Nouvo Testaman 2023
25–31 Desanm. Revelasyon 15–22: “Moun Ki Ranpòte Laviktwa a Ap Eritye Tout Bagay”


“25–31 Desanm. Revelasyon 15–22: ‘Moun Ki Ranpòte Laviktwa a Ap Eritye Tout Bagay,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“25–31 Desanm. Revelasyon 15–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Jezikri ki ap salye moun nan Dezyèm Vini L lan

Site Etènèl la, pa Keith Larson

25–31 Desanm.

Revelasyon 15–22

“Moun Ki Ranpòte Laviktwa a Ap Eritye Tout Bagay”

Kisa batay ant byen ak mal la ke yo dekri nan Revelasyon an anseye w sou jan li enpòtan pou nou suiv Kris la isit sou tè a? Apre w fin medite sou prensip sa a, panse a bezwen manm klas ou yo. Ki verite nan Revelasyon ki ka ede yo fè bon chwa?

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Lè manm klas la rive nan fen etid yo sou Nouvo Testaman an, ankouraje yo pou yo pataje sa yo panse konsènan Nouvo Testaman an. Envite yo pou yo pataje kijan etidi ekritie yo ede yo konnen Jezekri pi byen kounyeya epi vin pi sanble avèk Li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Revelasyon 17–18

Nou dwe separe nou de mechanste mond lan.

  • li pa agreyab ditou pou nou li sou mechanste ak chit Babilòn nan Revelasyon 17–18, men sa enstriktif paske Babilòn kapab se yon senbòl mond mechan kote n ap viv jodi a. Petèt ou ta kapab divize chapit sa yo pami manm klas la epi mande yo pou yo chèche repons kesyon tankou sa yo: Poukisa moun yo atire pa Babilòm, oubyen bagay mond lan? Poukisa Babilòn danjere? Kisa ki ap rive Babilòn? Ki avètisman Jan te bay pou ede nou evite sò Babilòn?

  • Lè yo fin li Revelasyon 18:4, manm klas la ka diskite sou jan yo ka “retire kò yo nan Babilòn” epi “pa patisipe nan peche l yo.” Yo ta kapab pataje ekriti yo oubyen mesaj dirijan Legliz la ki ede yo reziste anba tantasyon Babilòn oswa mond lan. Panse pou w pase videyo “Dare to Stand Alone (Pa pè Kanpe Poukont ou” (ChurchofJesusChrist.org) oubyen li deklarasyon Èldè Quentin L. Cook la ki nan nan “Resous Adisyonèl yo.” Manm klas la ta kapab pataje ide sou jan pou yo aplike de prensip Èldè Cook te mansyone yo. Nan ki sans nou “retire kò nou” nan Babilòn? (gade, pa egzanp, nan Ezayi 52:11; Doktrin ak Alyans 25:10). Kisa nou ka fè pou ankouraje lòt moun pou yo fè menm bagay la?

Revelasyon 19–20

Nou ka prepare nou pou Dezyèm Vini Senyè a ak Jou Jijman an.

  • Souvan yo rele Dezyèm Vini Jezikri a “gran jou terib Senyè a” (Jowèl 2:31), epi dapre Revelasyon 19–20), sa sanble l se yon bon deskripsyon. Panse pou w ekri sou tablo a kèk nan evenman yo dekri nan Revelasyon 19:5–20:15. Envite manm klas yo pou yo chèche vèsè ki dekri evenman sa yo. Poukisa yo rele evenman sa yo gran ak terib? Kisa nou aprann nan vèsè sa yo konsènan Sovè a ak moun ki ap suiv Li yo? Kisa nou ka fè kounyeya pou nou ka pami moun ki pral rejwi nan moman vini L lan?

  • Pou enspire yon diskisyon sou liv lavi a ak jijman final, ou ta kapab envite manm klas ou a pou yo pliye yon fèy papye an kat pou yo kreye yon liv senp. Apre sa yo ta kapab li Revelasyon 20:12–15; 2 Nefi 9:14; 29:11 epi medite sou sa yo ta renmen ki pou ekri apwopode yomenm nan liv lavi a. Envite yo ekri bagay sa yo nan liv yo, epi envite kèk manm klas la pataje yon bagaym yo te ekri. Ki chwa nou ka fè kounyeya pou bagaysa yo ka ekri nan liv lavi a? Pou ede manm klas la pa santi yo dekouraje konsènan pwòp progrè espirityèl pa yo, anvizaje pataje konsèy ki soti nan mesaj Èldè Jeffrey R. Holland lan “Se Pou Nou Pafè—Alafen” (Lyawona, Nov. 2017, 40–42).

Imaj
Jezi avèk pèp ki nan limyè

The Last Judgemen (Dènye Jijman an), pa John Scott.

Revelasyon 21:1-22:5

Si nou fidèl, n ap resevwa laglwa selès.

  • Menm si yo pwofetize ke dènye jou yo ap ranpli avèk mechanste ak danje, rekonpans Jan te wè pou moun ki fidèl yo depase trè lwen tribilasyon ki vin anvan l . Pou ede manm klas yo eksplore bèl konklizyon sa a pou Revelasyonan, ou ta kapab envite yo pou yo revize Revelasyon 21:1–22:5, pandan y ap chèche fraz ki enspire yo pou yo fè efò pou laglwa selès la. Ki pwomès yo fè moun ki fidèl yo? Kijan deskripsyon sa a ede nou lè n ap travèse pwoblèm ak eprèv?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Chwazi ladwati olye de mechanste Babilòn.

Èldè Quentin L. Cook te anseye:

“Nou pa ka evite mond lan. Yon egzistans klwatre se pa solisyon an. Nan yon sans pozitif, patisipasyon nou nan mond lan fè pati defi nou e li endispansab si nou dwe devlope talan nou yo. …

… Manm Legliz yo bezwen enplike nan mond lan nan yon fason pozitif. Konsa, kijan nou balanse nesesite pou nou kontribye pozitivman a mond lan ak nesesite pou nou pa sikonbe anba peche mond lan? [Gade nan Doktrin ak Alyans 25:10; 59:9.] Gen de prensip ki ap fè yon diferans siyifikatif.

  1. Fè moun konnen w se yon Sen Dènye Jou angaje.

  2. Se pou w gen asirans osijè kwayans ou epi pratike yo” (Leson nan Ansyen Testaman an: Nan Mond lan Men Pa Fè Pati Mond lan,” Ensign, Fev. 2006, 54–55).

Amelyore Ansèyman Nou

Respekte libabit lòt moun. “Moun yo ka pi plis opere chanjman siyifikan nan lavi yo lè chanjman sa yo soti nan egzèse pwòp libabit yo. Lè w lanse yon envitasyon pou aji, asire ke w respekte libabit moun w ap anseye yo.(Anseye nan Fason Sovè a,35).