Nouvo Testaman 2023
10–16 Avril Matye 15–17; Mak 7–9: “Ou se Kris la”


“10–16 Avril. Matye 15–17; Mak 7–9: ‘Ou se Kris la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“10–16 Avril. Matye 15–17; Mak 7–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Transfigirasyon Kris la

Transfigirasyon an, pa Carl Heinrich Bloch

10–16 Avril

Matye 15–17; Mak 7–9

“Ou se Kris la”

Youn nan objektif prensipal ou kòm enstriktè se pou ede lòt moun bati lafwa yo nan Jezikri. Kenbe sa nan lespri w pandan w ap etidye ekriti yo semèn sa a. Kisa w jwenn ki ta ka ede manm klas la kwè nan Li pi plis?

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Yon fason w ka ankouraje manm klas la pou yo etidye ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi yo, se envite yo pataje chak semèn ki fason etid ekriti yo te ede yo resevwa revelasyon epi beni lavi yo. Paregzanp, kijan etid chapit sa yo te enfliyanse chwa yo te fè semèn sa a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Matye 16: 13–17

Yon temwayaj konsènan Jezikri vini atravè revelasyon.

  • Èske sa te rive nenpòt nan manm klas ou yo pou yo te eksplike yon moun kijan yo fè konnen levanjil la se verite? Nan Matye 16:13–17, kisa Sovè a te anseye sou fason nou resevwa yon temwayaj? Ou gen dwa pataje fason Alma te akeri temwayaj li a (gade nan Alma 5:45–46) oubyen kisa Senyè a te anseye Oliver Cowdery konsènan revelasyon (gade nan Doktrin ak Alyans 6:14–15, 22–23; 8:2–3). Kisa w panse Pyè oubyen Alma oubyen Oliver Cowdery te ka di si yon moun te mande yo kijan yo te fè konnen levanjil la vrè?

  • Gen dwa gen moun nan klas ou a k ap priye pou yo jwenn revelasyon pèsonèl, men yo pa konn kijan pou yo rekonèt li lè l vini. Nan HearHim.ChurchofJesusChrist.org, Ou kapab jwenn videyo kote dirijan Legliz yo pataje fason yo rekonèt vwa Senyè a. Ou ka gade youn oswa plizyè nan videyo sa yo avèk klas la epi pale sou sa videyo yo anseye konsènan resevwa revelasyon. Ki lòt ansèyman oswa ekriti klas ou a ka panse ki ta ka ede yon moun rekonèt revelasyon pèsonèl? (Paregzanp, gade 1 Wa 19:11–12; Galat 5:22–23; Enòs 1:1–8; Doktrin ak Alyans 6:22–24; 8:2–3; 9:7–9.)

Matye 16:13–19; 17:1–9

Kle Prètriz yo esansyèl pou sali nou.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou kle prètriz yo, ou gen dwa ekri referans konsa sou tablo a: Matye 16:19; Doktrin ak Alyans 107:18–20; 128:8–11; 132:18–19, 59; Istwa—Joseph Smith 1:72; ak “Kle Prètriz yo” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Apresa envite manm klas la pou yo li youn oswa plizyè nan pasaj yo epi pataje yon bagay yo aprann ladan yo sou kle prètriz yo. Poukisa nou bezwen kle prètriz yo?

  • Pou ede manm klas la ranfòse temwayaj yo de retablisman kle prètriz yo nan dènye you yo, ou gen dwa mande mwatye nan klas la pou etidye Matye 17:1–9 epi lòt mwatye a pou etidye Doktrin ak Alyans 110. Apresa youn gwoup ka pataje sa yo aprann avèk lòt, epi note resanblans ant de istwa yo. Videyo “Kle Prètriz yo: Retablisman kle Prètriz yo” nan (ChurchofJesusChrist.org) la ta ka ede tou.

Imaj
estati Pyè ki kenbe kle yo

Kle prètriz yo se otorite pou dirije itilizasyon prètriz la.

Mak 9:14–30

Lè n ap chèche pi gran lafwa, nou kòmanse avèk lafwa nou genyen an.

  • Èldè JeffreyR. Holland te itilize istwa yon papa ki t ap chèche gerizon pou pitit gason li pou l te montre nou kijan nou ta dwe apwoche Senyè a lè nou santi lafwa nou pa ase (gade nan “Senyè, mwen kwè,” Liahona, Me 2013, 93–95). Apre lekti Mak 9:14–30 nan klas la, ou gen dwa diskite ansanm twa remak Eldè Holland (gade “Resous Adisyonèl yo”).

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Twa obsèvasyon pou ede nou gen plis lafwa.

Apre l fin rakonte istwa ki nan Mak 9:14–29la ankò, Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Premye bagay yon moun remake nan istwa sa a sèke, lè l te anfas defi lafwa a, papa a te afime fòs li toudabò epi se sèlman apre sa li te rekonèt limitasyon li. Premye deklarasyon l lan afimatif e san ezitasyon: ‘Senyè, mwen kwè.’ Mwen ta renmen di tout moun ki anvi gen plis lafwa, sonje mesye sa a! Nan moman krent oubyen dout oubyen tan difisil, kanpe sou teren w deja genyen an, menmsi teren sa a limite. …

“Dezyèm obsèvasyon an se yon varyasyon premye a. Lè pwoblèm vini epi kesyon leve, pa kòmanse rechèch lafwa w la nan di ki kantite ou pa genyen, pa kòmanse avèk enkwayans’ ou … M pa mande w pou w pretann ou gen yon lafwa ke w pa genyen. M ap mande w pou w fidèl nan lafwa ou genyen an. …

“Dènye obsèvasyon an: Lè dout oubyen difikilte vini, pa pè mande èd. Si nou vle l enbleman ak onètman menmjan ak papa sa a, nou kapab jwenn li” (“Senyè Mwen Kwè,” Liahona, Me 2013, 93–94).

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki envite moun rann temwayaj. Lè w poze kesyon ki ankouraje manm klas yo rann temwayaj yo, sa ka yon mwayen efikas pou envite Lespri a. Paregzanp, lè w ap diskite sou Matye 16:13–17la, ou gen dwa mande, “Kisa nou aprann sou Sovè a ki ranfòse temwayaj nou nan li kòm Sovè a?” (Gade nan Anseye nan fason Sovè a,32.)