Vini, Suiv Mwen
13–19 Avril. Mozya 1–3: “Ranpli avèk lanmou pou Bondye ak pou tout moun”


“13–19 Avril. Mozya 1–3: ‘Ranpli avèk lanmou pou Bondye ak pou tout moun’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“13–19 Avril. Mozya 1–3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2020

Imaj
Wa Benjamen ap anseye pèp li a

Minerva K. Teichert (1888–1976), Diskou Orevwa Wa Benjamen an, 1935, penti aluil sou masonite, 36 x 48 pous. Inivèsite Atistik Brigham Young

13–19 Avril

Mozya 1–3

“Ranpli avèk lanmou pou Bondye ak pou tout moun”

Gen anpil prensip nan Mozya 1–3 la w ta ka diskite avèk klas ou a. Priye pou gidans pou w ka konn ki prensip ki ap pi enpòtan pou moun w ap anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou bay manm klas yo yon chans pou yo pale konsènan etid pèsonèl oswa familyal yo te fè nan Mozya 1–3 a,envite yo pataje avèk yon lòt moun yon vèsè you twouve ki enspiran.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Mozya 2:1–9

Resevwa pawòl Bondye a mande preparasyon.

  • Yon fason pou kòmanse yon diskisyon konsènan preparasyon pou resevwa pawòl Bondye a kapab pou pale sou konsekans preparasyon—oubyen mank preparasyon—pou lòt bagay. Paregzanp, manm klas yo ta ka pataje eksperyans sou fason preparasyon oubyen mank preparasyon te afekte yon eksperyans yo te fè nan lekòl oswa nan travay oswa nan kèk lòt aktivite. Apre yo fin pale, ou ka envite mwatye klas la pou yo li Mozya 2:1–9, pou yo chèche wè kisa pèp Wa Benjamen an te fè pou te prepare yo pou yo te resevwa pawòl Bondye a. Lòt mwatye a ta ka gade nan menm vèsè yo pou chèche wè kisa Wa Benjamen te fè ki montre jan l te santi l osijè pawòl Bondye a ak nesesite pou pataje li. Apresa mande chak gwoup pou pataje ide yo. Kisa nou ka aprann apati vèsè sa yo ki ka ede nou resevwa pawòl Bondye a?

Mozya 2:10–26

Lè nou sèvi lòt moun, se Bondye n ap sèvi tou.

  • Wa Benjamen sete yon sèvitè egzanplè pou Bondye ak pou moun ki te bò kote li. Kisa manm klas ou yo ka aprann de li pou ede yo nan efò yo pou sèvi lòt moun? Panse pou w kòmanse diskisyon an nan mande manm klas yo pou yo fè lis obstak moun rankontre nan rann lòt moun sèvis—tankou rezon k fè nou pa sèvi oubyen rezon k fè sèvis nou pa osi itil ke l ta dwe ye. Apresa yo ka etidye Mozya 2:10–26 epi drese yon lis sou verite Wa Benjamen te anseye konsènan sèvi lot moun ki ka ede yo simonte obstak ki nan lis yo a. Kisa moun yo ak fanmi yo ka fè pou konsantre yo sou sèvis nan lavi kotidyèn yo? Anvizaje pataje istwa sa pa Prezidan Thomas S. Monson nan “Resous Adisyonèl” la kòm yon sigjesyon.

  • Yon kantik tankou “[Je rencontrais sur mon chemin]” ( Cantiques, no. 29) oswa yon videyo tankou “The Old Shoemaker [L‘Ancien Cordonnier]” (ChurchofJesusChrist.org ta ka ranfòse mesaj nou jwenn nan Mozya 2:17 la—lè n ap sèvi lòt moun, se Bondye n ap sèvi. Kijan nou ka itilize resous sa yo pou ranfòse mesaj Wa Benjamen an? Petèt manm klas yo ka pataje eksperyans yo te fè nan sèvi lòt moun oswa resevwa sèvis kretyen yon lòt moun. Kòm yon pati nan diskisyon w lan, anvizaje pataje sitasyon sa de Prezidan Henry B. Eyring: “Lè nou pote sekou pou nenpòt moun, Sovè a santi tankou si nou te lonje men poi nou sekouri li (“Eske sa se pa Jèn mwen chwazi a?Ensign oswa Lyawona, Me 2015, 22). Poukisa w panse n ap sèvi Bondye lè nou sèvi lòt moun?

Imaj
de fi k ap bay akolad

Sèvi lòt moun ede nou santi lanmou Bondye.

Mozya 2:38–41

Bonè soti nan kenbe kòmandman Bondye yo.

  • Pou ede manm klas yo “konsidere benediksyon ak bonè moun yo ki respekte kòmandman Bondye yo,” li ta bon pou w ta kòmanse avèk yon definisyon sou bonè. Kijan yo t ap dekri bonè ki soti nan obeyi Bondye? Petèt yo ta ka imajine ke yo gen yon zanmi ki di l gen lajwa san l pa respekte kòmandman yo. Envite yo pou yo li Mozya 2:38–41 epi diskite kijan yo ta ka ede zanmi yo a konprann diferans ant bonè mond lan ak bonè etènèl. Ki eksperyans oswa egzanp nan lavi moun yo ta ka pataje pou bay egzanp bonè etènèl?

