòtan pou nou okouran de vizit Sovè a te fè nan mond espri yo? Kijan konesans sa a afekte fason nou santi nou konsènan Bondye ak plan sali L la?

2 Pyè 1:1–11

Atravè pouvwa Jezikri, nou ka devlope nati divin nou.

  • Pou ankouraje moun w ap anseye yo nan efò yo pou yo vin pi sanble avèk Jezikri, ou ta kapab envite yo pou yo idantifye kalite kretyen yo dekri nan 2 Pyè1:1–11. Anvizaje ekri kalite sa yo sou tablo a epi mande manm klas la pou yo defini yo. Apre sa manm klas la ta kapab diskite kijan devlope yon nan kalite mennen nan devlope lòt kalite. Ba yo tan pou yo medite sou ki kalite yo ta renmen devlope pi konplètman an.

Imaj
yon tapisri ki tise konplike

Chak kalite kretyèn nou devlope ap ede nou tise yon tapisri disip espirityèl.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Travay redanmsyon mò yo rann temwayaj sou misyon Kris la.

Èldè D. Todd Christofferson te anseye:

“Ki desten bann milya moun ki pa ki te viv e lo te mouri san yo pa konnen anyen sou Jezi yo? Avèk Retablisman levanjil Jezikri a nou resevwa konpreyansyon sou fason mò ki pa batize yo rachte ak fason Bondye ka ‘yon Bondye pafè, ki jis, e yon Bondye plen mizèrikòd tou’ [Alma 42:15].

“Pandan L te vivan toujou, Jezi te pwofetize ke Li ta pral preche mò yo tou [gade nan Jan 5:25]. Pyè di nou sa te fèt nan entèval ant Krisifiksyon Sovè a ak Rezirèksyon l lan [gade nan 1 Pyè 3:18–19]. Prezidan Joseph F. Smith te wè nan yon vizyon ke Sovè a te vizite mond espri yo [gade nan Doktrin ak Alyans 138:30, 33]. …

“Sousi nou pou rachte mò yo, ak tan ak mwayen nou konsakre nan angajman sa a, se, anvan tout bagay, ekspresyon temwayaj nou konsènan Jezikri. Se deklarasyon ki pi puisan nou kapab fè konsènan karaktè ak misyon diven L lan. Li temwaye, premyèman, konsènan Rezirèksyon Kris la; dezyèmman, kondènan pouvwa enfini Sakrifis Ekspyatwa la la; twazyèmman, ke Li se sèl sous sali; katriyèmman, ke l tabli kondisyon pou moun jwenn sali; epi, senkyèmman, L ap vini ankò” (Redanmsyon Mò Yo ak Temwayj sou Jezi,” Ensign, Nov. 2000, 9–10).

Amelyore ansèyman nou

Anseye “poukisa.” “Pafwa manm elèv yo—sitou jèn yo—ap mande tèt yo ki rapò ki genyen ant prensip levanjil la e yomenm oubyen poukisa yo dwe obeyi kèk kòmandman. Men, si yo konprann plan etènèl Pè Selès la pou bonè pitit Li yo, rezondèt prensip levanjil la ak kòmandman yo ap vin pi klè pou yo epi motivasyon pou obeyi a ap ogmante” (Anseye nan Fason Sovè a20).