Nouvo Testaman 2023
13–19 Novanm. Jak: “Mete Pawòl la an Pratik, Pa Kontante Nou ap Koute l Sèlman“


“13–19 Novanm. Jak: ‘Mete Pawòl la an Pratik, Pa Kontante Nou ap Koute l Sèlman’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2023)

“13–19 Novanm. Jak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jèn k ap pwòpte yon miray

13–19 Novanm

Jak

“Mete Pawòl la an Pratik, Pa Kontante Nou ap Koute l Sèlman“

Anvan w li plan leson sa a, li Epit Jak la epi pote atansyon a enspirasyon w resevwa yo. Ki prensip ou twouve ki t ap beni ak edifye manm klas ou yo?

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite manm klas yo pou yo pataje vèsè nan Jak ki enspire yo pou yo “mete pawòl la an pratik” (Jak 1:22). Si sa pa twò pèsonèl, yo gen dwa eksplike tou sou kisa yo santi yo bezwen travay, endividyèlman oubyen antanke fanmi.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jak 1:5–6

Lè nou mande ak lafwa, Bondye bay jenerezman.

  • Prensip yo anseye nan Jak 1:5–6 yo te fè Joseph Smith viv yon eksperyans spirityèl ki chanje la vi li, epi yo ka beni nou chak nan yon sètèn fason. Petèt ou ta ka ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a epi mande manm klas yo pou yo reflechi sou yo an silans: Ki enfliyans Jak 1:5–6 te genyen nan lavi ou? Kisa eksperyans Joseph Smith avèk vèsè sa yo te anseye w sou chèche sajès konsènan pwòp kesyon pa w yo? (gade Joseph Smith—Istwa 1:10–17). Ki eksperyans ki te anseye w ke “temwayaj Jak la [se] verite”? (Joseph Smith—Istwa 1:26). Envite manm klas yo pou yo pataje panse yo lè yo fin medite sou kesyon sa yo.

  • Petèt manm klas yo ta ka refòmile Jak 1:5–6 la nan pwòp mo pa yo. Kijan sa ede yo konprann vèsè sa yo pi byen? Ou kapab vle diskite ansanm kisa kèk mo nan vèsè sa yo vle di.

Jak 1:2–4; 5:7–11

Si nou andire avèk pasyans, Senyè a ap dirije nou nan pèfeksyon.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou ansèyman Jak yo sou pasyans lan nan vèsè sa yo, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje eksperyans kote yo te oblije gen pasyans ak kisa yo te aprann apati eksperyans sa a. Apresa, yo ka gade nan Jak 1:2–4; 5:7–11 pou yo chèche prensip ki ka aplike pou eksperyans yo. Yo gen dwa chèche kèk prensip ki aplikab nan videyo “Pèsevere avèk pasyans” la nan (ChurchofJesusChrist.org) oubyen nan mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la ki rele “Pèsevere avèk pasyans” (Liahona, Me 2010, 56–59). Manm klas yo ta ka pataje sa yo te aprann konsènan pasyans pandan y ap aprann konnen Papa nou ki nan Syè la ak Sovè a. Kisa ki te ede nou devlope pasyans?

Jak 1:3–8, 21–25; 2:14–26

“Lafwa san zèv se yon lafwa ki mouri.”

  • Yon fason pou diskite sou ansèyman Jak yo sou lafwa ak zèv la se ta divize klas la an de gwoup—youn pou etidye poukisa lafwa mande aksyon epi lòt la pou chèche wè poukisa aksyon nou yo mande lafwa. Pou fè sa, yo ka li Matye 7:21–23; Jak 1:6–8, 21–25; 2:14–26; ak Joseph Smith—Istwa 1:19. Apresa, chak gwoup ta ka pataje sa yo jwenn epi diskite poukisa lafwa ak zèv nesesè.

    Imaj
    Abraram k ap priye deyò tant li a

    “Abraram te mete konfyans li nan Bondye, e li te resevwa l pou lajistis” (Jak 2:23). Abraram nan Plèn Mamre a, pa Grant Romney Clawson

  • Pou ede manm klas yo medite pi plis sou fraz memorab ki di “Lafwa san zèv se yon lafwa ki mouri” a (Jak 2:26), ou ka ekri fraz sa a sou tablo a: Lafwa san zèv se tankou san . Envite manm klas yo pou yo panse a fason kreyatif pou yo konplete fraz la, epi fè yo ekri ide yo genyen yo sou tablo a. Kisa nou ka fè pou n ka toujou kontinye aji sou lafwa nou nan Jezikri?

Jak 2:1–9

Antanke disip Jezikri, nou dwe renmen tout moun, kèlkeswa sikonstans yo.

  • Pou enspire manm klas yo pou yo montre amou kretyen pou tout moun kèlkeswa sitiyasyon oswa aparans moun nan, ou gen dwa mande yo pou yo chak pran tou pa yo pou yo li vèsè nan Jak 1:9–11; 2:1–10; 5:1–6yo. Diskite sou kesyon tankou sa a: Kisa sa vledi pou “fè patipri e pa aksepte tout moun”? (Jak 2:9). Poukisa nou pafwa trete moun ki gen lajan, renome, oubyen pouvwa diferan avèk moun ki pa gen bagay sa yo? Kijan nou ka evite trete lòt moun diferan baze sou sikonstans lavi yo? Nan ki fason disip fidèl Sovè a yo se moun ki reyèlman pi rich nan mond lan? (gade Jak 2:5).

Jak 3

Pawòl nou itilize gen pouvwa pou yo blese lòt moun oubyen pou fè yo byen.

  • Imaj puisan Jak te itilize yo kapab raple epi motive nou pou nou itilize mo—pale ak ekri—pou elve moun. Panse pou w envite manm klas yo pou yo fouye nan Jak 3, pou chèche imaj ki dekri ki fason langaj nou itilize ka blese oubyen beni lòt moun; kèk manm nan klas la gen dwa desine imaj sa yo. Kijan konparezon sa yo ilistre enstriksyon Jak yo nan chapit sa a? Paregzanp, kijan pawòl nou ka sanble ak dife? Petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans ki demontre pouvwa langaj sa a kapab genyen. Ou gen dwa envite yo reflechi sou fason yo ka aplike konsèy Jak bay la.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje yon anviwonman plen respè. “Ede manm klas ou a konprann ke yo chak gen yon enfliyans sou anbyans jeneral klas la. Ankouraje yo pou yo ede w etabli yon bèl atmosfè plen lanmou ak respè pou chak moun ka santi yo alèz pou pataje eksperyans yo, pou yo poze kesyon, ak rann temwayaj yo.” (Anseye nan fason Sovè a,15).