Nouvo Testaman 2023
17–23 Avril. Matye 18; Lik 10: “Kisa m Dwe Fè pou m Eritye Lavi Etènèl?”


“17–23 Avril. Matye 18; Lik 10: ‘“Kisa m Dwe Fè pou m Eritye Lavi Etènèl?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“17–23 Avril. Matye 18; Lik 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Bon Samariten an

Bon Samariten an, pa Dan Burr

17–23 Avril.

Matye 18; Lik 10

“Kisa m dwe fè pou m eritye lavi etènèl?”

Li Matye 18 ak Lik 10, epi ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Lè w resevwa enpresyon yo, ou gen dwa mande, jan Èldè Richard G. Scott te sigjere a, “Èske gen plis bagay m ta dwe konnen?” (“Apprendre à être guidé spirituellement,” Liahona, Nov. 2009, 8).

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Chapit sa yo gen anpil egzanp ansèyman levanjil ki diferan avèk sa mond lan ap anseye nou yo. Petèt manm klas yo ta ka pataje kèk egzanp yo te jwenn nan lekti yo semèn sa a. Kijan Senyè a beni nou lè nou aplike ansèyman Li yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Matye 18:21–35

Nou dwe padone lòt moun pou n ka resevwa padon nan men Senyè a.

  • Kijan w ta ka itilize parabòl sèvitè san pitye a pou anseye manm klas yo pou yo pi padonan? Petèt ou gen dwa ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a epi envite yo medite sou yo pandan yon moun ap rakonte parabòl la: Kiyès wa a reprezante? Kiyès sèvitè san pitye a reprezante? Kiyès konpayon sèvis la reprezante? Kisa dèt yo reprezante? Envite manm klas yo pou yo pataje ki mesaj parabòl la genyen pou yo pèsonèlman. (Gade nan “Resous Adisyonèl” yo tou).

  • Ou gen dwa envite yo pou yo kreye yon adaptasyon sou parabòl sèvitè san pitye a ki anseye menm leson yo sou padon, kote y ap itilize sitiyasyon ak detay epòk pa nou an. (Panse pou w fè yo travay sou sa an gwoup.) Pale sou fason parabòl la te reponn kesyon Pyè te genyen konsènan konbyen fwa l ta dwe padone a.

Imaj
ansyen pyès lajan

Jezikri te pale konsènan lajan ak dèt pou l te anseye sou padon.

Lik 10:25–37

Pou nou jwenn lavi etènèl, nou dwe renmen Bondye ak pwochen nou.

  • Men yon ide ki ta ka bay manm klas yo yon nouvo vizyon sou parabòl bon Samariten an: Envite yo pou yo pretann ke y ap mennen yon ankèt sou yon zak vyolans ak vòl sou chemen ant Jeriko ak Jerizalèm nan. Mande kèk manm nan klas la pou yo prepare pou yo reprezante diferan moun nan parabol la epi pou yo pale konsènan enplikasyon yo nan ka a. Paregzanp, site kèk rezon prèt la ak levit la pat sispan ede mesye ki blese a? Poukisa Samariten an te sispann? Ki remak mèt otèl la ta ka ajoute? Kijan mesye blese a ta dwe santi l konsènan chak lòt moun yo? Asire w ke diskisyon an pouse manm klas yo pou yo vin tankou bon Samariten an ak mèt otèl la epi pou yo evite vin tankou prèt la ak Levit la.

  • Kijan parabòl bon samariten an reponn kesyon Jezi te poze yo nan Lik 10:25–29? Envite manm klas yo pou yo pale sou moman lè yo te santi yo tankou “mesye sa a” (vèsè 30) ki te bezwen èd dezespereman. Kòman èd la te vini? Ki fason noumenm, antanke manm yon pawas, ka travay ansanm pou ede lòt moun, tankou bon Samariten an ak mèt otèl la te fè a?

Lik 10:38–42

Nou chwazi “bon pati a” si chak jou nou fè chwaki mennen nan lavi etènèl.

  • Apre nou fin li Lik 10:38–42 a ansanm, ou ta ka mande manm klas yo kijan yo t ap reyaji ak konsèy Sovè a si yo te nan plas Mata. Kòman eksperyans sa a ta ka efekte chwa yo alavni? Kijan nou kapab konnen ki bagay nan pwòp lavi nou ki merite plis tan ak atansyon? Manm klas yo gen dwa chache nan mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Bon, Pi Bon, Pi Bon Toujou” (Liahona, Nov. 2007, 104–8) pou yo jwenn konsèy ki kapab ede yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Dèt nan parabòl sèvitè san pitye a.

Nan yon kòmantè sou dèt ki dwe nan parabòl sèvitè san pitye a, Èldè Jeffrey R. Holland te di:

“Gen kèk diferans opinyon nan mitan entelektyèl yo konsènan valè monetè ki mansyone la a—e, eskize m pou referans a lajan ameriken an—men, pou fasilite kalkil la, ann di si ti dèt enpadonab 100-goud la te koresponn a 100 dola nan epòk pa nou an, enben, dèt 10.000-talan an yo te anile si fasil la t ap apeprè $1-bilyon—oswa plis!

“Kòm yon dèt pèsonèl, sa se yon kantite astwonomik—ki totalman depase konpreyansyon. (Pa gen moun ki ka achte anpil konsa!) Bon, pou objektif parabòl sa a, li sipoze enkonpreyansib; li sipoze ale odela kapasite nou pou nou kapte li, san pale de enkapasite nou pou nou ranbouse dèt la. Se paske se pa yon istwa sou de sèvitè k ap diskite nan Nouvo Testaman an. Se yon istwa sou noumenm, tout fanmi imen dechi a—mòtèl ki nan dèt, transgresè, ak prizonye. Nou chak gen dèt, e santans la sete prizon pou nou chak. E nou tout t ap rete kote sa a si se pa t pou gras yon Wa ki libere nou paske Li renmen nou epi Li ‘sansib avèk konpasyon pou nou’ [Doktrin ak Alyans 121:4]” (“Se Pou Nou Pafè—Alafen,” Liahona, Nov. 2017, 41).

Amelyore ansèyman nou

Suiv egzanp Sovè a. Pandan w ap li istwa sou ansèyman Sovè a nan Nouvo Testaman an, chèche leson nan egzanp li ki ka ede w vin yon pi bon enstriktè. Paregzanp, nan Lik 10:25–37, kisa Jezikri te fè pou l te anseye doktè lalwa a kijan pou l gen lavi etènèl?