Mozya 3:1–20

Sali vini sèlman “atravè non Kris la, Senyè a.”

  • Mesaj Wa Benjamen an enkli pwofesi puisan ak detaye sou nesans, ministè, ak sakrifis ekspyatwa Jezikri a. Ou ka mande manm klas yo pou yo pataje vèsè nan Mozya 3:1–20 an ki patikilyèman enpresyone yo epi ki ede yo konprann Sovè a ak misyon li. Mande yo pou yo di poukisa vèsè sa yo enpresyone yo.

  • Entwodiksyon Liv Mòmon an anseye ke liv la “dekri plan sali a.” Pou ede manm klas yo wè kijan diskou Wa Benjamen an ede akonpli objektif sa a nan Liv Mòmon an, ou ta ka ekri sou tablo a Jezikri rann sali posib. Yo ta ka repase Mozya 3:1–20, epi apresa oumenm oubyen yomenm ta ka fè yon lis sou tablo a ki dekri verite yo aprann sou plan sali a. Mande manm klas la kisa yo aprann sou fason Jezikri rann plan sali a posib. Apresa ba yo tan pou yo repase Mozya 3:18–19 epi di kisa nou dwe fè pou n vin sen ak pou n resevwa sali. Kijan Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ede nou akonpli bagay sa a? Mande manm klas yo pou yo pataje santiman yo sou wòl Sovè a nan plan sali a.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Eske manm klas ou yo konn janm fè yon eksperyans kote yon doktrin yo te anseye nan yon diskou, yon leson, oswa yon ekriti te chanje yo? Di yo ke nan Mozya 4–6 la, yo pral li konsènan efè espektakilè verite Wa Benjamen te anseye yo te genyen sou pèp li a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Sèvi lòt moun.

Prezidan Thomas S. Monson te di:

“Sa gen kèk ane m te li yon atik Jack McConnell, MD te ekri. Li te grandi nan kolin Sidwès Vijini yo nan Etazini, pitit youn nan sèt pitit yon pastè Metodis ak yon manman ki te rete lakay li. Yo te nan sitiyasyon gwo povrete. Li rakonte ke, pandan anfans li, chak jou fanmi an te chita sou tab pou yo te manje, papa l te mande yo chak youn apre lòt, ‘Kisa nou te fè pou yon moun jodia?‘ Timoun yo te detèmine pou yo fè yon bon aksyon chak jou pou yo te ka di papa yo ke yo te ede yon moun. Dr. McConnell rele egzèsis sa a eritaj ki pi presye papa l te ba yo, paske atantsa a ak pawòl sa yo te enspire limenm ak frè l ak sè l yo pou yo te ede lòt moun pandan tout lavi yo. Amezi yo t ap grandi rive nan matirite, motivasyon yo pou rann sèvis la te chanje vin tounen yon dezi andedan yo pou ede lòt moun.

“Anplis karyè medikal ekstraòdinè Dr. McConnell … li te kreye yon òganizasyon li rele Volontè nan Medsin, ki bay pèsonèl medikal retrete yo yon chans pou yo fè volontarya nan klinik sèvis gratis pou travayè san asirans. Dr. McConnell te di tan lib li depi l te retrete a te ‘vin tounen 60-èdtan travay pa semèn san peye, men nivo enèji [li] te ogmante epi gen yon satisfaksyon nan lavi [l] ki pa t egziste anvan.‘ [Jack McConnell, “Epi kisa w te fè pou yon moun jodia?” Newsweek, 18 Jen, 2001, 13.] …

“Natirèlman, nou tout pa ka tankou Dr. McConnell, ap fonde klinik medikal pou n ede pòv; men, bezwen lòt moun yo ap toujou prezan, epi nou chak ka fè yon bagay pou ede yon moun. …

“Frè m ak sè m yo, nou antoure avèk moun ki bezwen atansyon nou, ankourajman nou, sipò nou, rekonfò nou, jantiyès nou—keseswa manm fanmi nou, zanmi, relasyon nou, oswa etranje. Nou se men Senyè a isit la sou tè a, avèk manda pou nou sèvi ak ede pitit li yo. Li konte sou nou chak. … Se pou nou poze tèt nou kesyon ki te konn akeyi Dr. Jack McConnell ak frè l ak sè l yo chak swa nan moman dine a: ‘Kisa m te fè pou yon moun jodia?’“ Kisa m te fè pou yon moun jodia?Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2009, 84–87).

Amelyore Ansèyman Nou

Se pou w yon enstriman Lespri a. Objektif ou antanke enstriktè se pa pou w fè yon prezantasyon men pou w ede lòt moun santi enfliyans Sentespri a—ki se vrè enstriktè a. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 10.)